< Ezayi 44 >

1 “Men koulye a, koute, O Jacob, sèvitè Mwen an; Israël ke M te chwazi a.
Seyè a di ankò: -Koute m' byen koulye a, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.
2 Konsa pale SENYÈ ki te fè ou a, ki te fòme ou soti nan vant lan, ki va bay ou soutyen, kap di: ‘Pa pè, O Jacob, sèvitè Mwen an; ak ou menm Israël ke M te chwazi a.
Men sa Seyè ki te kreye nou an, Seyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: -Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.
3 Paske Mwen va vide dlo sou yon tè ki swaf e vwa dlo sou tè ki sèch. Mwen va vide Lespri M sou ras ou e benediksyon sou desandan ou yo;
M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m' sou pitit pitit nou yo.
4 konsa, yo va vin vòltije pami zèb kon bwa akote sous dlo.’
Yo pral pouse tankou zèb ki jwenn lapli, tankou banbou bò larivyè.
5 Sila a va di: ‘Mwen pou SENYÈ a;’ epi lòt la va rele sou non Jacob; epi yon lòt va ekri sou men l: ‘Apatyen a SENYÈ a’, epi va nonmen non Israël ak respè.
Yonn apre lòt, moun yo pral di: -Se pou Seyè a mwen ye! Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo. Yo tout pral make non Seyè a nan pla men yo. Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou.
6 Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.
Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
7 Se kilès ki tankou Mwen? Kite li pwoklame e deklare sa; Wi, kite li pale M sa an lòd. Depi lè ke M te etabli ansyen nasyon a. Epi kite yo deklare a yo menm bagay k ap vini yo ak evenman ki va rive yo.
Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive.
8 Pa tranble, pa pè. Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm e te demontre nou sa? Konsa, nou se temwen M. Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm? Anverite, nanpwen! Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”
Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble. Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa. Nou pral kanpe pale pou mwen. Eske gen lòt bondye pase mwen menm? Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun? Mwen menm, mwen pa konnen l'.
9 Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen. Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis. Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen. Yo pa ka menm vin wont.
Tout moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita.
10 Se kilès ki te fòme yon dye, oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?
Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l'?
11 Gade byen, tout zami l yo va vin wont, paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm. Kite yo rasanble yo menm, kite yo kanpe, kite yo tranble, kite yo tout ansanm vin wont.
Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont!
12 Moun nan fòme bout fè a pou fè yon zouti pou koupe. Yon travay ki fèt sou chabon limen. Li fòme li ak mato, e travay li ak bra li ki fò. Anplis, li vin grangou e pèdi fòs; li pa bwè dlo e li vin fatige.
Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò.
13 Yon lòt taye bwa, li mezire li ak mèt mezi; li trase sou li ak lakrè wouj. Li travay li ak rif la, trase l ak konpa e fè li sanble ak fòm a yon moun, tankou bèlte a lòm, pou l ka plase li anndan yon kay.
Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l' mete l' nan yon tanp.
14 Anverite, li koupe bwa sèd yo pou kont li, pran yon bwa pichpen oswa yon bwadchenn e leve li pou kont li pami bwa forè yo. Li plante yon bwa pen e lapli fè l grandi.
Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l' grandi.
15 Epi li devni yon bagay pou moun ka brile. Li pran kèk nan li pou l ka chofe e anplis, fè dife pou kwit pen. Anplis li fè yon dye epi l adore l. Li fè li yon imaj taye e li tonbe ba devan l.
Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe kò yo, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a yo fè yon bondye pou yo sèvi, yon estati pou yo mete ajenou devan l'.
16 Mwatye li, li brile nan dife; sou mwatye sa a, li manje vyann pandan li kwit yon gwo mòs e li satisfè. Anplis, li chofè kò l epi di: “Aha, koulye a mwen fin chofe ase; mwen te wè dife a.”
Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife!
17 Men rès la, li sèvi pou fòme yon dye, imaj taye pa li. Li tonbe ba devan l pou adore l; anplis, li priye a li menm e di: “Delivre m, paske se ou ki dye mwen.”
Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l', yo lapriyè devan l', y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m' non!
18 Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.
Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen.
19 Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans ni konprann pou l ta di: “Mwen te brile mwatye li nan dife a e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li. Mwen boukannen vyann, e mwen manje li. Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon? Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”
Moun k'ap fè zidòl yo pa kalkile nan tèt yo, yo pa konn anyen, yo pa gen konprann pou yo ta di: Mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen kwit manje sou chabon dife a. Mwen griye vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a mwen fè yon bagay k'ap avili m', yon zidòl. M'ap adore yon bout bwa!
20 La p manje sou sann yo. Yon kè ki twonpe te mennen l sou kote. Li p ap kapab delivre nanm li menm. Ni li pa mande: “Èske pa gen manti nan men dwat mwen?”
Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
21 “Sonje bagay sa yo, O Jacob e Israël, paske ou se sèvitè Mwen, O Israël. Mwen p ap janm bliye ou.
Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!
22 Mwen te efase transgresyon ou yo tankou yon nwaj byen pwès, ak peche ou yo tankou yon nwaj. Retounen kote Mwen, paske Mwen te rachte ou.”
Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.
23 Rele ak jwa, O syèl yo, paske SENYÈ a te fè sa! Rele ak jwa, ou menm, kote pi ba sou latè yo! Pete ak gwo kri lajwa, O mòn yo, O forè ak tout pyebwa ki ladann yo; paske SENYÈ a te rachte Jacob, e an Israël, Li va devwale glwa Li.
Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
24 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè ou a e sila ki te fè ou soti nan vant la: “Mwen, SENYÈ a, se Kreyatè a tout bagay, Mwen te lonje ouvri syèl yo pou kont Mwen, e Mwen te lonje ouvri latè, Mwen sèl Mwen;
Men sa Seyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: -Se mwen menm, Seyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m' t'ap fè latè, kilès ki te ede m'?
25 ki fristre sila yo ki plen ògeye ak mantè yo; ki te devwale divinò yo tankou moun fou, ki te fè mesye saj yo rale fè bak, pou l vire sajès yo fè 1 tounen foli;
Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.
26 ki te konfime pawòl a sèvitè Li a e te acheve bi a mesaje Li yo. Se Mwen menm ki di de Jérusalem: Li va gen moun ladann!’ Epi a vil a Juda yo: ‘Yo va bati.’ Konsa, Mwen va fè leve mazi li yo ankò.
Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
27 Se Mwen menm ki pale a fon lanmè a: ‘Vin sèch,’ e Mwen va fè rivyè ou yo vin sèk.
Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.
28 Se Mwen menm ki di de Cyrus: ‘Li se bèje Mwen, epi li va acheve tout volonte mwen.’ Li va deklare a Jérusalem: ‘Li va bati,’ e de tanp lan: ‘Fondasyon ou yo va poze.’”
Mwen di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen! Li pral fè tou sa m'a mande l' fè. Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm, pou yo refè fondasyon tanp Bondye a.

< Ezayi 44 >