< Ezayi 40 >

1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.
你们的 神说: 你们要安慰,安慰我的百姓。
2 “Pale ak dousè ak Jérusalem. Rele a li menm, ke konfli li fini an, ke inikite li retire a, ke li te resevwa nan men SENYÈ a doub pou tout peche li yo.”
要对耶路撒冷说安慰的话, 又向她宣告说, 她争战的日子已满了; 她的罪孽赦免了; 她为自己的一切罪, 从耶和华手中加倍受罚。
3 Yon vwa k ap rele fò, “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a! Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
有人声喊着说: 在旷野预备耶和华的路, 在沙漠地修平我们 神的道。
4 Kite tout vale yo vin leve wo, e tout mòn ak kolin yo vin ba. Kite move teren an vin pla, e teren difisil yo vin yon vale ki swa.
一切山洼都要填满, 大小山冈都要削平; 高高低低的要改为平坦, 崎崎岖岖的必成为平原。
5 Glwa a SENYÈ a va vin parèt, e tout chè va wè sa ansanm; paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
耶和华的荣耀必然显现; 凡有血气的必一同看见; 因为这是耶和华亲口说的。
6 Yon vwa pale: “Rele fò.” Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” “Tout chè se zèb, e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
有人声说:你喊叫吧! 有一个说:我喊叫什么呢? 说:凡有血气的尽都如草; 他的美容都像野地的花。
7 Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, depi souf SENYÈ a soufle sou li. Anverite, pèp la se zèb.
草必枯干,花必凋残, 因为耶和华的气吹在其上; 百姓诚然是草。
8 Zèb la fennen, flè a pèdi koulè l, men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
草必枯干,花必凋残, 惟有我们 神的话必永远立定。
9 Mete ou menm sou yon mòn ki wo, O Sion, ki pote bòn nouvèl. Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa, O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la! Leve wo! Pa pè anyen! Di a vil Juda yo: Men Bondye nou an!
报好信息给锡安的啊, 你要登高山; 报好信息给耶路撒冷的啊, 你要极力扬声。 扬声不要惧怕, 对犹大的城邑说: 看哪,你们的 神!
10 Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini ak pwisans. Se bra L k ap kòmande pou Li. Gade byen salè Li avè L, e rekonpans li devan L.
主耶和华必像大能者临到; 他的膀臂必为他掌权。 他的赏赐在他那里; 他的报应在他面前。
11 Tankou yon bèje, Li va pran swen bann mouton Li. Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo, e pote yo sou lestonmak Li. Ak dousè, Li va mennen manma a ak ti mouton piti yo.
他必像牧人牧养自己的羊群, 用膀臂聚集羊羔抱在怀中, 慢慢引导那乳养小羊的。
12 Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
谁曾用手心量诸水, 用手虎口量苍天, 用升斗盛大地的尘土, 用秤称山岭, 用天平平冈陵呢?
13 Se kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a, oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
谁曾测度耶和华的心, 或作他的谋士指教他呢?
14 Ak kilès Li te konsilte, e se kilès ki te bay Li bon konprann? Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la, ki te enstwi Li nan konesans, e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
他与谁商议,谁教导他, 谁将公平的路指示他, 又将知识教训他, 将通达的道指教他呢?
15 Gade byen, nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit; yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la. Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
看哪,万民都像水桶的一滴, 又算如天平上的微尘; 他举起众海岛,好像极微之物。
16 Menm Liban pa kont pou brile, ni bèt li yo pa kont pou fè ofrann brile.
黎巴嫩的树林不够当柴烧; 其中的走兽也不够作燔祭。
17 Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L, Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite.
万民在他面前好像虚无, 被他看为不及虚无,乃为虚空。
18 A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
你们究竟将谁比 神, 用什么形象与 神比较呢?
19 Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l, ak òfèv ki kouvri l ak lò e fè chenn li an ajan,
偶像是匠人铸造, 银匠用金包裹, 为它铸造银链。
20 Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a, pran yon pyebwa ki pa konn pouri; li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare yon zidòl ki p ap deplase.
穷乏献不起这样供物的, 就拣选不能朽坏的树木, 为自己寻找巧匠, 立起不能摇动的偶像。
21 Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande? Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman? Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
你们岂不曾知道吗? 你们岂不曾听见吗? 从起初岂没有人告诉你们吗? 自从立地的根基, 你们岂没有明白吗?
22 Se Li menm ki chita anwo wonn tè a ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan; ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
神坐在地球大圈之上; 地上的居民好像蝗虫。 他铺张穹苍如幔子, 展开诸天如可住的帐棚。
23 Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen, ki fè jij latè yo vin san sans.
他使君王归于虚无, 使地上的审判官成为虚空。
24 Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen, apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a, Li sèlman soufle sou yo, e yo fennen poutanpèt la pote yo ale tankou pay.
他们是刚才栽上, 刚才种上, 根也刚才扎在地里, 他一吹在其上,便都枯干; 旋风将他们吹去,像碎秸一样。
25 “Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.
那圣者说:你们将谁比我, 叫他与我相等呢?
26 Leve zye nou anlè, e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. Li rele yo tout pa non yo. Akoz grandè a pwisans Li ak fòs pouvwa Li, nanpwen youn nan yo ki manke.
你们向上举目, 看谁创造这万象, 按数目领出, 他一一称其名; 因他的权能, 又因他的大能大力, 连一个都不缺。
27 Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël: “Chemen Mwen an kache de SENYÈ a e jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
雅各啊,你为何说, 我的道路向耶和华隐藏? 以色列啊,你为何言, 我的冤屈 神并不查问?
28 Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande? Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a, Kreyatè a dènye pwent latè a, pa konn fatige, ni bouke. Konprann pa Li depase tout bon konprann.
你岂不曾知道吗? 你岂不曾听见吗? 永在的 神耶和华,创造地极的主, 并不疲乏,也不困倦; 他的智慧无法测度。
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo, e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
疲乏的,他赐能力; 软弱的,他加力量。
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke, e jenn nom plen kouraj yo vin glise tonbe;
就是少年人也要疲乏困倦; 强壮的也必全然跌倒。
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.
但那等候耶和华的必从新得力。 他们必如鹰展翅上腾; 他们奔跑却不困倦, 行走却不疲乏。

< Ezayi 40 >