< Ezayi 51 >

1 “Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a, k ap chache SENYÈ a: Gade vè wòch sou sila nou te taye a, vè min wòch kote nou te retire a.
Čujte me, vi koji za pravdom težite, koji Jahvu tražite; pogledajte stijenu iz koje ste isječeni i jamu duboku iz koje ste izvađeni.
2 Gade vè Abraham, papa nou an ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”
Pogledajte oca svoga Abrahama i Saru koja vas porodi! Jest, sam bijaše kad sam ga pozvao, al' sam ga blagoslovio i umnožio.”
3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.
Jest, Jahvi se sažalio Sion, sažalile mu se njegove razvaline. Pustaru će njegovu učiniti poput Edena, a stepu poput Vrta Jahvina. Klicanje i radost njim će odjekivat', i zahvalnice i glas hvalospjeva.
4 “Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an; paske yon lwa va sòti nan Mwen e Mwen va poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.
“Pomno me slušaj, puče moj, počujte me, narodi! Jer od mene Zakon dolazi i moje pravo za svjetlo narodima.
5 Ladwati Mwen toupre a. Sali Mwen te voye deyò. Se bra M kap jije pèp yo. Peyi kot yo va tann Mwen, e bra M va jije pèp yo.
Brzo će stići pravda moja, moje će spasenje doći kao svjetlost. Moja će mišica suditi narodima. Mene očekuju otoci i u moju se mišicu uzdaju.
6 Leve zye nou vè syèl la e gade anba vè latè; paske syèl la va disparèt tankou lafimen; latè va epwize tankou yon vètman. Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri; men delivrans Mwen va la jis pou tout tan, e ladwati Mwen p ap janm sispann.
K nebu oči podignite, na zemlju dolje pogledajte. K'o dim će se rasplinut' nebesa, zemlja će se k'o haljina istrošit', kao komarci nestat će joj žitelji. Ali će spasenje moje trajati dovijeka, i pravdi mojoj neće biti kraja.
7 “Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo. Pa pè repwòch a lòm, ni dekouraje lè y ap meprize nou.
Poslušajte me, vi koji poznajete pravo, narode kojima je moj Zakon u srcu. Ne bojte se poruge ljudske, ne plašite se uvreda!
8 Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, e mit va manje yo tankou len. Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”
Jer moljac će ih razjesti kao haljinu, crv će ih rastočiti kao vunu. Ali će pravda moja trajati dovijeka i spas moj od koljena do koljena.”
9 “Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?
Probudi se! Probudi se! Opaši se snagom, mišice Jahvina! Probudi se, kao u dane davne, za drevnih naraštaja. Nisi li ti rasjekla Rahaba i probola Zmaja?
10 Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a, dlo yo a gran fon an; ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?
Nisi li ti isušila more, vodu velikog bezdana, i od dubine morske put načinila da njime prolaze otkupljeni?
11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen; vini ak gwo kri lajwa a Sion yo. Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo. Yo va jwenn kè kontan ak lajwa, e tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.
Vratit će se oni što ih je oslobodio Jahve i s radosnim kricima doći će na Sion. Vječna će sreća biti nad glavama, pratit će ih klicanje i radost, nestat će tuge i jecaja.
12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?
Ja, ja sam tješitelj vaš. Tko si ti da se bojiš smrtna čovjeka i sina čovječjeg, koji je kao trava?
13 Èske ou te bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, ki te rale ouvri syèl yo e te poze fondasyon latè yo? Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, pandan l ap prepare pou detwi? Men ki kote kòlè opresè sila a?
Zaboravio si Jahvu, svoga Stvoritelja, koji razastrije nebesa i koji zemlju utemelji; sveudilj strepiš, svaki dan, od tlačiteljeve jarosti. Kao da je pregnuo da te uništi. Ali gdje je sad jarost tlačiteljeva?
14 Toutalè egzile a va libere. Li p ap mouri nan kacho a, ni li p ap manke pen.
Doskora će biti slobodan sužanj, neće umrijeti u jami, niti će mu kruha nedostajati.
15 Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a, ki fè boulvèse lanmè a, Ki fè lanm li yo gwonde. SENYÈ dèzame yo se non Li.
Jer, ja sam Jahve, Bog tvoj, koji burkam more da mu valovi buče, ime mi je Jahve nad Vojskama.
16 Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen, pou etabli syèl yo, fonde latè a e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’”
Svoje sam ti riječi stavio u usta, u sjenu svoje ruke sakrio sam te kad sam razastro nebesa, utemeljio zemlju i rekao Sionu: “Ti si narod moj!”
17 Leve ou menm! Leve ou menm! Kanpe, O Jérusalem! Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. Gode ki pou fè ou kilbite a, ou fin bwè jis rive nan kras anba l.
Probudi se, probudi se, ustani, Jeruzaleme! Ti koji si pio iz ruke Jahvine čašu gnjeva njegova. Ispio si pehar opojni, do dna ga iskapio.
18 Nanpwen moun ki pou gide fi a pami tout fis li te fè yo, ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen pami tout fis li te leve yo.
Od svih sinova koje je rodio ne bješe nikog da ga vodi; od svih sinova koje je podigao ne bješe nikog da ga pridrži.
19 Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— se kilès ki va kriye pou ou?— devastasyon ak destriksyon, gwo grangou, ak nepe. Kijan pou m ta konsole ou?
Ovo te dvoje pogodilo - tko da te požali? - pohara i rasap, glad i mač - tko da te utješi?
20 Fis ou yo vin endispoze; yo kouche atè sou pwent a chak ri, tankou antilòp ki kenbe nan pèlen. Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a, ak repwòch Bondye ou a.
Sinovi ti leže obamrli po uglovima svih ulica, kao antilopa u mreži, puni gnjeva Jahvina, prijetnje Boga tvojega.
21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki aflije, ki sou, men pa avèk diven:
Zato čuj ovo, bijedniče, pijan, ali ne od vina.
22 Konsa pale Senyè ou a, SENYÈ a, menm Bondye ou, ki pran plede kòz pou pèp Li a: “Gade byen, Mwen te retire tas kilbite a, gode kòlè Mwen an soti nan men ou; ou p ap janm bwè l ankò.
Ovako govori Jahve, Gospod tvoj, tvoj Bog, branitelj tvoga naroda: “Iz ruke ti, evo, uzimam čašu opojnu, pehar gnjeva svojega: nećeš ga više piti.
23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo, ki te di nanm ou: ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’. Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a; tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”
Stavit ću je u ruke tvojim tlačiteljima, onima koji su ti govorili: 'Prigni se da prijeđemo!' I ti si im leđa kao tlo podmetao, kao put za prolaznike.

< Ezayi 51 >