< Ezayi 43 >
1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!
雅各啊,創造你的耶和華, 以色列啊,造成你的那位, 現在如此說: 你不要害怕!因為我救贖了你。 我曾提你的名召你,你是屬我的。
2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.
你從水中經過,我必與你同在; 你詵過江河,水必不漫過你; 你從火中行過,必不被燒, 火焰也不着在你身上。
3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.
因為我是耶和華-你的上帝, 是以色列的聖者-你的救主; 我已經使埃及作你的贖價, 使古實和西巴代替你。
4 Akoz ou presye nan zye M, akoz ou gen gran valè e Mwen renmen ou, Mwen va bay lòt moun nan plas ou e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
因我看你為寶為尊; 又因我愛你, 所以我使人代替你, 使列邦人替換你的生命。
5 Pa pè, paske Mwen avèk ou; Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès e ranmase ou nan lwès.
不要害怕,因我與你同在; 我必領你的後裔從東方來, 又從西方招聚你。
6 Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—
我要對北方說,交出來! 對南方說,不要拘留! 將我的眾子從遠方帶來, 將我的眾女從地極領回,
7 tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
就是凡稱為我名下的人, 是我為自己的榮耀創造的, 是我所做成,所造作的。
8 Mennen fè parèt pèp ki avèg la, malgre yo gen zye e soud la, malgre yo gen zòrèy.
你要將有眼而瞎、 有耳而聾的民都帶出來!
9 Kite tout nasyon yo reyini ansanm e tout pèp yo rasanble. Kilès pami yo ki kapab deklare sa e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo? Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye, oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.
任憑萬國聚集; 任憑眾民會合。 其中誰能將此聲明, 並將先前的事說給我們聽呢? 他們可以帶出見證來,自顯為是; 或者他們聽見便說:這是真的。
10 “Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.
耶和華說:你們是我的見證, 我所揀選的僕人。 既是這樣,便可以知道,且信服我, 又明白我就是耶和華。 在我以前沒有真神; 在我以後也必沒有。
11 Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen sovè apa de Mwen menm.
惟有我是耶和華; 除我以外沒有救主。
12 Se Mwen ki te deklare, sove, pwoklame e pat genyen dye etranje pami nou. Konsa, nou se temwen M”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen se Bondye.
我曾指示,我曾拯救,我曾說明, 並且在你們中間沒有別神。 所以耶和華說: 你們是我的見證。 我也是上帝;
13 Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
自從有日子以來,我就是上帝; 誰也不能救人脫離我手。 我要行事誰能阻止呢?
14 Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè nou an, Sila Ki Sen an Israël la; “Pou koz nou, Mwen voye kote Babylone e Mwen va mennen yo tout desann kote nou kon kaptif, menm Kaldeyen yo nan bato anndan sila yo rejwi yo.
耶和華-你們的救贖主、 以色列的聖者如此說: 因你們的緣故, 我已經打發人到巴比倫去; 並且我要使迦勒底人如逃民, 都坐自己喜樂的船下來。
15 Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”
我是耶和華-你們的聖者, 是創造以色列的,是你們的君王。
16 Konsa pale SENYÈ a, ki fè yon wout sou lanmè a, e yon chemen nan dlo pwisan yo,
耶和華在滄海中開道, 在大水中開路,
17 Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la, lame ak mesye pwisan a (Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò; yo te etenn tankou yon fisèl bouji):
使車輛、馬匹、軍兵、勇士都出來, 一同躺下,不再起來; 他們滅沒,好像熄滅的燈火。
18 Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou, ni reflechi sou bagay ki fin pase.
耶和華如此說: 你們不要記念從前的事, 也不要思想古時的事。
19 Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.
看哪,我要做一件新事; 如今要發現,你們豈不知道嗎? 我必在曠野開道路, 在沙漠開江河。
20 Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè.
野地的走獸必尊重我; 野狗和鴕鳥也必如此。 因我使曠野有水, 使沙漠有河, 好賜給我的百姓、我的選民喝。
21 Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
這百姓是我為自己所造的, 好述說我的美德。
22 Men ou pa t rele Mwen, O Jacob; men ou tevin fatige ak Mwen, O Israël.
雅各啊,你並沒有求告我; 以色列啊,你倒厭煩我。
23 Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.
你沒有將你的羊帶來給我作燔祭, 也沒有用祭物尊敬我; 我沒有因供物使你服勞, 也沒有因乳香使你厭煩。
24 Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan, ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo. Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo. Ou te fatige M ak inikite ou yo.
你沒有用銀子為我買菖蒲, 也沒有用祭物的脂油使我飽足; 倒使我因你的罪惡服勞, 使我因你的罪孽厭煩。
25 Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
惟有我為自己的緣故塗抹你的過犯; 我也不記念你的罪惡。
26 Mete M nan memwa ou. Annou diskite ka nou ansanm. Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
你要提醒我,你我可以一同辯論; 你可以將你的理陳明,自顯為義。
27 Premye zansèt ou yo te peche, e enstriktè ou yo te trangrese kont Mwen.
你的始祖犯罪; 你的師傅違背我。
28 Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; Mwen va fè Jacob yon malediksyon, e Israël kon yon repwòch.
所以,我要辱沒聖所的首領, 使雅各成為咒詛, 使以色列成為辱罵。