< Ezayi 37 >
1 Lè wa Ézéchias te tande sa, li te chire rad li, te kouvri kò l ak sak twal, e li te antre lakay SENYÈ a.
希西家王听见就撕裂衣服,披上麻布,进了耶和华的殿,
2 Li te voye Éliakim ki te chèf nan kay la avèk Schebna, grefye a ak ansyen a prèt yo, kouvri ak sak twal, kote Ésaïe, pwofèt la, fis a Amots la.
使家宰以利亚敬和书记舍伯那,并祭司中的长老,都披上麻布,去见亚摩斯的儿子先知以赛亚,
3 Yo te di l: “Men konsa pale Ézéchias: ‘Jou sa a se yon jou gwo malè, repwòch ak rejè; paske pitit yo rive nan lè pou yo fèt e nanpwen fòs pou akouche yo.
对他说:“希西家如此说:‘今日是急难、责罚、凌辱的日子,就如妇人将要生产婴孩,却没有力量生产。
4 Petèt, SENYÈ Bondye ou a va tande pawòl a Rabschaké, ke mèt li a, wa Assyrie a, te voye pou repwoche Bondye vivan an, e li va repwoche pawòl ke SENYÈ a, Bondye ou a, te tande yo. Pou sa, leve lapriyè yo pou retay ki la toujou yo.’”
或者耶和华—你的 神听见拉伯沙基的话,就是他主人亚述王打发他来辱骂永生 神的话;耶和华—你的 神听见这话就发斥责。故此,求你为余剩的民扬声祷告。’”
5 Se konsa sèvitè a Wa Ézéchias yo te rive kote Ésaïe.
希西家王的臣仆就去见以赛亚。
6 Ésaïe te di yo: “Konsa nou va pale mèt nou an, ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Pa pè akoz pawòl ke ou te tande yo, avèk sila sèvitè a wa Assyrie yo te blasfeme non Mwen.
以赛亚对他们说:“要这样对你们的主人说,耶和华如此说:‘你听见亚述王的仆人亵渎我的话,不要惧怕。
7 Gade byen, Mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon rimè pou li retounen nan pwòp peyi li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”
我必惊动他的心;他要听见风声就归回本地,我必使他在那里倒在刀下。’”
8 Pou sa a, Rabschaké te retounen e te twouve wa Assyrie a t ap goumen kont Libna, paske li te tande ke wa a te kite Lakis.
拉伯沙基回去,正遇见亚述王攻打立拿;原来他早听见亚述王拔营离开拉吉。
9 Lè li menm, wa Assyrie a tande yo pale de Tirhaka, wa Cush la: “Li te parèt deyò pou goumen kont nou,” epi lè l tande sa, li te voye mesaje yo kote Ézéchias e te di:
亚述王听见人论古实王特哈加说:“他出来要与你争战。”亚述王一听见,就打发使者去见希西家,吩咐他们说:
10 “Konsa ou va di a Ézéchias, wa a Juda a: ‘Pa kite Bondye ou a nan sila ou mete konfyans ou an pase ou anba rizib pou di ou: “Jérusalem p ap bay nan men wa Assyrie a.”
“你们对犹大王希西家如此说:‘不要听你所倚靠的 神欺哄你说:耶路撒冷必不交在亚述王的手中。
11 Gade byen, ou te tande sa ke wa Assyrie yo te fè a tout peyi yo, ke yo te detwi yo nèt. Konsa, èske ou va chape?
你总听说亚述诸王向列国所行的乃是尽行灭绝,难道你还能得救吗?
12 Èske dye a nasyon sa yo ke papa m te detwi yo te delivre yo; Gozan, Charan, Retseph, ak fis a Éden ki te Telassar yo?
我列祖所毁灭的,就是歌散、哈兰、利色,和属提·拉撒的伊甸人;这些国的神何曾拯救这些国呢?
13 Kote wa Hamath la, wa Arpad la, ak wa nan vil a Sepharvaïm lan, Héna, ak Ivva?’”
哈马的王,亚珥拔的王,西法瓦音城的王,希拿和以瓦的王,都在哪里呢?’”
14 Ézéchias te pran lèt la nan men mesaje a, li te li li. Konsa, li te monte lakay SENYÈ a, e li te ouvri li devan SENYÈ a.
希西家从使者手里接过书信来,看完了,就上耶和华的殿,将书信在耶和华面前展开。
15 Ézéchias te priye a SENYÈ a e te di:
希西家向耶和华祷告说:
16 “O SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ki chita sou twòn li anwo cheriben yo, Ou se Bondye a, Ou menm sèl, sou tout wayòm latè yo. Ou te fè syèl la ak latè a.
“坐在二基路伯上万军之耶和华—以色列的 神啊,你—惟有你是天下万国的 神,你曾创造天地。
17 Panche zòrèy Ou, O SENYÈ pou tande. Ouvri zye Ou, O SENYÈ pou Ou wè. Koute byen tout pawòl ke Sanchérib te voye pou repwoche Bondye vivan an.
耶和华啊,求你侧耳而听;耶和华啊,求你睁眼而看,要听西拿基立的一切话,他是打发使者来辱骂永生 神的。
18 Anverite O SENYÈ, wa Assyrie yo te detwi tout peyi yo ak tout tè pa yo.
耶和华啊,亚述诸王果然使列国和列国之地变为荒凉,
19 Epi li te jete dye pa yo nan dife, paske se pa t dye yo te ye, men zèv ki te fèt pa men a lòm, ak bwa ak wòch. Konsa yo te detwi yo.
