< Ezayi 42 >

1 “Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
הן עבדי אתמך בו בחירי רצתה נפשי נתתי רוחי עליו משפט לגוים יוציא
2 Li p ap kriye menm, ni leve vwa l, ni fè vwa l tande nan lari.
לא יצעק ולא ישא ולא ישמיע בחוץ קולו
3 Yon wozo ki brize, Li p ap kase, e yon fisèl bouji ki brile fèb, Li p ap etenn. Ak fidelite, Li va mennen lajistis e fè l vin parèt.
קנה רצוץ לא ישבור ופשתה כהה לא יכבנה לאמת יוציא משפט
4 Li p ap dekouraje oswa vin kraze jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè, epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
לא יכהה ולא ירוץ עד ישים בארץ משפט ולתורתו איים ייחלו
5 Konsa pale Bondye SENYÈ a ki te kreye syèl yo e ki tann yo, ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann, ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li, e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,
כה אמר האל יהוה בורא השמים ונוטיהם רקע הארץ וצאצאיה נתן נשמה לעם עליה ורוח להלכים בה
6 Mwen menm se SENYÈ a. Mwen te rele Ou nan ladwati. Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men. Mwen va pran swen Ou. Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la, kon yon limyè pou nasyon yo,
אני יהוה קראתיך בצדק ואחזק בידך ואצרך ואתנך לברית עם--לאור גוים
7 pou ouvri zye avèg yo, pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a, e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
לפקח עינים עורות להוציא ממסגר אסיר מבית כלא ישבי חשך
8 “Mwen se SENYÈ a. Sa se non Mwen. Mwen p ap bay glwa Mwen a yon lòt, ni lwanj Mwen a imaj taye.
אני יהוה הוא שמי וכבודי לאחר לא אתן ותהלתי לפסילים
9 Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli; koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”
הראשנות הנה באו וחדשות אני מגיד בטרם תצמחנה אשמיע אתכם
10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
שירו ליהוה שיר חדש תהלתו מקצה הארץ יורדי הים ומלאו איים וישביהם
11 Kite dezè a ak vil li yo leve vwa yo; anplasman kote Kédar rete a. Kite sila ki rete nan Sela la chante anlè; kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.
ישאו מדבר ועריו חצרים תשב קדר ירנו ישבי סלע מראש הרים יצוחו
12 Kite yo bay glwa a SENYÈ a e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.
ישימו ליהוה כבוד ותהלתו באיים יגידו
13 SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye, li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè. Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè. Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
יהוה כגבור יצא כאיש מלחמות יעיר קנאה יריע אף יצריח--על איביו יתגבר
14 Mwen te rete an silans depi lontan sa. Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen. Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen. Mwen va rale gwo souf e respire fò.
החשיתי מעולם--אחריש אתאפק כיולדה אפעה אשם ואשאף יחד
15 Mwen va ravaje tout mòn yo ak kolin yo, e zèb ak raje yo va vin fennen nèt. Mwen va fè rivyè lafen lil yo, e seche letan.
אחריב הרים וגבעות וכל עשבם אוביש ושמתי נהרות לאיים ואגמים אוביש
16 Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.
והולכתי עורים בדרך לא ידעו--בנתיבות לא ידעו אדריכם אשים מחשך לפניהם לאור ומעקשים למישור--אלה הדברים עשיתם ולא עזבתים
17 “Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo e ki di a imaj fonn yo: ‘Se nou menm ki dye pa nou’, va voye tounen pa dèyè e va vin wont nèt.
נסגו אחור יבשו בשת הבטחים בפסל האמרים למסכה אתם אלהינו
18 “Tande, nou menm ki soud! Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
החרשים שמעו והעורים הביטו לראות
19 Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an, oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a? Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M, oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
מי עור כי אם עבדי וחרש כמלאכי אשלח מי עור כמשלם ועור כעבד יהוה
20 Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo; zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
ראית (ראות) רבות ולא תשמר פקוח אזנים ולא ישמע
21 SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li; pou fè lalwa a gran e plen respe.
יהוה חפץ למען צדקו יגדיל תורה ויאדיר
22 Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje. Yo tout kole nan kav yo oswa kache nan prizon yo. Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo; yon piyaj san okenn moun ki pou di: “Restore yo!”
והוא עם בזוז ושסוי הפח בחורים כלם ובבתי כלאים החבאו היו לבז ואין מציל משסה ואין אמר השב
23 Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a? Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?
מי בכם יאזין זאת יקשב וישמע לאחור
24 Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye e Israël a piyajè yo? Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a? Paske yo te refize mache nan chemen Li yo; ni yo pa t swiv lalwa Li.
מי נתן למשוסה (למשסה) יעקב וישראל לבזזים הלוא יהוה זו חטאנו לו ולא אבו בדרכיו הלוך ולא שמעו בתורתו
25 Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li ak fòs kouraj batay la. Sa te fè l pran flanm toupatou, men li pa t rekonèt sa a. Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”
וישפך עליו חמה אפו ועזוז מלחמה ותלהטהו מסביב ולא ידע ותבער בו ולא ישים על לב

< Ezayi 42 >