< Ezayi 46 >
1 Bel vin pwostène, Nebo koube nèt. Imaj pa yo kon pote sou bèt; menm sou tout kalite bèt domestik. Bagay ke nou pote yo se chaj lou; yon fado ki pèze sa yo ki fatige.
¡Se postró Bel, se doblegó Nebo! Sus ídolos son cargados sobre bestias. Las estatuas que ustedes solían llevar son pesadas. Son carga para las bestias cansadas.
2 Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm. Yo pa t ka delivre chaj lou a, men yo menm vin prizonye yo.
Se doblegan y se postran juntamente. No pueden rescatar la carga, y ellos mismos van en cautiverio.
3 Koute Mwen, O lakay Jacob ak tout retay lakay Israël la; nou menm ki te pote menm depi nan nesans, ki te pote depi nan vant.
Escúchame, oh casa de Jacob, todo el remanente de la Casa de Israel, que desde el nacimiento son cargados por Mí, llevados desde la matriz.
4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li, e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou. Mwen te fè, e Mwen va pote. Mwen va pote, e Mwen va delivre.
Hasta su vejez y hasta las canas Yo seré el mismo. Yo los sostendré. Yo lo hice así y los llevaré. Yo los sostendré y los libraré.
5 A kilès nou ta fè Mwen sanble, fè Mwen vin egal e konpare Mwen, konsi nou te menm bagay?
¿A quién me asemejarán, me igualarán o me compararán, para que seamos semejantes?
6 Kèk kon vide lò ki sòti nan bous, oswa peze ajan sou balans. Anplwaye yon òfèv, e l ap fè l vin tounen yon dye. Yo pwostène— e anverite, yo adore l.
Sacan oro de la bolsa, pesan plata en la balanza. Contratan a un orfebre para que haga con eso un ʼelohim. Se postran, lo adoran,
7 Yo fè l monte sou zepòl pou pote l; yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la. Li p ap ka deplase nan plas li. Malgre yon moun ta kriye anvè li, li p ap ka reponn; li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.
lo cargan sobre sus hombros y lo transportan. Lo pusieron en su lugar. Allí permanece. No se mueve de su sitio. Aunque alguno lo invoque, no responde ni lo libra de la tribulación.
8 Sonje sa e kanpe fèm kon gason; kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.
Acuérdense de esto y avergüéncense. Vuelvan en ustedes, transgresores.
9 Sonje ansyen bagay ki pase lontan yo, paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt. Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,
Acuérdense de las cosas pasadas desde la antigüedad: Yo soy ʼEL y no hay otro. No hay otro ʼelohim semejante a Mí.
10 ki deklare lafen depi nan kòmansman e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo. Mwen ki di w: “Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
Yo anuncio lo que viene desde el principio, desde la antigüedad, lo que aún no estaba hecho. Digo: Mi designio se realizará y haré todo lo que quiero.
11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès, yon nonm volonte Mwen an, k ap soti nan yon peyi lwen. Anverite, Mwen te pale. Anverite, Mwen va fè sa rive. Mwen ki te fè plan an; Mwen k ap fè l rive.
Llamo del oriente al ave de rapiña y de tierra lejana al varón que cumplirá mi propósito. Yo hablé y lo haré llegar. También haré lo que me propuse.
12 Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo!
Escúchenme, duros de corazón que están lejos de la justicia:
13 Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre. Li pa lwen, epi sali Mwen p ap fè reta. Mwen va bay sali nan Sion e glwa Mwen a Israël.
Impondré que mi justicia se acerque. No se alejará. Mi salvación no se detendrá. Pondré salvación en Sion, y en Israel mi gloria.