将列国的神像都扔在火里;因为他本不是神,乃是人手所造的,是木头、石头的,所以灭绝他。
20 Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”
耶和华—我们的 神啊,现在求你救我们脱离亚述王的手,使天下万国都知道惟有你是耶和华。”
21 Ésaïe, fis a Amots la te voye kote Ézéchias e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘Akoz nou te priye a Mwen menm sou Sanchérib, wa Assyrie a,
亚摩斯的儿子以赛亚就打发人去见希西家,说:“耶和华—以色列的 神如此说,你既然求我攻击亚述王西拿基立,
22 men pawòl ke SENYÈ a fin pale kont li: Fi vyèj a Sion an desann ou nèt! Li pa bay ou valè. Fi a Jérusalem nan souke tèt li devan w!
所以耶和华论他这样说: 锡安的处女藐视你,嗤笑你; 耶路撒冷的女子向你摇头。
23 Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!
你辱骂谁,亵渎谁? 扬起声来,高举眼目攻击谁呢? 乃是攻击以色列的圣者。
24 Ak sèvitè ou yo, ou te meprize SENYÈ a! Ou te di: ‘Ak tout cha mwen yo, mwen te monte sou wotè a mòn yo, kote pi izole nan Liban yo. Epi mwen va koupe bwa sèd li yo ak tout bwa pichpen pi bèl yo. Mwen va monte kote tèt mòn pi wo li a, nan forè pi bèl li yo.
你借你的臣仆辱骂主说: 我率领许多战车上山顶, 到黎巴嫩极深之处; 我要砍伐其中高大的香柏树 和佳美的松树。 我必上极高之处, 进入肥田的树林。
25 Mwen te fouye pwi yo, mwen te bwè dlo yo e ak pla pye mwen, mwen fè tout rivyè an Égypte yo vin sèch.’”
我已经挖井喝水; 我必用脚掌踏干埃及的一切河。
26 “Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi.
耶和华说:你岂没有听见 我早先所做的、古时所立的吗? 现在借你使坚固城荒废,变为乱堆。
27 Akoz sa, moun ki te rete ladann yo te manke fòs. Yo te plen konfizyon ak wont. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki fennen avan li fin grandi.
所以其中的居民力量甚小, 惊惶羞愧。 他们像野草,像青菜, 如房顶上的草, 又如田间未长成的禾稼。
28 Men Mwen konnen lè ou chita ak lè ou sòti, lè ou antre ak lè ou fè laraj kont Mwen.
你坐下,你出去,你进来, 你向我发烈怒,我都知道。
29 Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”
因你向我发烈怒, 又因你狂傲的话达到我耳中, 我就要用钩子钩上你的鼻子, 把嚼环放在你口里, 使你从原路转回去。
30 “Epi sa va sign pou ou: ou va manje ane sa a sa ki grandi pou li, nan dezyèm ane sa ki vin parèt menm jan an. Nan twazyèm ane a, plante, rekòlte, plante chan rezen yo e manje fwi yo.
“以色列人哪,我赐你们一个证据:你们今年要吃自生的,明年也要吃自长的,至于后年,你们要耕种收割,栽植葡萄园,吃其中的果子。
31 Retay lakay Juda ki chape a va ankò pran rasin anba pou donnen fwi anlè.
犹大家所逃脱余剩的,仍要往下扎根,向上结果。
32 Paske soti nan Jérusalem, va vin parèt yon retay e sòti nan Mòn Sion, kèk moun ki chape. Zèl kouraj SENYÈ a va akonpli sa a.”
必有余剩的民从耶路撒冷而出;必有逃脱的人从锡安山而来。万军之耶和华的热心必成就这事。
33 “Pou sa” pale SENYÈ a, pale konsènan wa Assyrie a konsa: “Li p ap rive nan vil sa a, ni tire yon flèch la. Li p ap parèt devan l ak boukliye, ni monte yon ran syèj kont li.
“所以耶和华论亚述王如此说:他必不得来到这城,也不在这里射箭,不得拿盾牌到城前,也不筑垒攻城。
34 Pa menm chemen ke li te vini an, pa li menm li va retounen e li p ap rive sou vil sa a,’ deklare SENYÈ a.
他从哪条路来,必从那条路回去,必不得来到这城。这是耶和华说的。
35 ‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”
因我为自己的缘故,又为我仆人大卫的缘故,必保护拯救这城。”
36 Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.
耶和华的使者出去,在亚述营中杀了十八万五千人。清早有人起来一看,都是死尸了。
37 Konsa, Sanchérib, wa Assyrie a te sòti, te retounen lakay li e te rete Ninive.
亚述王西拿基立就拔营回去,住在尼尼微。
38 Li te vin rive pandan li t ap adore lakay Nisroc, dye pa li a, ke Adrammélec ak Scharetser, fis li yo, te touye li ak nepe e yo te chape antre nan peyi Ararat. Konsa, Ésar-Haddon, fis li a, te renye nan plas li.
一日在他的神—尼斯洛庙里叩拜,他儿子亚得米勒和沙利色用刀杀了他,就逃到亚拉腊地。他儿子以撒哈顿接续他作王。