< Ezayi 22 >

1 Pwofesi konsènan vale a vizyon an. Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou twati kay yo?
Men yon mesaj pou Fon Vizyon an: -Sa k'ap pase konsa? Poukisa tout moun nan lavil la ap moute sou teras anwo kay yo pou fè fèt konsa?
2 Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la.
Tout lavil la tèt anba. Toupatou se bri, se banbòch. Moun ki mouri nan mitan nou yo, se pa nan goumen ni nan lagè yo mouri.
3 Tout chèf nou yo te kouri ale ansanm e te kaptire san sèvi ak banza yo. Nou tout ke yo te twouve yo te kaptire ansanm, malgre yo te sove ale rive byen lwen.
Tout chèf lame nou yo vole gadjè. Anvan menm yo te voye yon flèch, yo te gen tan fè yo tout prizonye. Tout moun ki t'ap kouri met deyò yo, yo fè yo tout prizonye tou.
4 Akoz sa, mwen di nou: “Tounen zye nou byen lwen m; kite mwen kriye byen fò, pa eseye rekonfòte m pou destriksyon a fi a pèp mwen an.”
Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!
5 Paske Senyè BONDYE dèzame yo te fè yon jou panik opresyon ak konfizyon nan vale vizyon an, miray ki kraze ak kriye nan mòn lan.
Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pesonn pa konn sa pou yo fè. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou.
6 Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.
Sòlda peyi Elam yo moute sou cha yo ak sou chwal yo. Banza yo ak flèch yo tou pare, y'ap vini. Lame peyi Ki a pran zam pou pare kou yo.
7 Vale pi bèl nou yo te vin plen ak cha e chevalye yo te pran pozisyon yo nan pòtay la.
Cha lagè anvayi tout plenn kote nou gen pi bon venn tè jaden. Sòlda yo kanpe sou chwal yo devan pòtay lavil Jerizalèm.
8 Epi li te retire defans Juda. Nan jou sa a, nou te depann de zam a kay forè yo.
Pa gen anyen ankò pou defann moun peyi Jida yo. Lè sa a, nou kouri al chache zam nan depo zam palè wa a.
9 Nou te wè ke brèch nan miray vil a David yo te anpil; epi nou te fè koleksyon dlo nan etan dlo pi ba a.
Nou te wè te gen anpil kote ki fann nan miray lavil David la. Nou ranmase dlo k'ap soti nan rezèvwa anba a.
10 Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la.
Nou mache konte tout kay ki nan lavil Jerizalèm. Nou kraze de twa ladan yo pou nou fè miray lavil la pi solid.
11 Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.
Nou bati yon rezèvwa nan mitan de miray pou ranmase dlo k'ap soti nan Vye Basen. Men, nou pa janm dòmi reve Bondye, li menm ki te fè lide sa a depi lontan, li menm ki lakòz tout bagay sa yo rive konsa.
12 Akoz sa, nan jou ke Senyè BONDYE dèzame yo te rele nou pou kriye ak gwo plenyen yo, pou pase razwa nan tèt ak mete twal sak yo.
Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.
13 Men olye sa, nou fè gwo fèt ak kè kontan, touye bèf, kòche mouton, manje vyann ak bwè diven: “Kite nou fè fèt; paske demen nou va mouri.”
Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.
14 Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zore m yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo.
Seyè ki gen tout pouvwa a pale nan zòrèy mwen, li di m': Yo p'ap janm padonnen moun sa yo fòt yo fè la a jouk jou yo mouri. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
15 Se konsa, pale Senyè BONDYE dèzame yo: “Vini, ale kote jeran sila a, kote Schebna ki se chèf an tèt anndan kay wa a.
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Ale kay Chebna, chèf ki reskonsab kay wa a. Msye te fè fouye yon kavo sou ti mòn lan pou lè li mouri. W'a di l' pou mwen:
16 ‘Ki dwa ou gen isit la e se kilès ou gen isit la ki fè w fouye yon tonm pou ou menm isit la?’ Ou menm ki fouye yon tonm sou gran wotè a, ki fouye yon plas repo nan wòch la?”
Kisa ou genyen ki pou ou isit la? Ki fanmi ou gen isit la pou ou fè fouye yon kavo pou ou nan flan ti mòn lan?
17 Gade byen, SENYÈ a prèt pou voye ou tèt devan. Li prèt pou sezi ou byen di,
Ou mèt grannèg kont kò ou, Seyè a pral pase men l' pran ou, l'ap voye ou jete byen lwen.
18 epi fè ou woule fè yon bòl pou jete nan yon gwo peyi. La, ou va mouri e la, bèl cha ou yo ap ye; Ou menm ki se wont pou lakay mèt ou a.
L'ap plòtonnen ou, l'ap fè ou tounen yon boul, l'ap voye ou al teri nan yon pi gwo peyi. Se la l'ap voye ou al mouri nan mitan tout cha ki t'ap fè ou fè tout granpanpan sa a. Ou se yon wont pou kay mèt ou a.
19 M ap retire ou nan pozisyon ou e m ap rale ou desann soti nan wo plas ou.
M'ap kase ou nan plas kote ou ye a, m'ap fè ou desann soti kote ou chita a.
20 Konsa, li va rive nan jou sa a ke Mwen va voye rele sèvitè Mwen an, Éliakim, fis a Hilkija a,
Lè sa a, m'a voye chache sèvitè m' lan, Elyakim, pitit gason Ilkija a.
21 Mwen va abiye l ak vètman pa w e tache sentiwon pa w, byen tache sou li. Mwen va fè l konfyans pou l pran otorite pa w la e li va vin yon papa a sila ki rete Jérusalem yo ak lakay Juda a.
M'a pran palto ki sou do ou la, m'a ba li l'. M'a pran senti ki pase nan ren ou lan, m'a mare ren pa l' avè l'. Pouvwa ou te genyen an, m'ap ba li l': l'ap tankou yon papa pou tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida.
22 Konsa, Mwen va mete kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li.
Apre wa a, pitit pitit ki soti nan fanmi David la, se li menm k'ap sèl chèf. M'ap ba li kle pou l' reskonsab kay David la: Lè li louvri, pesonn p'ap ka fèmen. Lè li fèmen, pesonn p'ap ka louvri.
23 Mwen va kondwi li antre tankou yon klou sou yon kote byen solid e li va devni yon twòn glwa pou lakay papa l.
M'ap mete l' chita, l'ap tankou yon zegwi bwa yo fè antre byen fon nan yon poto. Li pral sèvi yon lwanj pou fanmi papa l'.
24 Konsa, yo va kloue sou li tout glwa lakay papa l, desandan ak sila k ap vini yo, tout veso pi piti yo, soti nan bòl, jis rive nan bokal.
Men, tout fanmi l', tout ti fanmi l' yo pral tounen yon chay twò lou pou li. Yo pral pandye nan kou l' tankou gode ak bòl ki pandye nan yon zegwi bwa.
25 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Klou ki kloue nan yon kote solid la, va rache tonbe. Epi chaj ki kenbe sou li a va koupe retire nèt; paske SENYÈ a te pale.”
Lè sa a, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a di: Zegwi yo te fè antre byen fon nan poto a pral rache. L'ap soti, l'ap tonbe atè, epi tout chay ki sou li a pral tonbe tou. Se Seyè a ki di sa.

< Ezayi 22 >