< Ezayi 33 >

1 Malè a ou menm, O ou ki detwi lòt pandan ou pa t detwi; epi sila ki fè trèt pandan lòt moun pa t aji an trèt avè w. Depi ou fin detwi, ou osi va vin detwi nèt. Depi ou fin fè trèt, lòt moun va fè trèt kont ou.
禍哉,你這不受侵害而侵害人,不受劫掠而劫掠人的人!當你侵害完了,你將遭受別人的侵害;當你劫掠完了,你將遭受別人的劫掠。
2 O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou. Sèvi kon fòs pa nou chak maten, delivrans pa nou nan tan gwo twoub.
上主啊!憐恤我們罷!我們仰望你,每日清晨,請作我們的臂膊!在窘迫時,請作我們的救援!
3 Lè bri zen an vin leve, pèp yo sove ale. Lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye.
叫囂的聲音一響,民眾遂即逃遁;你一奮起,萬民便都潰散。
4 Piyaj pa W va ranmase tankou cheni ranmase. Tankou krikèt volan konn vòltije, se konsa y ap vòltije sou li.
人們收集掠物,有如拾取蚱蜢;急於劫掠,有如蝗蟲疾跳。
5 SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete. Li te ranpli Sion ak jistis ak ladwati.
上主是崇高的,因為他居於高處;他以正義和公平充盈了熙雍。
6 Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
他是你命運的保障,得救的府庫、智慧和明智;敬畏上主, 將是你的寶藏。
7 Gade byen, mesye pwisan pa yo, kriye nan lari, anbasadè lapè yo kriye fò.
看哪!傳信的的人在外號叫,和平使者悲痛啼哭。
8 Gran chemen yo rete vid. Moun ki vwayaje yo sispann. Li te kase akò a. Li te meprize vil yo. Li pa respekte pèsòn.
大路已經荒廢,行旅已經絕跡。他撕毀了盟約,藐視了證人,不顧及任何人。
9 Peyi a kriye ak doulè, ak kè fennen. Liban vin wont e tanme disparèt. Saron vin tankou yon dezè e Basan ak Carmel pèdi tout fèyaj.
地域悽慘頹廢,黎巴嫩慚赧憔悴,沙龍變成荒野,巴商和加爾默耳搖曳凋零。
10 “Koulye a, Mwen va leve”, SENYÈ a di: “Koulye a Mwen va egzalte. Koulye a Mwen va leve wo.
上主說:「現在我要起來,現在我要奮發,現在我要受尊崇!
11 Nou te ansent pay, e nou va akouche pay. Souf Mwen va manje nou tankou dife.
你們所懷的是枯草,所生的是碎湝;我的氣息有如火燄,必將你們焚盡!
12 Pèp yo va brile kon lacho, tankou pikan koupe ki fin brile nan dife a.”
萬民將被焚燒,有如石灰,又如斬斷的荊棘燬於火中。
13 “Nou menm ki lwen yo, koute sa ke M te fè a; epi nou menm ki toupre, rekonèt pwisans Mwen.”
遠方的人要聽到我的作為,近處的人要嘗試我的能力!」
14 Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz; tranbleman fin sezi enkwayan yo. Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay? “Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tou tan an?”
熙雍的罪人戰兢害怕,不法之徒為恐懼所攫:「我們中誰能與吞噬的烈火同居﹖我們中誰能與不滅的烈燄共處﹖」
15 Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a? Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la, e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo; sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san, e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.
那行走正道,出言真誠的,鄙棄欺詐入息的,搖手不受賄賂的,充耳不聞流血陰謀的,閉眼不看邪惡的:
16 Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
這樣的人要居高處,巖石上的保壘將作他的保障,他的食物有人供應,他的水可得保全。
17 Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li. Yo va wè yon peyi ki byen lwen.
你必要舉目瞻仰具有華美的君王,要遙望幅員廣闊的地帶。
18 Kè ou va medite sou gwo laperèz la. “Kote sila ki te konte a? Kote sila ki te peze a? Kote sila ki te konte fò yo?”
你的心追憶起已往的恐怖時,要說:「登記的人員在那裏呢﹖量銀的人員在那裏呢﹖數點城堡的人又在那裏呢﹖」
19 Ou p ap ankò wè yon pèp fewòs, yon pèp ak langaj dwòl ke ou pa konprann, a lang bege ke pèsòn pa konprann.
你再見不到那野蠻的民族,即言語深邃而難以領悟,說話口吃而不易理喻的民族。
20 Gade sou Sion, gran vil a gwo fèt dezinye yo. Zye ou va wè Jérusalem, yon abitasyon san twoub, yon tant ki p ap bezwen pliye. Pikèt li p ap janm rache, ni kòd li yo p ap chire.
你將觀看熙雍,我們集會的城邑;你的眼將見到耶路撒冷,安全的寓所,不動搖的帳幕;她的木樁永不能拔出,她所有的繩索也不能拉斷。
21 Men la, SENYÈ va avèk nou nan majeste, yon kote ak rivyè ak gwo kanal, sou sila gwo kannòt ak anpil zaviwon p ap janm pase, ni gwo bato p ap janm pase la.
榮耀的上主在那裏將作我們的巨川大河,沒有舟楫往來其間,也沒有遊艇划過。
22 Paske SENYÈ a se jij nou. Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. Se SENYÈ a ki wa nou. Se Li menm ki va sove nou.
它的繩索鬆弛了,沒有穩固桅杆的力量,也沒有扯起船帆的力量。
23 Kòd vwal nou yo vin lach. Yo p at ka soutini baz ma bato a byen, ni kenbe vwal la gran ouvri. Alò, piyaj la a gwo boutin nan te divize. Sila ki bwate a te pran piyaj la.
因為上主是我們的判官,上主是我們的立法者,上主是我們的君王,他必拯救我們。
24 Pèp peyi a pa p di: “Mwen malad”. Moun ki rete la yo va padone pou inikite yo.
那時,瞎子要分得許多戰利品,瘸子要取得擄獲物。 沒有一個居民再會說:「我病了。」住在那裏的人必將獲得罪赦。

< Ezayi 33 >