< Ezayi 30 >

1 “Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki resevwa konsèy, men ki pa pa M; ki fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M, pou ogmante peche sou peche;
Ve de genstridige Børn — saa lyder det fra HERREN — som fuldbyrder Raad, der ej er fra mig, slutter Forbund, uden min Aand er med, for at dynge Synd paa Synd,
2 ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte!
de, som gaar ned til Ægypten uden at spørge min Mund for at værne sig ved Faraos Værn, søge Ly i Ægyptens Skygge!
3 Akoz sa, sekirite Farawon va vin wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou.
Faraos Værn skal blive jer til Skam og Lyet i Ægyptens Skygge til Skændsel.
4 Paske prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès.
Thi er end hans Fyrster i Zoan, hans Sendebud naaet til Hanes,
5 Tout moun va vin wont akoz yon pèp ki p ap ka bay yo okenn avantaj, ni pou sekou, ni pou pwofi, men pou wont, e anplis, pou repwòch.”
enhver skal faa Skam af et Folk, der ikke kan bringe dem Hjælp, ej være til Gavn eller Hjælp, men kun til Skam og Skændsel.
6 Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.
Et Udsagn om Sydlandets Dyr: Gennem Angstens og Trængselens Land, hvor Løvinde og Løve har hjemme, Giftsnog og vinget Slange, fører de paa Æslers Ryg deres Gods, paa Kamelers Pukkel deres Skatte til et Folk, der ikke kan hjælpe.
7 Paske sekou Égypte, se vanite san rezilta. Akoz sa, Mwen te rele li Rahab ki kanpe janm.
Ægyptens Hjælp er Vind og Luft. Derfor kalder jeg det »Rahab, der hytter sig.«
8 Koulye a, ale, ekri li sou yon adwaz devan yo, e enskri li sou yon woulo papye pou l ka sèvi nan tan k ap vini yo. Konsa la sèvi yon temwen jis pou tout tan.
Gaa nu hen og skriv det paa en Tavle i deres Paasyn og optegn det i en Bog, at det i kommende Tider kan staa som Vidnesbyrd evindelig.
9 Paske sa se yon pèp rebèl, fis manti, fis ki refize koute enstriksyon SENYÈ a;
Thi det er et stivsindet Folk, svigefulde Børn, Børn, der ikke vil høre HERRENS Lov,
10 ki di a konseye yo, “Ou pa dwe wè vizyon”, epi a pwofèt yo, “Ou pa dwe pwofetize a nou menm sa ki dwat. Pale nou bèl pawòl dous, pwofetize ilizyon.
som siger til Seerne: »Se ingen Syner!« til fremsynte: »Skuer os ikke det rette! Tal Smiger til os, skuer os Blændværk,
11 Sòti nan wout la, vire sou kote chemen an. Pa kite nou tande menm ankò afè a Sila Ki Sen an Israël la.”
vig bort fra Vejen, bøj af fra Stien, lad os være i Fred for Israels Hellige!«
12 Akoz sa, konsa pale Sila Ki Sen an Israël la: “Akoz nou te rejte pawòl sa a, e te mete konfyans nou nan opresyon ak desepsyon, e te depann de yo,
Derfor, saa siger Israels Hellige: Siden I ringeagter dette Ord og stoler paa krumt og kroget og støtter jer til det,
13 akoz sa, inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe sibitman, nan yon enstan.
derfor skal denne Brøde blive for eder som en truende, voksende Revne i en knejsende Mur, hvis Fald vil indtræffe brat, lige i et Nu;
14 Lè l vin kraze, l ap tankou po a mèt kanari a, ki tèlman kraze ak vyolans ke yon mòso cha p ap ka twouve pami mòso yo, ki ta ka menm pote dife sòti nan founo a, oswa kenbe dlo ki sòti nan sitèn nan.”
den sønderbrydes som Lerkar; der skaanselsløst knuses; blandt Stumperne finder man ikke et Skaar, hvori man kan hente en Glød fra Baalet eller øse Vand af Brønden.
15 Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: “Nan repantans ak repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye.” Men nou pa t vle.
Thi saaledes sagde den Herre HERREN, Israels Hellige: Ved Omvendelse og Stilhed skal I frelses, i Ro og Tillid er eders Styrke.
16 Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! “Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid.
Men I vilde ikke; I sagde: »Nej, vi jager paa Heste« — I skal derfor jages! »Vi rider paa Rapfod« — I skal derfor forfølges af rappe.
17 Mil moun va sove ale menase pa yon sèl moun. Nou va sove ale sou menas a senk moun, jiskaske nou vin lage tankou yon drapo sou yon do mòn; tankou yon siyal k ap limen sou yon kolin.
Tusind skal fly for een, som truer; Flugten skal I tage for fem, som truer, til I kun er en Rest som Stangen paa Bjergets Tinde, som Banneret oppe paa Højen.
