< Ezayi 45 >

1 Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:
כה אמר יהוה למשיחו לכורש אשר החזקתי בימינו לרד לפניו גוים ומתני מלכים אפתח--לפתח לפניו דלתים ושערים לא יסגרו
2 “Mwen va ale devan ou pou fè move kote yo vin swa. Mwen va kraze pòt an bwonz yo e fin koupe nèt ba an fè li yo.
אני לפניך אלך והדורים אושר (אישר) דלתות נחושה אשבר ובריחי ברזל אגדע
3 Mwen va bay ou trezò lannwit yo ak richès k ap kache kote sekrè yo, pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a, Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.
ונתתי לך אוצרות חשך ומטמני מסתרים למען תדע כי אני יהוה הקורא בשמך--אלהי ישראל
4 Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël, sila ke M te chwazi a, Mwen te, anplis, rele ou pa non ou. Mwen te bay ou yon tit k ap respekte, malgre ou pa t rekonèt Mwen.
למען עבדי יעקב וישראל בחירי ואקרא לך בשמך אכנך ולא ידעתני
5 Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen;
אני יהוה ואין עוד זולתי אין אלהים אאזרך ולא ידעתני
6 ke lèzòm ka konnen depi solèy leve jiskaske solèy kouche, ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm. Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;
למען ידעו ממזרח שמש וממערבה כי אפס בלעדי אני יהוה ואין עוד
7 Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, ki fè bonè e ki kreye malè. Mwen se SENYÈ a, ki fè tout sila yo.
יוצר אור ובורא חשך עשה שלום ובורא רע אני יהוה עשה כל אלה
8 Degoute depi anwo, O syèl yo, e kite nwaj yo vide fè ladwati desann. Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi, pou fè ladwati vòltije monte avè l. Mwen, SENYÈ a te kreye l.
הרעיפו שמים ממעל ושחקים יזלו צדק תפתח ארץ ויפרו ישע וצדקה תצמיח יחד--אני יהוה בראתיו
9 Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?
הוי רב את יצרו--חרש את חרשי אדמה היאמר חמר ליצרו מה תעשה ופעלך אין ידים לו
10 Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’ Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”
הוי אמר לאב מה תוליד ולאשה מה תחילין
11 Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël ak Kreyatè li a: “Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!
כה אמר יהוה קדוש ישראל ויצרו האתיות שאלוני על בני ועל פעל ידי תצוני
12 Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li. Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M e mete tout lame selès pa yo an lòd.
אנכי עשיתי ארץ ואדם עליה בראתי אני ידי נטו שמים וכל צבאם צויתי
13 Mwen te fè leve nan li ladwati e Mwen va fè wout li yo swa. Li va bati vil Mwen, e va kite egzile Mwen yo vin libere, pa pou pèyman oswa rekonpans,” pale SENYÈ dèzame yo.
אנכי העירתהו בצדק וכל דרכיו אישר הוא יבנה עירי וגלותי ישלח--לא במחיר ולא בשחד אמר יהוה צבאות
14 Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo, mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou. Yo va pou ou. Yo va mache dèyè w. Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou; yo va fè siplikasyon a ou menm. ‘Anverite Bondye pami nou; e pa gen lòt. Nanpwen lòt Bondye’”
כה אמר יהוה יגיע מצרים וסחר כוש וסבאים אנשי מדה עליך יעברו ולך יהיו אחריך ילכו בזקים יעברו ואליך ישתחוו אליך יתפללו אך בך אל ואין עוד אפס אלהים
15 Anverite, Ou se yon Dye ki kache tèt Li, O Bondye Israël la, Sovè a!
אכן אתה אל מסתתר--אלהי ישראל מושיע
16 Yo va desi, imilye menm, yo tout. Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.
בושו וגם נכלמו כלם יחדו הלכו בכלמה חרשי צירים
17 Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan. Ou p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.
ישראל נושע ביהוה תשועת עולמים לא תבשו ולא תכלמו עד עולמי עד
18 Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a, Dye la ki te fòme tè a e ki te fè l la; Ki te etabli li, e Li pa t kreye li vid, men te fòme l pou moun ka viv ladann di: “Mwen se SENYÈ a. Nanpwen lòt.
כי כה אמר יהוה בורא השמים הוא האלהים יצר הארץ ועשה הוא כוננה--לא תהו בראה לשבת יצרה אני יהוה ואין עוד
19 Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa. Mwen pa t di a desandan Jacob yo, ‘Chache M anven.’ Mwen, SENYÈ a, pale ladwati. Mwen deklare sa ki dwat.”
לא בסתר דברתי במקום ארץ חשך--לא אמרתי לזרע יעקב תהו בקשוני אני יהוה דבר צדק מגיד מישרים
20 “Rasanble nou e vini. Rapwoche nou ansanm, nou menm, refijye a nasyon yo. Lòt yo pa gen konesans; sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou, e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.
הקבצו ובאו התנגשו יחדו פליטי הגוים לא ידעו הנשאים את עץ פסלם ומתפללים אל אל לא יושיע
21 Deklare e prezante ka nou an. Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm. Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo, ki te deklare sa depi lontan? Èske se pa Mwen, SENYÈ a? Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen, yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.
הגידו והגישו אף יועצו יחדו מי השמיע זאת מקדם מאז הגידה הלוא אני יהוה ואין עוד אלהים מבלעדי--אל צדיק ומושיע אין זולתי
22 “Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.
פנו אלי והושעו כל אפסי ארץ כי אני אל ואין עוד
23 Mwen te sèmante pa Mwen menm, pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati e li p ap vire fè bak; ke a Mwen menm, tout jenou va koube e tout lang va sèmante fidelite.
בי נשבעתי--יצא מפי צדקה דבר ולא ישוב כי לי תכרע כל ברך תשבע כל לשון
24 Yo va di de Mwen: ‘Se sèlman nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’” Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te fè laràj kont Li va vin wont nèt.
אך ביהוה לי אמר צדקות ועז עדיו יבוא ויבשו כל הנחרים בו
25 Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye e va rejwi!
ביהוה יצדקו ויתהללו כל זרע ישראל

< Ezayi 45 >