< Ezayi 38 >
1 Nan jou sa yo, Ézéchias te vin malad, prèt pou mouri. Epi Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la, te vin kote li. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mete lakay ou an lòd, paske ou va mouri; ou p ap viv.’”
那時希西家病得要死,亞摩斯的兒子先知以賽亞去見他,對他說:「耶和華如此說:你當留遺命與你的家,因為你必死不能活了。」
2 Ézéchias te vire figi li vè mi kay la pou te priye a SENYÈ a.
希西家就轉臉朝牆,禱告耶和華說:
3 Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.
「耶和華啊,求你記念我在你面前怎樣存完全的心,按誠實行事,又做你眼中所看為善的。」希西家就痛哭了。
4 Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Ésaïe, epi te di l:
耶和華的話臨到以賽亞說:
5 “Ale pale ak Ézéchias epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande lapriyè ou, Mwen te wè dlo ki t ap sòti nan zye ou. Gade byen, Mwen va mete kenzan sou lavi ou.
「你去告訴希西家說,耶和華-你祖大衛的上帝如此說:我聽見了你的禱告,看見了你的眼淚。我必加增你十五年的壽數;
6 Mwen va delivre ou ak vil sa a soti nan men a wa Assyrie a, epi Mwen va defann vil sa a.”’
並且我要救你和這城脫離亞述王的手,也要保護這城。
7 Konsa, sa va sign pou ou soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay sa ke Li te pale a:
「我-耶和華必成就我所說的。我先給你一個兆頭,
8 Gade byen, Mwen va fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.
就是叫亞哈斯的日晷,向前進的日影往後退十度。」於是,前進的日影果然在日晷上往後退了十度。
9 Men yon chanson ke Ézéchias te ekri apre li te malad e te vin refè a:
猶大王希西家患病已經痊癒,就作詩說:
10 Mwen te di: “Nan mitan lavi m, mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo. Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.” (Sheol )
我說:正在我中年之日 必進入陰間的門; 我餘剩的年歲不得享受。 (Sheol )
11 Mwen te di: “Mwen p ap wè SENYÈ a; SENYÈ nan peyi vivan yo. Mwen p ap wè moun ankò pami sila ki viv nan mond yo.
我說:我必不得見耶和華, 就是在活人之地不見耶和華; 我與世上的居民不再見面。
12 Tankou tant a yon bèje, lakay mwen va rache retire sou mwen. Tankou yon bòs twal, m ap woule fè monte lavi m. L ap koupe m fè m sòti nan ankadreman bòs twal la. Soti lajounen rive nan lannwit, Ou va fè yon fen ak mwen.
我的住處被遷去離開我, 好像牧人的帳棚一樣; 我將性命捲起, 像織布的捲布一樣。 耶和華必將我從機頭剪斷, 從早到晚,他要使我完結。
13 Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.
我使自己安靜直到天亮; 他像獅子折斷我一切的骨頭, 從早到晚,他要使我完結。
14 Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. Mwen plenyen kon yon toutrèl. Zye m gade ak feblès vè wotè yo. O Senyè, mwen oprime! Fè m sekou!
我像燕子呢喃, 像白鶴鳴叫, 又像鴿子哀鳴; 我因仰觀,眼睛困倦。 耶和華啊,我受欺壓, 求你為我作保。
15 Kisa mwen kapab di? Non sèlman Li te pale ak mwen, Men Li, Li menm, te fè l. Mwen va mache an règ pandan tout ane m yo akoz gou anmè kè m fin goute.
我可說甚麼呢? 他應許我的,也給我成就了。 我因心裏的苦楚, 在一生的年日必悄悄而行。
16 O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv, e nan sa yo, lespri m jwenn lavi. Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!
主啊,人得存活乃在乎此。 我靈存活也全在此。 所以求你使我痊癒,仍然存活。
17 Alò, mwen te manke gen lapè; men Ou menm ki te kenbe nanm mwen, pou l pa antre nan fòs gwo abim nan, Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.
看哪,我受大苦,本為使我得平安; 你因愛我的靈魂便救我脫離敗壞的坑, 因為你將我一切的罪扔在你的背後。
18 Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou. Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj. Sila ki desann nan fos yo p ap ka gen espwa fidelite Ou. (Sheol )
原來,陰間不能稱謝你, 死亡不能頌揚你; 下坑的人不能盼望你的誠實。 (Sheol )
19 Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman, tankou mwen menm, mwen fè jodi a. Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.
只有活人,活人必稱謝你, 像我今日稱謝你一樣。 為父的,必使兒女知道你的誠實。
20 Anverite, SENYÈ a va sove mwen. Konsa, nou va chante chanson mwen yo sou enstriman kòd yo pou tout lavi nou lakay SENYÈ a.”
耶和華肯救我, 所以,我們要一生一世 在耶和華殿中 用絲弦的樂器唱我的詩歌。
21 Alò Ésaïe te di: “Kite yo fè yon pomad ak gato fig etranje e mete li sou abse a, pou l ka geri.”
以賽亞說:「當取一塊無花果餅來,貼在瘡上,王必痊癒。」
22 Epi Ézéchias te di: “Se kisa k ap sign ke mwen va monte lakay SENYÈ a?”
希西家問說:「我能上耶和華的殿,有甚麼兆頭呢?」