< Ezayi 48 >

1 “Tande sa, O lakay Jacob, ki rele pa non Israël, ki te sòti nan dlo Juda la. Nou sèmante pa non SENYÈ a, e envoke Bondye Israël la, men san verite e san ladwati.
«گوێ لەمە بگرن، ئەی بنەماڵەی یاقوب، ئێوە پێتان دەگوترێت ئیسرائیل، ئێوە لە پشتی یەهوداوە دەرچوون، ئێوە بە ناوی یەزدانەوە سوێند دەخۆن، ناوی خودای ئیسرائیل دەهێنن، بەڵام نەک بە دڵسۆزی و نەک بە ڕاستودروستی،
2 Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an e yo depann sou Bondye Israël la; SENYÈ dèzame se non Li.
بە خۆتان دەڵێن، خەڵکی شاری پیرۆز و خۆتان دەدەنە پاڵ خودای ئیسرائیل کە ناوی یەزدانی سوپاسالارە:
3 Mwen te deklare ansyen bagay lontan yo, yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo. Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.
سەرەتاکانم لە کۆنەوە ڕاگەیاندووە، لە دەمی منەوە هاتوونەتە دەرەوە و وام کرد ببیسترێن، لەپڕ کردم و ڕوویان دا.
4 Akoz Mwen konnen ke tèt ou di, kou ou tankou ba fè, e fwontèn ou tankou bwonz;
دەمزانی ئێوە کەللەڕەقن و ملتان دەماری ئاسنینە و ناوچەوانتان بڕۆنزە.
5 pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa; avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm, pou ou pa ta di: ‘Se zidòl mwen an ki te fè l; imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an ki te kòmande yo.’
لەبەر ئەوە لە کۆنەوە ئەمانەم پێ ڕاگەیاندن، وام کرد پێش ئەوەی ڕووبدەن ئێوە گوێتان لێی بێت، نەوەک بڵێن:”بتەکەم کردی، خوداوەندە دەستکردەکەم فەرمانی دا.“
6 Ou te tande sa! Gade tout sa! Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li? Mwen pwoklame bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a, tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.
ئێوە گوێتان لێ بوو، جا بڕواننە هەمووی. ئەی ئێوە دانی پێدا نانێن؟ «وا دەکەم لە ئێستاوە گوێتان لە شتە نوێیەکان بێت، ئەو نهێنییانەی کە نایانزانن.
7 Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa. Avan jou sa a, ou pa t tande yo. Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”.
ئێستا بەدیهێنران، لە کۆنەوە نەبوون، بەر لە ئەمڕۆ نەتانبیستبوون نەوەک بڵێن،”ئەوەتا دەمانزانی.“
8 Anverite, Ou pa t konn tande yo, ni ou pa t konnen yo. Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri, paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken. Depi nan nesans ou, se rebèl ou te ye.
هەروەها نە گوێتان لێ بوو نە زانیشتان، لە کۆنەوەش گوێت نەکردەوە. باش دەزانم چۆن بە تەواوی ناپاکی دەکەن، لەناو سکی دایکتانەوە پێتان گوترا:”یاخی.“
9 Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta; pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou, pou m pa koupe retire ou nèt.
لە پێناوی ناوی خۆم تووڕەییەکەم دوا دەخەم، لە پێناوی ستایشم دانبەخۆمدا دەگرم، نەوەک بتانبڕمەوە.
10 Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan; Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.
ئەوەتا ئێوەم پاڵاوت، بەڵام نەک وەکو زیو، لەناو کوورەی ئازارچێژتن تاقیم کردنەوە.
11 Pou koz pa M, pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji; paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.
لە پێناوی خۆم، لە پێناوی خۆم دەیکەم، چۆن ڕێگا دەدەم ناوی من گڵاو بکرێت؟ شکۆمەندیم بە یەکێکی دیکە نادەم.
12 Koute Mwen, O Jacob, menm Israël ke M te rele a; Mwen se Li menm nan. Mwen se premye a. E Mwen se osi dènye a.
«ئەی یاقوب، گوێم لێ بگرن، ئەی ئیسرائیل، ئەوانەی کە بانگم کردن. ئەوە منم، من سەرەتا و من کۆتاییم.
13 Anverite, men M te etabli latè, e men dwat Mwen te louvri syèl yo. Lè M rele yo, yo kanpe ansanm.
دەستی من زەوی دامەزراند، دەستی ڕاستم ئاسمانی لێککردەوە. کاتێک من بانگیان دەکەم، پێکەوە دەوەستن.
14 Rasanble, nou tout pou koute! Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo? Sila SENYÈ a renmen; li va akonpli sa li pito sou Babylone. Men L va kontra Kaldeyen yo.
«هەمووتان کۆبنەوە و گوێ بگرن! کام لە بتەکان ئەمەی ڕاگەیاندووە؟ هاوپەیمانی خۆشەویستی یەزدان، هەرچی پێ خۆش بێت بە بابلی دەکات، بازووشی لە دژی کلدانییەکان دەبێت.
15 Mwen menm, Mwen te pale. Anverite, Mwen te rele li. Mwen te mennen li, e Li va fè chemen li yo vin reyisi.
من، من قسەم کرد و بانگم کرد، هێنام و ڕێگاکەشی سەرکەوتوو دەبێت.
16 Vin toupre Mwen, koute sa: “Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè; depi tan sa te rive a, Mwen te la.” Epi koulye a Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.
«وەرنە پێش بۆ لام، گوێ لەمە بگرن: «لە سەرەتاوە بە نهێنی قسەم نەکرد، کاتێک ڕوودەدات، من لەوێم.» ئێستاش یەزدانی باڵادەست منی نارد لەگەڵ ڕۆحی خۆی.
17 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a, Sila Ki Sen an Israël la: “Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi, ki mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.
یەزدان، ئەوەی دەتانکڕێتەوە، پیرۆزەکەی ئیسرائیل، ئەمە دەفەرموێت: «من یەزدانی پەروەردگارتانم، فێرتان دەکەم بۆ ئەوەی سوود وەربگرن، بەو ڕێگایەدا دەتانبەم کە دەبێت بیگرنەبەر.
18 Si sèlman ou te okipe kòmandman Mwen yo! Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè, e ladwati ou tankou lam lanmè yo.
خۆزگە گوێتان لە فەرمانەکانم دەگرت، جا ئاشتیتان وەک ڕووبار دەبوو، ڕاستودروستیشتان وەک شەپۆلی دەریا.
19 Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab. Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.”
نەوەکانتان وەک لم دەبوو، وەچەتان وەک دەنکی لم، ناویان لەبەردەمم نە دەبڕایەوە و نە لەناودەچوو.»
20 Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”
لە بابل بچنە دەرەوە، لە بابلییەکان هەڵبێن! بە هاواری خۆشییەوە ڕایبگەیەنن، جاڕی ئەمە بدەن. سەرتاسەری زەوی لێ ئاگادار بکەنەوە، بڵێن: «یەزدان یاقوبی بەندەی کڕییەوە.»
21 Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo. Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo; Li te fann wòch la e dlo te vin pete.
تینوو نەبوون کە بە چۆڵەوانیدا بردنی، لە تاشەبەردەوە ئاوی بۆ هەڵقوڵاندن، تاشەبەردی شەق کرد و ئاو تەقییەوە.
22 “Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.
یەزدان دەفەرموێت: «ئاشتی بۆ بەدکاران نییە.»

< Ezayi 48 >