< Ezayi 24 >
1 Gade byen, SENYÈ a va devaste tout latè ak gwo destriksyon, boulvèse sifas li e gaye tout moun ki rete ladann.
Gle, Jahve razvaljuje zemlju, razara je, nakazi joj lice, raspršuje stanovnike njene.
2 Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.
Svećenik će biti k'o i narod, gospodar k'o i sluga, gospodarica k'o i sluškinja, prodavač k'o i kupac, zajmodavac k'o i zajmoprimac, vjerovnik k'o i dužnik.
3 Latè va devaste nèt e vin depouye, paske SENYÈ a te pale pawòl sa a.
Opustošena će biti zemlja, opljačkana sasvim, jer je Jahve odlučio.
4 Latè kriye ak doulè e vin fennen nèt. Sila ki egzalte wo sou moun latè yo vin disparèt.
Zemlja tuži, vene, svijet gine, gasne, nebo sa zemljom propada.
5 Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la.
Oskvrnjena je zemlja pod žiteljima svojim, jer prestupiše Zakon, pogaziše odredbu, Savez vječni razvrgoše.
6 Akoz sa, yon malediksyon devore latè a, e sila ki rete ladann yo vin twouve koupab. Konsa, sila ki rete sou latè yo vin brile e se sèl kèk grenn moun ki rete.
Zato prokletstvo proždire zemlju, okajavaju stanovnici njeni. Zato su sažgani žitelji zemljini i malo je ljudi preostalo.
7 Diven nèf la fèb. Chan rezen an gate. Tout kè kontan yo fè gwo plent.
Vino tuguje, loza vene, uzdišu svi što bijahu srca vesela.
8 Kè kontan a tanbouren yo vin rete, bri a moun k ap fete yo vin sispann.
Prestalo je veselje uz bubnje, zamrla je graja razigrana; umukla je glazba citara.
9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo.
Ne pije se više vino uz pjesmu, ogrknu piće silovito.
10 Vil gwo dezòd la vin kraze nèt. Tout kay vin fèmen pou pèsòn pa antre.
Razoren je grad ništavila, zatvoren ulaz svim kućama.
11 Gen gwo kriye nan lari a pou afè diven. Tout kè kontan vire an gwo tristès.
Jauk po ulicama zbog vina, nesta svakog veselja, radost je iz zemlje prognana.
12 Se dezolasyon ki rete nan vil la e pòtay la fin kraze nèt.
Tek pustoš ostade u gradu, u trijeske smrskana su vrata.
13 Paske se konsa l ap ye nan mitan latè a pami pèp yo; tankou lè bwa doliv souke fò, tankou sila ki ranmase apre rekòlt rezen an fin fèt yo.
Jer tako se zbiva na zemlji, među narodima, kao kad se oberu masline il' paljetkuje grožđe nakon berbe.
14 Yo leve vwa yo; yo kriye ak kè kontan. Yo kriye soti nan lwès akoz majeste SENYÈ a.
Oni glas podižu, kliču od radosti; uznose s mora veličajnost Jahvinu.
15 Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo.
I na istoku ime Jahve slave oni, na otocima mora ime Jahve, Boga Izraelova.
16 Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”
S kraja zemlje čujemo pjesme: “Slava Pravedniku!” Ali ja kažem: “Propadoh! Propadoh! Jao meni! Vjerolomci se iznevjeriše, nevjerom se, vjerolomci, iznevjeriše.”
17 Gwo laperèz, twou fòs ak pèlen vin devan nou menm ki rete sou latè.
Strava, jama, zamka tebi, žitelju zemlje:
18 Konsa, li va rive ke sila ki sove ale lè l tande gwo dega a va vin tonbe nan fòs la, e sila ki rale kò l sòti nan fòs la va pran nan pèlen an; paske fenèt anlè yo vin louvri e fondasyon latè yo ap tranble.
tko pred glasom strave uteče u jamu će upasti; tko se iz jame izvuče zamka će ga uhvatit'. Da, otvorit će se ustave u visini i zatresti zemlji temelji.
19 Latè vin dechire. Latè vin fann nèt. Latè souke ak vyolans.
Zemlja će se grozno razbiti, zemlja će se strašno raspući, zemlja će se silno uzdrmati,
20 Latè woule de bò tankou moun ki anba gwòg. Li pyete tankou vye kay pay. Akoz transgresyon li yo peze lou sou li, li va tonbe nèt pou l pa janm leve ankò.
zemlja će zateturati poput pijanca, zanjihat se poput kolibe; toliko će joj otežati bezakonje njeno da će pasti i neće više ustati.
21 Li va rive nan jou sa a ke SENYÈ a va pini lame syèl anwo yo ak wa latè sou latè yo.
I dogodit će se u onaj dan: Jahve će kazniti u visini Vojsku nebesku, a na zemlji sve kraljeve zemaljske;
22 Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini.
bit će sakupljeni i zasužnjeni u jami, zatvoreni u tamnicu i nakon mnogih dana kažnjeni.
23 Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.
Pocrvenjet će mjesec, postidjet se sunce, jer će kraljevati Jahve nad Vojskama na gori Sionu i u Jeruzalemu i Slava će mu sjati pred starješinama.