< Ezayi 25 >

1 O SENYÈ, Ou se Bondye mwen. Mwen va leve Ou byen wo! Mwen va bay remèsiman a non Ou, paske Ou te fè gwo mèvèy; plan yo ki te fòme depi lontan, avèk tout fidelite ak verite.
Господи, — Ти мій Бог! Я буду Тебе велича́ти, хвали́тиму Йме́ння Твоє, бо Ти чудо вчинив, виконав давні прире́чення, певную правду!
2 Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati.
Бо Ти купою каменя місто вчинив, укріплене місто — руїною, чужине́цький пала́ц перестав бути містом, навіки не буде воно відбудо́ване!
3 Akoz sa, yon pèp byen fò va bay Ou glwa. Gran vil a nasyon ki mechan yo va fè Ou omaj.
Тому буде хвалити Тебе наро́д сильний, місто лю́дів наси́льників буде боятись Тебе,
4 Ou te toujou yon abri pou sila ki san sekou yo; yon defans pou malere nan gwo twoub la, yon pwotèj kont tanpèt, lonbraj kont chalè. Paske souf a mechan yo se tankou gwo tanpèt lapli kont yon miray.
бо твердинею став Ти нужде́нному, твердинею став для убогого в час його у́тиску, охороною від хуртови́ни, тінню від спе́ки, — і дух тих наси́льників був немов хуртови́на на сті́ну!
5 Tankou chalè nan gwo sechrès, Ou fè bese zen a etranje yo; tankou chalè toupre lonbraj a yon nwaj, chanson a malveyan an vin bese ba.
Як спеко́ту в пустині, Ти крики чужи́нців прибо́ркав; як тінню від хмари спеко́ту, спів наси́льників так Він приглу́шить.
6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine.
І вчи́нить Господь Саваот на горі цій гости́ну з страв ситих, гостину із вин молодих, із шпіко́вого то́вщу, із очи́щених вин молодих.
7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo.
І Він на горі цій пони́щить засло́ну, заслону над усіма наро́дами, та покриття́, що розтягнене над усіма лю́дами.
8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
Смерть знищена буде наза́вжди, і витре сльозу́ Господь Бог із обличчя усякого, і га́ньбу народу Свого він усуне з усієї землі, бо Господь це сказав.
9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”
І скажуть в той день: Це наш Бог, що на Нього ми мали надію — і Він спас нас! Це Господь, що на Нього ми мали надію, — тішмося ж ми та радіймо спасі́нням Його!
10 Paske men SENYÈ a va rete sou mòn sa a. Epi Moab va foule kote li ye, tankou pay fin foule nan dlo a yon pil fimye.
Бо Господня рука на горі цій спочи́не, Моав же на місці своєму пото́птаний буде, як солома вито́птується у гної́вці,
11 L ap ouvri men l byen gran nan mitan li kon yon moun k ap naje ta lonje men l yo pou naje; men SENYÈ a va desann ògèy li ansanm ak manèv koken a men li yo.
і простя́гне він руки свої серед неї, немов той плива́к простягає, щоб пли́вати, і прини́зить пиху́ його Він разом з пі́дступами його рук.
12 L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.
А високу твердиню цих мурів твоїх Він розва́лить, пони́зить, на землю їх кине, у по́рох!

< Ezayi 25 >