< Ezayi 35 >

1 Savann nan ak dezè a va kontan. Tè dezole a va rejwi e flèri, tankou yon woz.
Freuen sollen sich die Wüste und das dürre Land; die Steppe soll jubeln und aufsprießen wie Krokus!
2 Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.
Üppig soll sie aufsprießen und jubeln, ja jubeln und jauchzen! Die Herrlichkeit des Libanon wird ihr geschenkt, die Pracht unseres Gottes.
3 Ankouraje men ki pedi fòs, e ranfòse jenou ki fèb la.
Stärkt die lassen Hände und festigt die wankenden Kniee!
4 Pale a sila ki gen kè twouble yo, “Pran kouraj! Pa pè! Gade byen, Bondye nou an va vini ak vanjans. Rekonpans Li an va rive. Li va vini, e Li va sove nou.”
Sprecht zu denen, die bestürzten Sinnes sind: Seid getrost, habt keine Furcht! Da ist euer Gott! Die Rache kommt, die Vergeltung Gottes! Er selbst kommt und hilft euch.
5 Konsa, zye avèg yo va louvri, e zòrèy a soud yo debouche.
Dann werden sich die Augen der Blinden aufthun, und die Ohren der Tauben sich öffnen.
6 Moun bwate yo va vòltije tankou sèf, e lang bèbè a va rele ak gwo jwa. Paske dlo va pete nan tè sèch yo, ak vwa dlo yo nan dezè a.
Dann wird der Lahme springen wie ein Hirsch, und die Zunge des Stummen wird jauchzen; denn in der Wüste brechen Wasser hervor, und Bäche in der Steppe,
7 Peyi deseche a va vin tounen yon letan, e tè swaf kòn sous k ap pete dlo. Nan landwa chen mawon yo, nan kote yo poze a, va gen zèb ak wozo ak jon.
und die Kimmung wird zum Teich und das durstige Land zu Wasserquellen. An der Stätte der Schakale, an ihrem Lager, entsteht ein Gehege für Schilf und Rohr.
8 Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
Und eine gebahnte Straße wird es dort geben; der heilige Weg wird sie heißen, kein Unreiner wird sie betreten. Er selbst wird für sie des Weges ziehn; so werden auch Thörichte nicht irren.
9 Nanpwen lyon k ap la, ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. Yo p ap twouve la. Men rachte yo va mache la.
Nicht wird es dort Löwen geben, noch werden reißende Tiere zu ihr hinauf steigen; keines läßt sich dort betreffen, und sicher wandeln die Erlösten.
10 Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.
Jahwes Befreite kehren heim und gelangen nach Zion mit Jauchzen, und ewige Freude umschwebt ihr Haupt. Wonne und Freude erlangen sie, Kummer und Seufzen entfliehn.

< Ezayi 35 >