< Ezayi 4 >
1 Paske sèt fanm va kenbe yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!”
At that time seven women will grab hold of one man and tell him, “We'll eat our own food and we can provide our own clothes. Just let us take your name by being married to you. Please take away our disgrace!”
2 Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo.
But at that time, the “branch of the Lord” will be attractive and glorious; the fruit the land produces will be the pride and glory of the survivors who are left in Israel.
3 Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou lavi Jérusalem yo
Everyone who remains in Zion will be called holy—all of those who are recorded among the living in Jerusalem—
4 lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak lespri brile a.
once the Lord has washed away the excrement of the daughters of Zion, and cleaned the bloodstains from Jerusalem by a spirit of judgment and a spirit of fire.
5 SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti.
Then the Lord will create over the whole of Mount Zion and over the assembly of those who meet there a cloud of smoke during the day and a blazing flame of fire during night—over everything there will be this glorious canopy.
6 Va gen abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.
It will provide a place to stay in the shade of the daytime heat, and a shelter to hide from storm and rain.