< Ezayi 47 >

1 “Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan; Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo! Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
רדי ושבי על עפר בתולת בת בבל שבי לארץ אין כסא בת כשדים כי לא תוסיפי יקראו לך רכה וענגה׃
2 Pran yon wòch moulen pou moulen farin. Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo. Travèse rivyè yo.
קחי רחים וטחני קמח גלי צמתך חשפי שבל גלי שוק עברי נהרות׃
3 Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt. Mwen va pran vanjans e Mwen p ap bliye pèsòn.”
תגל ערותך גם תראה חרפתך נקם אקח ולא אפגע אדם׃
4 Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li, Sila Ki Sen an Israël la.
גאלנו יהוה צבאות שמו קדוש ישראל׃
5 Chita an silans e antre nan fènwa a, O fi a Kaldeyen yo, paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
שבי דומם ובאי בחשך בת כשדים כי לא תוסיפי יקראו לך גברת ממלכות׃
6 Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.
קצפתי על עמי חללתי נחלתי ואתנם בידך לא שמת להם רחמים על זקן הכבדת עלך מאד׃
7 Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’ Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
ותאמרי לעולם אהיה גברת עד לא שמת אלה על לבך לא זכרת אחריתה׃
8 “Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo, ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt. Mwen p ap janm chita tankou yon vèv, ni konnen pèt timoun.’
ועתה שמעי זאת עדינה היושבת לבטח האמרה בלבבה אני ואפסי עוד לא אשב אלמנה ולא אדע שכול׃
9 Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman nan yon jou: pèt a pitit ak afè vin vèv la. Yo va rive an mezi plen nèt; malgre tout maji nou ak gwo pouvwa wanga nou konn fè yo.
ותבאנה לך שתי אלה רגע ביום אחד שכול ואלמן כתמם באו עליך ברב כשפיך בעצמת חבריך מאד׃
10 Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’. Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou; paske nan kè ou, ou te di: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
ותבטחי ברעתך אמרת אין ראני חכמתך ודעתך היא שובבתך ותאמרי בלבך אני ואפסי עוד׃
11 Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen maji pou detounen. Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk va rive sou ou sibitman.
ובא עליך רעה לא תדעי שחרה ותפל עליך הוה לא תוכלי כפרה ותבא עליך פתאם שואה לא תדעי׃
12 Kanpe fèm nan tout maji ak wanga ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo. Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
עמדי נא בחבריך וברב כשפיך באשר יגעת מנעוריך אולי תוכלי הועיל אולי תערוצי׃
13 Ou vin fatige ak tout konsèyè yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
נלאית ברב עצתיך יעמדו נא ויושיעך הברו שמים החזים בכוכבים מודיעם לחדשים מאשר יבאו עליך׃
14 Gade byen, yo tankou pay. Dife ap brile yo. Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo. P ap gen chabon ki pou chofe kò yo, ni flanm dife pou yo chita devan l!
הנה היו כקש אש שרפתם לא יצילו את נפשם מיד להבה אין גחלת לחמם אור לשבת נגדו׃
15 Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen: Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo va mache egare nan chemen pa yo; nanpwen moun ki pou ta sove ou.
כן היו לך אשר יגעת סחריך מנעוריך איש לעברו תעו אין מושיעך׃

< Ezayi 47 >