< Ezayi 41 >

1 “Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans e kite pèp yo renouvele fòs yo. Kite yo vin parèt pa devan, konsa, kite yo pale. Annou reyini ansanm pou fè jijman.
החרישו אלי איים ולאמים יחליפו כח יגשו אז ידברו יחדו למשפט נקרבה׃
2 Kilès ki te fè leve yon k ap soti nan lès? Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati la? Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt; li fè yo tankou pousyè ak nepe li, tankou pay k ap chase pa van devan banza li.
מי העיר ממזרח צדק יקראהו לרגלו יתן לפניו גוים ומלכים ירד יתן כעפר חרבו כקש נדף קשתו׃
3 Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje, menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li.
ירדפם יעבור שלום ארח ברגליו לא יבוא׃
4 Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li; ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”
מי פעל ועשה קרא הדרות מראש אני יהוה ראשון ואת אחרנים אני הוא׃
5 Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent; dènye pwent latè yo tranble. Yo rapwoche; yo rive.
ראו איים וייראו קצות הארץ יחרדו קרבו ויאתיון׃
6 Chak moun ap ede vwazen li. Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”
איש את רעהו יעזרו ולאחיו יאמר חזק׃
7 Konsa, bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la. Sila ki fè metal vin poli ak mato a ankouraje sila k ap bat fè a. Li di a sila k ap soude a: “Li bon”. Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.
ויחזק חרש את צרף מחליק פטיש את הולם פעם אמר לדבק טוב הוא ויחזקהו במסמרים לא ימוט׃
8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an, Jacob ke M te chwazi a, desandan Abraham nan, zami Mwen an;
ואתה ישראל עבדי יעקב אשר בחרתיך זרע אברהם אהבי׃
9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo, e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou: ‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou e Mwen pa t rejte ou.’
אשר החזקתיך מקצות הארץ ומאציליה קראתיך ואמר לך עבדי אתה בחרתיך ולא מאסתיך׃
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
אל תירא כי עמך אני אל תשתע כי אני אלהיך אמצתיך אף עזרתיך אף תמכתיך בימין צדקי׃
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo va vin wont e dezonore. Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi se pa anyen e yo va peri.
הן יבשו ויכלמו כל הנחרים בך יהיו כאין ויאבדו אנשי ריבך׃
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo, men ou p ap jwenn yo. Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
תבקשם ולא תמצאם אנשי מצתך יהיו כאין וכאפס אנשי מלחמתך׃
13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki soutni men dwat Ou, ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
כי אני יהוה אלהיך מחזיק ימינך האמר לך אל תירא אני עזרתיך׃
14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la, nou menm mesye Israël yo. Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a. “Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
אל תיראי תולעת יעקב מתי ישראל אני עזרתיך נאם יהוה וגאלך קדוש ישראל׃
15 Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf, byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la. Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen, e fè kolin yo vin tankou pay.
הנה שמתיך למורג חרוץ חדש בעל פיפיות תדוש הרים ותדק וגבעות כמץ תשים׃
16 Ou va vannen yo; van a va pote yo ale e tanpèt va gaye yo. Men ou va rejwi nan SENYÈ a; ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.
תזרם ורוח תשאם וסערה תפיץ אותם ואתה תגיל ביהוה בקדוש ישראל תתהלל׃
17 Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen; lang yo sèch ak swaf la. Mwen menm, SENYÈ a, va reponn yo. Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.
העניים והאביונים מבקשים מים ואין לשונם בצמא נשתה אני יהוה אענם אלהי ישראל לא אעזבם׃
18 Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo ak sous nan mitan vale yo. Mwen va fè dezè a vin yon letan dlo, e tè sèch la yon fontèn dlo.
אפתח על שפיים נהרות ובתוך בקעות מעינות אשים מדבר לאגם מים וארץ ציה למוצאי מים׃
19 Mwen va plase pye sèd nan dezè a, pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv. Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm;
אתן במדבר ארז שטה והדס ועץ שמן אשים בערבה ברוש תדהר ותאשור יחדו׃
20 pou yo ka wè, vin rekonèt, reflechi e ranmase bon konprann ansanm, ke men SENYÈ a te fè sa, ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.
למען יראו וידעו וישימו וישכילו יחדו כי יד יהוה עשתה זאת וקדוש ישראל בראה׃
21 “Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a. “Pote gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la.
קרבו ריבכם יאמר יהוה הגישו עצמותיכם יאמר מלך יעקב׃
22 Mennen fè yo vin parèt e deklare a nou menm sa ki va rive! Epi pou evenman lontan yo, deklare kisa yo te ye, pou nou ka konsidere yo, e konnen kijan y ap sòti. Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an.
יגישו ויגידו לנו את אשר תקרינה הראשנות מה הנה הגידו ונשימה לבנו ונדעה אחריתן או הבאות השמיענו׃
23 Deklare bagay ki va vin rive apre yo, pou nou ka konnen ke se dye nou ye. Anverite, fè byen, oswa fè mal, pou nou ka gade toupatou ansanm ak kè twouble.
הגידו האתיות לאחור ונדעה כי אלהים אתם אף תיטיבו ותרעו ונשתעה ונרא יחדו׃
24 Gade byen, nou pou ryen e zèv nou yo pa pou anyen. Sila ki pito nou an se yon abominnasyon.
הן אתם מאין ופעלכם מאפע תועבה יבחר בכם׃
25 Mwen te fè leve yon moun soti nan nò e li vin parèt; depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen; li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye, tankou bòs kanari mache sou ajil.
העירותי מצפון ויאת ממזרח שמש יקרא בשמי ויבא סגנים כמו חמר וכמו יוצר ירמס טיט׃
26 Se kilès ki te deklare sa depi nan kòmansman an, pou nou ta ka konnen? Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”? San dout, pa t gen moun ki te deklare sa; san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa; san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo.
מי הגיד מראש ונדעה ומלפנים ונאמר צדיק אף אין מגיד אף אין משמיע אף אין שמע אמריכם׃
27 Mwen se premye pou di a Sion: ‘Men vwala, men yo la;’ epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon mesaje bòn nouvèl’.
ראשון לציון הנה הנם ולירושלם מבשר אתן׃
28 Men lè M gade, nanpwen pèsòn e pa gen konseye pami yo, ki, si M te mande, ta kapab bay yon repons.
וארא ואין איש ומאלה ואין יועץ ואשאלם וישיבו דבר׃
29 Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè. Imaj fonn yo se van ak konfizyon.
הן כלם און אפס מעשיהם רוח ותהו נסכיהם׃

< Ezayi 41 >