< Ezayi 26 >

1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: “Nou gen yon vil ki fò; li monte miray ak ranfò pou sekirite.
ביום ההוא יושר השיר הזה בארץ יהודה עיר עז לנו ישועה ישית חומות וחל׃
2 Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre; sila ki rete fidèl la.
פתחו שערים ויבא גוי צדיק שמר אמנים׃
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo, Ou va kenbe nan lapè pafè, akoz li gen konfyans nan Ou.
יצר סמוך תצר שלום שלום כי בך בטוח׃
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, paske nan BONDYE SENYÈ a, nou gen yon Wòch etènèl.
בטחו ביהוה עדי עד כי ביה יהוה צור עולמים׃
5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo, vil ki pa t kapab venk lan. Li te desann li ba. Li te desann li jis atè. Li te jete li nan pousyè.
כי השח ישבי מרום קריה נשגבה ישפילנה ישפילה עד ארץ יגיענה עד עפר׃
6 Pye va foule l, pye a malere a, pla pye a sila ki san sekou yo.”
תרמסנה רגל רגלי עני פעמי דלים׃
7 Chemen moun jis se ladwati. O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
ארח לצדיק מישרים ישר מעגל צדיק תפלס׃
8 Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
אף ארח משפטיך יהוה קוינוך לשמך ולזכרך תאות נפש׃
9 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
נפשי אויתיך בלילה אף רוחי בקרבי אשחרך כי כאשר משפטיך לארץ צדק למדו ישבי תבל׃
10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.
יחן רשע בל למד צדק בארץ נכחות יעול ובל יראה גאות יהוה׃
11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
יהוה רמה ידך בל יחזיון יחזו ויבשו קנאת עם אף אש צריך תאכלם׃
12 SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou, akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.
יהוה תשפת שלום לנו כי גם כל מעשינו פעלת לנו׃
13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; men se non Ou sèl, ke nap konfese.
יהוה אלהינו בעלונו אדנים זולתך לבד בך נזכיר שמך׃
14 Sila ki mouri yo p ap viv. Lespri ki pati yo p ap leve ankò. Konsa, Ou te pini yo, detwi yo e Ou te efase tout memwa a yo menm.
מתים בל יחיו רפאים בל יקמו לכן פקדת ותשמידם ותאבד כל זכר למו׃
15 Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, Ou te agrandi nasyon an! Ou leve wo! Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.
יספת לגוי יהוה יספת לגוי נכבדת רחקת כל קצוי ארץ׃
16 O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.
יהוה בצר פקדוך צקון לחש מוסרך למו׃
17 Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.
כמו הרה תקריב ללדת תחיל תזעק בחבליה כן היינו מפניך יהוה׃
18 Nou te ansent, nou te vire kò, men nou pa t bay nesans a plis ke van. Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a, ni pitit mond yo pa t tonbe.
הרינו חלנו כמו ילדנו רוח ישועת בל נעשה ארץ ובל יפלו ישבי תבל׃
19 Moun mouri Ou yo va viv; kadav pa yo va leve. Nou menm ki kouche nan pousyè a, leve e fè kri lajwa, paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
יחיו מתיך נבלתי יקומון הקיצו ורננו שכני עפר כי טל אורת טלך וארץ רפאים תפיל׃
20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou e fèmen pòt nou dèyè nou. Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.
לך עמי בא בחדריך וסגר דלתיך בעדך חבי כמעט רגע עד יעבור זעם׃
21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, e li p ap kache mò li yo ankò.
כי הנה יהוה יצא ממקומו לפקד עון ישב הארץ עליו וגלתה הארץ את דמיה ולא תכסה עוד על הרוגיה׃

< Ezayi 26 >