< Ezayi 34 >

1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande! Koute, o pèp yo! Kite latè ak tout sa ki ladann tande, e lemonn ak tout sa ki ladann.
Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute!
2 Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo e jijman Li brile kont tout lame yo. Li te detwi yo nèt. Li te donnen yo a yon gwo masak.
Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li.
3 Konsa, mò yo va jete deyò. Kadav yo va fè movèz odè, e mòn yo va tranpe ak san yo.
Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san.
4 Tout lame syèl la va vin efase. Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv; e tout lame li yo va vin fennen nèt, tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an, oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy.
5 Paske nepe Mwen bwe ase nan syèl la. Gade byen, li va desann pou jije Édom ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri.
6 Nepe SENYÈ a plen ak san. Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, ak bouk yo, ak grès a ren belye. Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra, ak yon gwo masak nan peyi Édom.
Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon.
7 Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès.
Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès.
8 Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans, yon ane vanjans pou koz a Sion an.
Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo.
9 Sous dlo li yo va devni goudwon e tè pousyè li kon souf. Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
Tout dlo larivyè nan peyi Edon pral tounen goudwon. Pousyè tè a ap tounen souf. Tout peyi a pral boule tankou goudwon.
10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit. Lafimen li va monte jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole. Okenn moun p ap pase ladann pou tout tan e pou tout tan.
L'ap boule lajounen kou lannwit. Lafimen pral soti ladan l' tout tan san rete. Tè a ap tounen savann pou tout tan tout tan. Moun p'ap janm pase la ankò.
11 Men grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li e ibou ak kònèy a va demere ladann. Li va tann sou li lign latwoublay, ak fil a plon vid la.
Se la koukou ak frize pral fè nich yo. Se la kaou ak malfini pral rete. Seyè a pral fè l' tounen yon dezè san anyen ladan li.
12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan, menp ap gen k ap parèt. Tout prens li yo p ap anyen.
P'ap gen grannèg pou chwazi wa ankò pou gouvènen peyi a, tout chèf yo ap disparèt.
13 Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo. L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. Li va fè kay tribinal pou otrich la.
Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo.
14 Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo; kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li. Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la; l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
Bèt k'ap viv nan dezè yo pral kontre ak chen mawon. Mal yo, yonn pral rele lòt. Se la lagrandyab la pral rete. Se la l'a jwenn yon kote pou l' poze kò l'.
15 La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze; li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li. Menm bèt malfini yo va rankontre la, yo chak ak pwòp parèy yo.
Se la koulèv pral fè nich yo, se la y'ap ponn. Se la y'ap kouve ze yo, se la y'ap okipe pitit yo. Se la malfini karanklou yo pral sanble.
16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li: Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la; okenn p ap manke parèy yo. Paske bouch Mwen te pase lòd, e Lespri Li te ranmase yo.
Ale gade nan liv Bondye a. Li sa ki ladan l'. Pa manke yon sèl nan tout bèt li kreye yo. Yo yonn pa pèdi parèy yo. Se Seyè a menm ki bay lòd sa a. Se lespri li k'ap mete yo ansanm yonn ak lòt.
17 Li te tire osò pou yo, e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a. Yo va posede kote a jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.
Se li menm menm ki pral separe tè a ba yo chak pòsyon pa yo. Y'ap rete nan peyi a pou tout tan. Peyi a va rele yo pa yo jouk sa kaba.

< Ezayi 34 >