< Ezayi 54 >
1 “Chante, O esteril la! Ou menm ki pa t kapab fè pitit! Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò, ou menm ki pa t gen doulè ansent lan! Paske fis fanm abandone an va depase fis a fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.
Веселися ж, неплі́дна, яка не родила, співа́нням утішайся й радій, що мук породі́льних не мала, бо в покиненої буде більше синів від синів заміжньо́ї, говорить Господь!
2 “Agrandi anplasman tant ou; lonje rido lakay ou, pa ralanti! Fè kòd yo pi long e fòtifye pikèt yo.
Пошир місце наме́ту свого́, а заві́си наме́тні поме́шкань твоїх повитяга́й, не затри́муй! Свої шнури продо́вж, а кіло́чки свої позміцня́й!
3 Paske ou va gaye toupatou, ni adwat, ni agoch. Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo. Yo va rete ankò nan vil abandone yo.”
Бо право́руч і ліво́руч поши́ришся ти, а насіння твоє одіди́чать наро́ди, і заселять міста́ опусто́шені.
4 “Pa pè, paske ou p ap vin wont. Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi. Ou p ap sonje wont jenès ou ak repwòch tankou vèv. Sa va bliye nèt.
Не бійся, бо со́рому ти не зазнаєш, і не соро́мся, бо не будеш засти́джена, бо про сором свого юна́цтва забудеш, а га́ньби уді́вства свого́ ти не будеш уже пам'ятати!
5 Paske mari ou se Kreyatè ou a; yo rele L SENYÈ dèzame yo. Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. Yo rele Li Bondye a tout latè a.
Бо Муж твій, Творе́ць твій, — Господь Саваот йому Йме́ння, а твій Викупи́тель — Святий Ізраїлів, — Він Богом усієї землі буде зва́ний!
6 Paske SENYÈ a te rele ou kon yon madanm abandone e atriste nan lespri, menm kon yon madanm nan jenès li lè l abandone,” di Bondye ou.
Бо Господь був покликав тебе, як поки́нуту жінку й засму́чену духом, й як жінку юна́цтва Свого, як була ти відки́нена, каже твій Бог.
7 “Pou yon ti tan kout, Mwen te kite ou; men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.
На хвильку малу́ Я тебе був покинув, але з милосердям великим тебе позбира́ю.
8 Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman, men ak lanmou dous ki p ap janm fini an, Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.
У за́палі гніву Я сховав був обличчя Своє на хвилину від тебе, та вічною милістю зми́луюся над тобою, каже твій Викупи́тель, Госпо́дь.
9 “Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo. Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò, konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou, ni ke Mwen p ap repwoche nou.
Бо для Мене оце — мов ті Но́єві во́ди: як Я присягнув був, що Но́єві во́ди не при́йдуть уже над землею, так Я присягну́в, щоб на тебе не гні́ватися й не карта́ти тебе!
10 Paske mòn yo kapab deplase, e kolin yo ka disparèt, men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou. Ni akò lapè Mwen p ap soti menm,” di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.
Бо зру́шаться го́ри й холми́ захита́ються, та милість Моя не віді́йде від тебе, і заповіт Мого миру не захита́ється, каже твій милости́вець, Господь.
11 O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san konsolasyon an; gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl ki fèt pou bijou bèl koulè yo, epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.
Моя до́чко убога та бурею гнана, невті́шна, — ось камі́ння твої покладу́ в малахі́ті, основи ж твої закладу́ із сапфі́рів!
12 Anplis, Mwen va fè ranpa ou ak bijou ribi, pòtay nou yo ak pyè kristal, e tout miray ou yo ak pyè presye.
І пороблю́ із рубі́ну карні́зи твої, твої ж брами — з каміння карбу́нкула, а всю горо́жу твою — з дорогого камі́ння.
13 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a; pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.
Всі сини твої стануть за у́чнів Господніх, і спо́кій глибокий настане синам твоїм!
14 Nan ladwati, ou va etabli; ou va rete lwen opresyon, paske ou p ap gen lakrent. Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.
Будеш міцно поста́влена праведністю, стань дале́ко від у́тиску, бо не боя́тимешся, і від стра́ху, бо до тебе не збли́зиться він.
15 Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti. Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.
Коли́ хто чіпля́тися буде до тебе, то це не від Мене, хто чіпля́тися буде до те́бе, той перед тобою впаде́.
16 “Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon ki pou soufle dife chabon an, e fè sòti yon zam pou travay li. Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.
Отож, Я створив коваля́, який дме на огонь із вугі́лля, і виро́блює збро́ю свого ремесла́; і вигу́бника теж Я створив, який нищить ту збро́ю.
17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.
Жодна збро́я, що зро́блена буде на тебе, не матиме у́спіху, і кожні́сінького язика́, який стане з тобою до су́ду, осудиш. Це спа́дщина Господніх рабів, а їхнє оправда́ння від Мене, говорить Госпо́дь!