18 Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
Derfor længes HERREN efter at vise eder Naade, derfor staar han op for at forbarme sig over eder. Thi Rettens Gud er HERREN; salige alle, der længes efter ham!
19 Paske moun yo va rete nan Sion, nan Jérusalem. Nou p ap kriye ankò. Anverite Li va fè nou gras lè L tande vwa kriye nou. Lè L tande l, Li va reponn nou.
Ja, du Folk i Zion, du, som bor i Jerusalem, lad ikke Graaden overmande dig! Naadig vil han vise dig Naade, naar du raaber; saa snart han hører dig, svarer han.
20 Sepandan, Senyè a te bay nou pen advèsite, ak dlo lafliksyon, malgre, pwofesè nou yo, p ap kache tèt yo ankò, men zye nou va wè pwofesè nou yo.
Herren skal give eder Trængselsbrød og Fængselsdrik; men saa skal din Vejleder ikke mere dølge sig, dine Øjne skal skue din Vejleder;
21 Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”.
dine Ører skal høre det Ord bag ved dig: »Her er Vejen, I skal gaa!« hver Gang I er ved at vige til højre eller venstre.
22 Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”
Da skal du holde dine Sølvbilleders Overtræk og dine Guldbilleders Klædning for urene; du skal slænge dem bort som Skarn. »Herud!« skal du sige til dem.
23 Epi Li va bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj.
Da giver han Regn til Sæden, du saar i din Jord; og Brødet, som din Jord bærer, skal være kraftigt og nærende. Paa hin Dag græsser dit Kvæg paa vide Vange;
24 Anplis, bèf ak bourik ki travay latè yo va manje yon manje bon gou, ki te vannen ak pèl ak fouchèt.
Okserne og Æslerne, der arbejder paa Marken, skal æde saltet Blandfoder, renset med Kasteskovl og Fork.
25 Sou chak mòn ki wo ak chak kolin, va gen sous ki kouri ak dlo nan jou gwo masak la lè fò yo vin tonbe.
Paa hvert højt Bjerg og hver knejsende Banke skal Kilder vælde frem med rindende Vand paa det store Blodbads Dag, naar Taarne falder.
26 Limyè lalin nan va tankou limyè solèy la, e limyè solèy la va sèt fwa pi klere tankou limyè ki pou sèt jou, nan jou ke SENYÈ a geri frakti a pèp Li a e panse blesi ki te frape yo.
Maanens Lys skal blive som Solens, og Solens Lys skal blive syvfold stærkere, som syv Dages Lys, paa hin Dag da HERREN forbinder sit Folks Brud og læger dets slagne Saar.
27 Gade byen, non a SENYÈ a sòti yon kote byen lwen. Lakòlè Li plen chalè ak lafimen k ap monte byen pwès. Lèv Li plen ak gwo kòlè e lang Li tankou yon dife k ap brile tout bagay.
Se, HERRENS Navn kommer langvejsfra i brændende Vrede, med tunge Skyer; hans Læber skummer af Vrede, fortærende Ild er hans Tunge,
28 Souf Li tankou yon flèv k ap debòde, ki rive jis nan kou, pou souke nasyon yo. L ap fè yo ale retou nan yon paswa destriksyon. Yon brid ki mennen nan destriksyon an va plase nan bouch a pèp yo.
hans Aande som en rivende Strøm, der naar til Halsen. Folkene ryster han i Undergangens Sold, lægger Vildelsens Bidsel i Folkeslags Mund.
29 Konsa, nou va chante tankou nan lannwit la, tankou lè nou rete nan fèt ak kè kontan, tankou lè yon moun ap mache sou son a flit, pou ale nan mòn SENYÈ a, Wòch Israël la.
Sang skal der være hos eder som i Natten, naar Højtid gaar ind, en Hjertens Glæde som en Vandring til Fløjte mod HERRENS Bjerg, mod Israels Klippe.
30 SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo.
HERREN lader høre sin Højheds Røst og viser sin Arm, der slaar ned med fnysende Vrede, ædende Lue, Skybrud, skyllende Regn og Hagl.
31 Paske ak vwa SENYÈ a, Assyrie va vin etone nèt. L ap vin frape ak baton.
For HERRENS Røst bliver Assur ræd, med Kæppen slaar han;
32 Chak kout baton pinisyon ke SENYÈ a mete sou li, va fèt ak mizik a tanbouren ak gita. Li va fè batay ak yo. L ap rale tout zam yo parèt. Li va goumen kont yo.
hvert et Slag af Tugtelsens Stok, som HERREN lader falde paa Assur, er til Paukers og Citres Klang; med Svingnings Kampe kæmper han mod det.
33 Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.
Thi for længst staar et Alter rede — mon det og er rejst for Molok? — han gjorde dets Ildfang dybt og bredt, bragte Ild og Ved i Mængde; HERRENS Aande sætter det i Brand som en Strøm af Svovl.

< Ezayi 30 >