< Ezayi 21 >

1 Pwofesi konsènan dezè lanmè a. Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonnan.
משא מדבר ים כסופות בנגב לחלף ממדבר בא מארץ נוראה
2 Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann.
חזות קשה הגד לי הבוגד בוגד והשודד שודד עלי עילם צורי מדי כל אנחתה השבתי
3 Pou rezon sa a, kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè.
על כן מלאו מתני חלחלה--צירים אחזוני כצירי יולדה נעויתי משמע נבהלתי מראות
4 Panse mwen ap vire tounen. Gwo efryans plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin fè m tranble.
תעה לבבי פלצות בעתתני את נשף חשקי שם לי לחרדה
5 Yo prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo!
ערך השלחן צפה הצפית אכול שתה קומו השרים משחו מגן
6 Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li bay rapò a sa li wè a.
כי כה אמר אלי אדני לך העמד המצפה אשר יראה יגיד
7 Lè l wè sila ki monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.”
וראה רכב צמד פרשים--רכב חמור רכב גמל והקשיב קשב רב קשב
8 Gadyen nan rele kon yon lyon: “O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la!
ויקרא אריה--על מצפה אדני אנכי עמד תמיד יומם ועל משמרתי אנכי נצב כל הלילות
9 Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout imaj a dye li yo kraze atè.”
והנה זה בא רכב איש צמד פרשים ויען ויאמר נפלה נפלה בבל וכל פסילי אלהיה שבר לארץ
10 O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen.
מדשתי ובן גרני אשר שמעתי מאת יהוה צבאות אלהי ישראל--הגדתי לכם
11 Pwofesi konsènan Edom an. Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?”
משא דומה אלי קרא משעיר שמר מה מלילה שמר מה מליל
12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”
אמר שמר אתה בקר וגם לילה אם תבעיון בעיו שבו אתיו
13 Pwofesi konsènan Arabie a. Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo.
משא בערב ביער בערב תלינו ארחות דדנים
14 Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an.
לקראת צמא התיו מים ישבי ארץ תימא בלחמו קדמו נדד
15 Paske yo te sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la.
כי מפני חרבות נדדו מפני חרב נטושה ומפני קשת דרוכה ומפני כבד מלחמה
16 Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a Kédar va fini;
כי כה אמר אדני אלי בעוד שנה כשני שכיר וכלה כל כבוד קדר
17 epi retay sòlda banza yo, mesye pwisan a, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”
ושאר מספר קשת גבורי בני קדר ימעטו כי יהוה אלהי ישראל דבר

< Ezayi 21 >