< Ezayi 39 >

1 Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylon nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè.
Onego czasu posłał Merodach Baladan, syn Baladanowy, król Babiloński, list i dary do Ezechyjasza; bo zasłyszał, że zachorowawszy zaś ozdrowiał.
2 Ézéchias te kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.
I weselił się z tego Ezechyjasz, i ukazał im skarbnicę klejnotów swoich srebra i złota, i rzeczy wonnych, i olejki najwyborniejsze, także i dom rynsztunków swoich, i cokolwiek się znajdowało w skarbach jego: nie było nic, czegoby im nie ukazał Ezechyjasz w domu swym, i we wszystkiem państwie swojem.
3 Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?” Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon peyi lwen, Babylone.”
Wtem przyszedł Izajasz prorok do króla Ezechyjasza, i rzekł mu: Coć powiedzieli ci mężowie, i skąd przyszli do ciebie? I odpowiedział Ezechyjasz: Z ziemi dalekiej przyszli do mnie, z Babilonu.
4 Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?” Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”
Nadto rzekł: Cóż widzieli w domu twoim? Odpowiedział Ezechyjasz: Wszystko, co jest w domu moim, widzieli; niemasz nic, czegobym im nie ukazał w skarbach moich.
5 Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande pawòl SENYÈ dèzame yo,
Tedy rzekł Izajasz do Ezechyjasza: Słuchaj słowa Pana zastępów:
6 ‘Gade byen, jou yo ap vini lè tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a.
Oto przyjdą te dni, w które zabiorą wszystko do Babilonu, cokolwiek jest w domu twoim, i cokolwiek zachowali ojcowie twoi aż do dnia tego; nie zostanie nic, mówi Pan;
7 ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylon nan.’”
Ale i synów twoich, którzy wyjdą z ciebie, których spłodzisz, pobiorą, i będą komornikami na dworze króla Babilińskiego.
8 Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite nan jou mwen yo.”
Tedy rzekł Ezechyjasz do Izajasza: Dobre jest słowo Pańskie, któreś mówił; (i dołożył: Dobre, ) przeto, że pokój i prawda będzie za dni moich.

< Ezayi 39 >