< Ezayi 20 >
1 Nan ane ke kòmandan Asiryen an te vini Asdod la, lè Sargon, wa Assyrie a, te voye li goumen kont Asdod la pou te pran li,
El año cuando el Tartán vino a Asdod enviado por Sargón, rey de Asiria, la atacó y la conquistó.
2 nan lè ke SENYÈ a te pale pa Ésaïe, fis a Amots la, epi te di: “Ale retire twal sak la sou kwis ou e retire soulye nan pye ou.” Se konsa li te fè, epi li te ale toutouni, epi pye a tè.
En aquel tiempo Yavé habló por medio de Isaías, hijo de Amoz: Vé, despójate de la tela áspera que tienes en la cintura y quita las sandalias de tus pies. Lo hizo así y andaba desnudo y descalzo.
3 Konsa, SENYÈ a te di: “Menm jan tankou sèvitè Mwen an, Ésaïe, te ale toutouni e pye atè pandan twazan kon yon sign nan, e kon yon avètisman kont Égypte ak Éthiopie,
Después Yavé dijo: Así como mi esclavo Isaías anduvo desnudo y descalzo tres años como señal y pronóstico contra Egipto y Etiopía,
4 menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont.
el rey de Asiria conducirá a los cautivos de Egipto y a los desterrados de Etiopía, jóvenes y ancianos, desnudos y descalzos, con las nalgas descubiertas, para vergüenza de Egipto.
5 Epi yo va vin dezole e wont akoz Éthiopie, ki te espwa yo, e anplis ak Égypte, fyète yo a.
Entonces serán atemorizados y avergonzados por causa de Etiopía, su esperanza, y de Egipto, su jactancia.
6 Pou sa, moun ki rete nan peyi bò lanmè sa a, va di nan jou sa a: ‘Gade byen, se konsa espwa nou vin rive! Gade kote nou te kouri ale pou sekou, pou delivre anba men wa a Assyrie a! Epi koulye a, nou menm, se kòman nou va chape?’”
Aquel día el habitante de esta costa dirá: ¡Miren! ¡Esto es lo que sucedió a aquellos en los cuales confiábamos y esperábamos, a los cuales huiríamos en busca de auxilio para que nos libraran del rey de Asiria! [Ahora], ¿cómo escaparemos?