< Ezayi 5 >

1 Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li. Byeneme m nan te gen yon chan rezen sou yon kolin byen fètil.
わたしはわが愛する者のために、そのぶどう畑についてのわが愛の歌をうたおう。わが愛する者は土肥えた小山の上に、一つのぶどう畑をもっていた。
2 Li te fouye toupatou li, retire wòch li yo, e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. Li te bati yon fò nan mitan l, e te fouye yon basen diven ladann. Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
彼はそれを掘りおこし、石を除き、それに良いぶどうを植え、その中に物見やぐらを建て、またその中に酒ぶねを掘り、良いぶどうの結ぶのを待ち望んだ。ところが結んだものは野ぶどうであった。
3 Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
それで、エルサレムに住む者とユダの人々よ、どうか、わたしとぶどう畑との間をさばけ。
4 Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
わたしが、ぶどう畑になした事のほかに、何かなすべきことがあるか。わたしは良いぶどうの結ぶのを待ち望んだのに、どうして野ぶどうを結んだのか。
5 Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a: Mwen va retire kloti li e li va brile; Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
それで、わたしが、ぶどう畑になそうとすることを、あなたがたに告げる。わたしはそのまがきを取り去って、食い荒されるにまかせ、そのかきをとりこわして、踏み荒されるにまかせる。
6 Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.
わたしはこれを荒して、刈り込むことも、耕すこともせず、おどろと、いばらとを生えさせ、また雲に命じて、その上に雨を降らさない。
7 Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. Konsa, Li t ap chache jistis; men olye sa Li te jwenn san vèse; pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.
万軍の主のぶどう畑はイスラエルの家であり、主が喜んでそこに植えられた物は、ユダの人々である。主はこれに公平を望まれたのに、見よ、流血。正義を望まれたのに、見よ、叫び。
8 Malè a sila ki ogmante kay sou kay ak chan a sou lòt chan, jiskaske pa gen plas, pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
わざわいなるかな、彼らは家に家を建て連ね、田畑に田畑をまし加えて、余地をあまさず、自分ひとり、国のうちに住まおうとする。
9 Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante: “Anverite, anpil kay va vin vid; menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.
万軍の主はわたしの耳に誓って言われた、「必ずや多くの家は荒れすたれ、大きな麗しい家も住む者がないようになる。
10 Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven e yon omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
十反のぶどう畑もわずかに一バテの実を結び、一ホメルの種もわずかに一エパの実を結ぶ」。
11 Malè a sila ki leve granmaten yo pou yo ka kouri dèyè bwason fò, sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
わざわいなるかな、彼らは朝早く起きて、濃き酒をおい求め、夜のふけるまで飲みつづけて、酒にその身を焼かれている。
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven; men yo pa okipe zèv SENYÈ yo, ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
彼らの酒宴には琴あり、立琴あり、鼓あり笛あり、ぶどう酒がある。しかし彼らは主のみわざを顧みず、み手のなされる事に目をとめない。
13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz mank konesans yo; epi mesye ki gen onè yo rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
それゆえ、わが民は無知のために、とりこにせられ、その尊き者は飢えて死に、そのもろもろの民は、かわきによって衰えはてる。
14 Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole; epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a, ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann. (Sheol h7585)
また陰府はその欲望を大きくし、その口を限りなく開き、エルサレムの貴族、そのもろもろの民、その群集およびそのうちの喜びたのしめる者はみなその中に落ちこむ。 (Sheol h7585)
15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese; anplis, zye a ògeye a va vin febli nèt.
人はかがめられ、人々は低くせられ、高ぶる者の目は低くされる。
16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.
しかし万軍の主は公平によってあがめられ、聖なる神は正義によって、おのれを聖なる者として示される。
17 Konsa, jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.
こうして小羊は自分の牧場におるように草をはみ、肥えた家畜および子やぎは荒れ跡の中で食を得る。
18 Malè a sila ki rale inikite ak kòd manti, e ki fè peche tankou se kòd kabwèt;
わざわいなるかな、彼らは偽りのなわをもって悪を引きよせ、車の綱をもってするように罪を引きよせる。
19 Ka p di: “Kite Li fè vit, kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè; kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
彼らは言う、「彼を急がせ、そのわざをすみやかにさせよ、それを見せてもらおう。イスラエルの聖者の定める事を近づききたらせよ、それを見せてもらおう」と。
20 Malè a sila ki rele mal la bon, ak bon nan mal; sila ki prezante tenèb la tankou limyè a, ak limyè a kon tenèb la; sila ki prezante sa ki anmè a kon dous, e sa ki dous kon anmè.
わざわいなるかな、彼らは悪を呼んで善といい、善を呼んで悪といい、暗きを光とし、光を暗しとし、苦きを甘しとし、甘きを苦しとする。
21 Malè a sila ki saj nan pwòp zye yo e ki sipoze ke yo byen koken yo!
わざわいなるかな、彼らはおのれを見て、賢しとし、みずから顧みて、さとしとする。
22 Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
わざわいなるかな、彼らはぶどう酒を飲むことの英雄であり、濃き酒をまぜ合わせることの勇士である。
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
彼らはまいないによって悪しき者を義とし、義人からその義を奪う。
24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo e konsonmen zèb sèch nan flanm nan, konsa rasin yo va vin tankou pouriti, e flè yo va vannen ale tankou pousyè; paske yo fin rejte lalwa SENYÈ dèzame yo, e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
それゆえ、火の舌が刈り株を食い尽すように、枯れ草が炎の中に消えうせるように、彼らの根は朽ちたものとなり、彼らの花はちりのように飛び去る。彼らは万軍の主の律法を捨て、イスラエルの聖者の言葉を侮ったからである。
25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
それゆえ、主はその民にむかって怒りを発し、み手を伸べて彼らを撃たれた。山は震い動き、彼らのしかばねは、ちまたの中で、あくたのようになった。それにもかかわらず、み怒りはやまず、なお、み手を伸ばされる。
26 Konsa, Li va leve yon drapo a yon nasyon byen lwen e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè; epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.
主は旗をあげて遠くから一つの国民を招き、地の果から彼らを呼ばれる。見よ、彼らは走って、すみやかに来る。
27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe; nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi; ni sentiwon nan senti li pa lage, menm bretèl sandal li pa janm kase.
その中には疲れる者も、つまずく者もなく、まどろむ者も、眠る者もない。その腰の帯はとけず、そのくつのひもは切れていない。
28 Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube; pye cheval li yo parèt kon pyè silèks, e wou cha li yo tankou toubiyon.
その矢は鋭く、その弓はことごとく張り、その馬のひずめは火打石のように、その車の輪はつむじ風のように思われる。
29 Kri gwonde li tankou yon lyon e vwa li tankou jèn lyon; li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.
そのほえることは、ししのように、若いししのようにほえ、うなって獲物を捕え、かすめ去っても救う者がない。
30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè; men gade, tout fènwa ak gwo twoub. Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.
その日、その鳴りどよめくことは、海の鳴りどよめくようだ。もし地をのぞむならば、見よ、暗きと悩みとがあり、光は雲によって暗くなる。

< Ezayi 5 >