< Ezayi 28 >

1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo!
Gorje kroni ponosa, efrájimskim pijancem, katerih veličastna lepota je odcvetena roža, ki je na čelu obilnih dolin tistih, ki so premagani z vinom.
2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li.
Glej, Gospod ima mogočnega in močnega, ki bo kakor neurje s točo in uničujoč vihar, kakor poplava mogočnih vodá, ki preplavljajo, z roko vrgel dol k zemlji.
3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye.
Krona ponosa, efrájimski pijanci, bodo pomendrani pod stopali.
4 Epi flè ki kanpe sou tèt valè fètil la, va vin pèdi bèlte li tankou premye fwi figye etranje ke yon moun wè avan gran sezon a. Yon moun jwenn l, epi lapoula, li vale l.
Veličastna lepota, ki je na čelu obilne doline, bo veneča roža in kakor zgodnji sad pred poletjem; ko ga tisti, ki pogleda nanj, vidi, ga pojé, medtem ko je še v njegovi roki.
5 Nan jou sa a, SENYÈ dèzame yo va vini yon bèl kouwòn, yon dyadèm ranpli ak glwa pou retay a pèp Li a.
Na tisti dan bo Gospod nad bojevniki za krono slave in za diadem lepote preostanku svojega ljudstva
6 Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.
in za duha sodbe tistemu, ki sedi na sodbi in za moč tistim, ki bitko odvračajo k velikim vratom.
7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman.
Vendar so tudi oni zašli zaradi vina in zaradi močne pijače so omahnili iz poti; duhovnik in prerok sta zašla zaradi močne pijače, pogoltnjena sta od vina, zaradi močne pijače sta omahnila iz poti; motita se v videnju, spotikata se v sodbi.
8 Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.
Kajti vse mize so polne izbljuvkov in umazanosti, tako da tam ni čistega prostora.
9 A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo?
Koga bo učil spoznanja? In koga bo pripravil, da razume nauk? Tiste, ki so odstavljeni od mleka in odtegnjeni od prsi.
10 Paske Li pale, Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la.
Kajti predpis mora biti na predpis, predpis na predpis; ukaz na ukaz, ukaz na ukaz; malo tukaj in malo tam,
11 Anverite, Li va pale ak pèp sa a ak lèv bege e ak yon lang etranje,
kajti z jecljajočimi ustnicami in drugim jezikom bo govoril temu ljudstvu.
12 Sila ki te di yo: “Men repo isit la; bay repo a sila ki fatige yo,” epi: “Men repo”, men yo pa t koute.
Katerim je rekel: »To je počitek, s katerim lahko izmučenemu storite, da počiva in to je osvežitev.« Vendar niso hoteli poslušati.
13 Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.
Toda Gospodova beseda jim je bila predpis na predpis, predpis na predpis; ukaz na ukaz, ukaz na ukaz; malo tukaj in malo tam; da lahko gredo, padejo vznak, se zlomijo, se ulovijo in ujamejo.
14 Pou sa, koute pawòl SENYÈ a, O nou menm k ap moke yo, sila ki chèf sou pèp sa a ki rete nan Jérusalem nan:
Zato poslušajte Gospodovo besedo, vi posmehljivci, ki vladate temu ljudstvu, ki je v Jeruzalemu.
15 “Akoz nou te di: ‘Nou te fè yon akò ak lanmò’, epi ak Sejou mò yo, nou te vin angaje. Gwo dega p ap rive sou nou lè l pase, paske nou te fè pwotèj nou ak manti e nou te kache kò nou ak desepsyon.” (Sheol h7585)
Ker ste rekli: »Sklenili smo zavezo s smrtjo in s peklom smo v dogovoru. Ko bo šel skozi poplavljajoč bič, ta ne bo prišel k nam, kajti laži smo naredili za svoje zatočišče in pod neresnico smo se skrili.« (Sheol h7585)
16 Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.
