< Ezayi 23 >

1 Pwofesi konsènan Tyr a. Rele anmwey, O bato a Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre.
論泰爾的默示: 他施的船隻都要哀號; 因為泰爾變為荒場, 甚至沒有房屋,沒有可進之路。 這消息是從基提地得來的。
2 Rete san pale, O moun ki rete nan peyi kot yo; komèsan a Sidon yo k ap travèse lanmè a fin ranplase ou.
沿海的居民, 就是素來靠航海西頓的商家得豐盛的, 你們當靜默無言。
3 Sou anpil dlo sereyal a Nil la, rekòlt a Rivyè a te mwayen lavi li. Se li ki te mache pou nasyon yo.
在大水之上, 西曷的糧食、 尼羅河的莊稼是泰爾的進項; 她作列國的大碼頭。
4 Rete wont, O Sidon; paske lanmè a pale, sitadèl lanmè a, di: “Mwen pa t gen doulè, ni fè pitit; mwen pa t leve jennonm, ni leve vyèj.”
西頓哪,你當慚愧; 因為大海說, 就是海中的保障說: 我沒有劬勞,也沒有生產, 沒有養育男子,也沒有撫養童女。
5 Lè rapò a rive an Égypte, y ap twouble anpil akoz rapò Tyr a.
這風聲傳到埃及; 埃及人為泰爾的風聲極其疼痛。
6 Janbe rive Tarsis! Rele anmwey, O moun peyi kot yo!
泰爾人哪,你們當過到他施去; 沿海的居民哪,你們都當哀號。
7 Èske sa se gwo vil kè kontan nou an, ki te bati soti antikite yo, pye a sila ki te konn pote li jis byen lwen nan vwaj yo?
這是你們歡樂的城, 從上古而有的嗎? 其中的居民往遠方寄居。
8 Kilès ki te fè plan sila a kont Tyr, ki te konn bay tout kouwòn yo, komèsan a sila ki te prens yo, machann a sila ki te gen onè sou tout latè yo?
泰爾本是賜冠冕的。 她的商家是王子; 她的買賣人是世上的尊貴人。 遭遇如此是誰定的呢?
9 SENYÈ dèzame yo te planifye sa, pou souye ògèy a tout bèlte sa a e imilye tout gran sou latè yo.
是萬軍之耶和華所定的! 為要污辱一切高傲的榮耀, 使地上一切的尊貴人被藐視。
10 Debòde peyi ou a tankou Rivyè Nil, O fi a Tarsis; nanpwen anyen ki pou anpeche ou ankò.
他施的民哪, 可以流行你的地,好像尼羅河; 不再有腰帶拘緊你。
11 Li fin lonje men l sou lanmè a, Li te fè wayòm yo tranble. SENYÈ a te pase lòd konsènan Canaan pou detwi tout fò ranfòse yo.
耶和華已經向海伸手, 震動列國。 至於迦南, 他已經吩咐拆毀其中的保障。
12 Li fin di: “Ou p ap leve tèt ou wo ankò, O vyèj kraze Sidon nan! Leve, travèse Chypre; menm la, ou p ap jwenn repo.”
他又說:受欺壓西頓的居民哪, 你必不得再歡樂。 起來!過到基提去; 就是在那裏也不得安歇。 (
13 Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze.
看哪,迦勒底人之地向來沒有這民,這國是亞述人為住曠野的人所立的。現在他們建築戍樓,拆毀泰爾的宮殿,使她成為荒涼。)
14 Rele anmwey, O bato a Tarsis yo, paske sitadèl ranfòse nou yo vin detwi!
他施的船隻都要哀號, 因為你們的保障變為荒場。
15 Alò, nan jou sa a, Tyr va vin bliye pandan swasann-dizan, tankou jou a yon sèl wa. Nan fen swasann-dizan yo, sa va vin rive Tyr tankou nan chanson a fanm pwostitiye a.
到那時,泰爾必被忘記七十年,照着一王的年日。七十年後,泰爾的景況必像妓女所唱的歌:
16 Pran ap ou, mache nan vil la, O fanm pwostitiye ki fin bliye. Rale kòd li yo ak ladrès; chante anpil chan pou yo ka sonje ou.
你這被忘記的妓女啊, 拿琴周流城內, 巧彈多唱,使人再想念你。
17 Li va vin rive nan fen swasann-dizan yo, ke SENYÈ a va vizite Tyr. Apre, li va retounen jwenn salè pwostitiye li yo e li va fè pwostitiye ak tout wayòm sou tout fas latè yo.
七十年後,耶和華必眷顧泰爾,她就仍得利息,與地上的萬國交易。
18 Sa li reyalize ak salè pwostitiye a, li va mete li apa pou SENYÈ a. Li p ap mete li nan depo, ni sere l nan depo, men sa li reyalize a va devni manje ase ak vètman byen chwazi pou sila ki demere nan prezans SENYÈ yo.
她的貨財和利息要歸耶和華為聖,必不積攢存留;因為她的貨財必為住在耶和華面前的人所得,使他們吃飽,穿耐久的衣服。

< Ezayi 23 >