< Ezayi 32 >

1 Gade byen, yon wa va renye ak ladwati e prens yo va renye ak jistis.
보라 장차 한 왕이 의로 통치할 것이요 방백들이 공평으로 정사할 것이며
2 Yon nonm va tankou yon abri kont van ak yon pwotèj kont tanpèt, tankou sous dlo nan yon peyi sèch, tankou lonbraj a yon gwo wòch nan yon peyi ki deseche.
또 그 사람은 광풍을 피하는 곳 폭우를 가리우는 곳 같을 것이며 마른 땅에 냇물 같을 것이며 곤비한 땅에 큰 바위 그늘 같으리니
3 Alò, zye a sila ki wè yo, p ap vin avegle; zòrèy a sila ki tande yo, va koute.
보는 자의 눈이 감기지 아니할 것이요 듣는 자의 귀가 기울어질 것이며
4 Kè a sila ki aji san reflechi a va konprann verite, e lang lan a sila ki bege a va pale klè.
조급한 자의 마음이 지식을 깨닫고 어눌한 자의 혀가 민첩하여 말을 분명히 할 것이라
5 Li p ap rive ankò ke yo rele moun fou, prens; ni rele vakabon, moun bon kè.
어리석은 자를 다시 존귀하다 칭하지 아니하겠고 궤휼한 자를 다시 정대하다 말하지 아니하리니
6 Paske moun fou a pale foli, e kè li apiye vè mechanste: pou fè sa ki kont Bondye e pale mal kont SENYÈ a, pou kenbe moun grangou a san satisfè, e pou anpeche moun swaf la bwè.
이는 어리석은 자는 어리석은 것을 말하며 그 마음에 불의를 품어 간사를 행하며 패역한 말로 여호와를 거스리며 주린 자의 심령을 비게 하며 목마른 자의 마시는 것을 없어지게 함이며
7 Pou vakabon an, zam li se mechanste. Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang, malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
궤휼한 자는 그 그릇이 악하여 악한 계획을 베풀어 거짓말로 가련한 자를 멸하며 빈핍한 자가 말을 바르게 할지라도 그리함이어니와
8 Men sila ki prens toujou fòme plan ki bèl; epi pa bèl plan an, ap kanpe.
고명한 자는 고명한 일을 도모하나니 그는 항상 고명한 일에 서리라
9 Leve ou menm, O fanm ki alèz e tande vwa mwen! Prete zòrèy a pawòl mwen, fi ki alèz, san pwoblèm yo.
너희 안일한 부녀들아 일어나 내 목소리를 들을지어다 너희 염려없는 딸들아 내 말에 귀를 기울일지라
10 Nan yon ane ak kèk jou, nou va twouble, O fi ki san pridans yo; paske, afè fwi diven an va fini, ni rekòlt la p ap rive.
너희 염려 없는 여자들아 일년 남짓이 지나면 너희가 당황하여 하리니 포도 수확이 없으며 열매 거두는 기한이 이르지 않을 것임이니라
11 Tranble, fanm alèz yo; twouble, nou menm ki san pridans! Retire rad nou, dezabiye nou e mete twal sak nan senti nou.
너희 안일한 여자들아 떨지어다 너희 염려 없는 자들아 당황하여 할지어다 옷을 벗어 몸을 드러내고 베로 허리를 동일지이다
12 Bat lestomak nou pou bèl chan jaden yo, pou chan ki plen ak fwi rezen yo.
좋은 밭을 위하며 열매 많은 포도나무를 위하여 가슴을 치게 될것이니라
13 Anplispou peyi a pèp mwen an, kote pikan ak raje va pouse monte; wi pou tout kay plen ak jwa yo ak gran vil kè kontan yo.
형극과 질려가 내 백성의 땅에 나며 희락의 성읍, 기뻐하는 모든 집에 나리니
14 Paske palè a vin vid, e gran vil plen moun yo vin abandone. Kolin ak fò ki wo yo vin tounen kav yo jis pou tout tan, yon plezi pou bourik mawon, yon patiraj pou bann mouton yo;
필경은 위에서부터 성신을 우리에게 부어주시리니 광야가 아름다운 밭이 되며 아름다운 밭을 삼림으로 여기게 되리라
15 jiskaske Lespri a vide sou nou soti anwo, epi savann nan vin fè yon chan fètil, e chan fètil la va vin konsidere kon yon forè.
그 때에 공평이 광야에 거하며 의가 아름다운 밭에 있으리니
16 Nan lè sa a lajistis va demere nan dezè a e ladwati nan chan fètil la.
의의 공효는 화평이요 의의 결과는 영원한 평안과 안전이라
17 Epi zèv ladwati a va lapè, e sèvis ladwati a va kalm ak konfyans k ap dire jis pou tout tan.
내 백성이 화평한 집과 안전한 거처와 종용히 쉬는 곳에 있으려니와
18 Nan lè sa a, pèp mwen an va viv nan yon abitasyon lapè, ak sekirite ki san twoub nan plas repo san pwoblèm.
먼저 그 삼림은 우박에 상하고 성읍은 파괴되리라
19 Malgre lagrèl tonbe kraze forè a, e gran vil la va vin devaste nèt.
모든 물가에 씨를 뿌리고 소와 나귀를 그리로 모은 너희는 복이 있느니라
20 A la beni nou va beni, nou menm ki simen akote tout dlo yo, ki lage pye bèf ak bourik la.

< Ezayi 32 >