Zato tako govori Gospod Bog: »Glej, na Sionu polagam za temelj kamen, preizkušen kamen, dragocen vogalni kamen, postavljen temelj. Kdor veruje, ne bo vznemirjeno hitel.
17 Mwen va fè jistis sèvi kon lign mezi e ladwati kon règ nivo. Lagrèl va bale tout fatra nèt ki fèt ak manti, e dlo yo va debòde antre nan kote sekrè a.
Tudi sodbo bom položil k merilu in pravičnost h grezilu in toča bo pomedla zatočišče laži in vode bodo preplavile skrivališče.
18 Akò nou an ak lanmò va anile, e angajman nou an ak Sejou mò yo p ap kanpe. Lè gwo twoub la k ap kraze tout moun nan, pase kote nou, alò, nou va foule anba l. (Sheol h7585)
Vaša zaveza s smrtjo bo razveljavljena in vaš dogovor s peklom ne bo obstal; ko bo skozi šel preplavljajoč bič, potem boste z njim pomendrani. (Sheol h7585)
19 Otan li pase, li va kenbe nou; maten apre maten, l ap pase. Nenpòt lè pandan lajounen oswa lannwit, pou konprann sa li ye a, va pote gwo laperèz.”
Od časa, ko gre ta naprej, vas bo zgrabil, kajti jutro za jutrom bo ta prehajal, podnevi in ponoči. To bo samo draženje, da razume poročilo.
20 Kabann nan twò kout pou lonje kò nou e dra a twò etwat pou vlope nou.
Kajti postelja je krajša, kakor se človek lahko iztegne na njej in pokrivalo ožje, kakor se lahko zavije vanj.
21 Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.
Kajti Gospod se bo dvignil kakor na gori Peracím, ogorčen bo kakor v dolini Gibeón, da lahko opravi svoje delo, svoje čudno delo in privede, da se njegovo dejanje zgodi, njegovo čudno dejanje.
22 Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou detwi tout latè a.
Zdaj torej ne bodite zasmehovalci, da ne bi vaše vezi postale močne, kajti od Gospoda Boga nad bojevniki sem slišal uničenje, celo določeno nad celotno zemljo.
23 Prete zòrèy nou pou tande vwa mwen! Koute e tande pawòl mwen yo.
Pazljivo prisluhnite in poslušajte moj glas, prisluhnite in poslušajte moj govor.
24 Èske kiltivatè a raboure tout tan pou plante grenn semans? Èske li pa janm sispann vire tè a?
Mar orač orje ves dan, da bi sejal? Ali odpira in brana svojo zemljo?
25 Èske li pa fè tè a nivo pou simen grenn lanni, gaye grenn kimen, plante ble nan ranje yolòj nan plas li ak pitimi nan kote pa li?
Ko je njeno površino izravnal, mar ne meče naokoli pire, raztrosi kumino in meče noter glavno pšenico in določen ječmen in piriko na njihov prostor?
26 Paske Bondye pa li a enstwi li, e montre li sa ki bon.
Kajti njegov Bog ga navaja k preudarnosti in ga uči.
27 Paske grenn lanni pa kraze vannen ak gwo baton, ni wou kabwèt pa woule sou kimen, men lanni bat ak yon planch bwa e kimen ak yon baton.
Kajti pira ni mlatena z mlatilno pripravo niti kolo voza obračano nad kumino, temveč je pira otepana s palico in kumina s šibo.
28 Sereyal pou fè pen oblije kraze; anverite, li p ap ka kontinye bat pou vannen li tout tan. Menmsi wou kabwèt li a ak pye cheval li yo ta pase sou li, cheval la pa ka fè l moulen.
Krušno žito je zmleto, ker ga nikoli ne bo mlatil niti lomil s kolesom svojega voza niti ga poškodoval s konjeniki.
29 Sa anplis, sòti nan SENYÈ dèzame yo, ki te fè konsèy Li mèvèye, ak sajès Li byen gran.
Tudi to prihaja od Gospoda nad bojevniki, ki je čudovit v nasvetu in odličen v delu.

< Ezayi 28 >