< Ezayi 2 >
1 Pawòl ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.
Viđenje Izaije, sina Amosova, o Judeji i Jeruzalemu:
2 Alò, li va vin rive nan dènye jou yo, ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. Li va leve pi wo pase kolin yo, e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
Dogodit će se na kraju dana: Gora Doma Jahvina bit će postavljena vrh svih gora, uzvišena iznad svih bregova. K njoj će se stjecati svi narodi,
3 Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, lakay Bondye a Jacob la; pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, e pou nou kapab mache nan pa Li yo. Paske lalwa a va sòti fè parèt soti nan Sion, e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
nagrnut će mnoga plemena i reći: “Hajde, uziđimo na Goru Jahvinu, pođimo u Dom Boga Jakovljeva! On će nas naučiti svojim putovima, hodit ćemo stazama njegovim. Jer će iz Siona Zakon doći, iz Jeruzalema riječ Jahvina.”
4 Li va jije pami nasyon yo, e Li va rann desizyon pou anpil pèp. Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e jis pou tout tan, yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
On će biti sudac narodima, mnogim će sudit' plemenima, koji će mačeve prekovati u plugove, a koplja u srpove. Neće više narod dizat' mača protiv naroda nit' se više učit' ratovanju.
5 Vini lakay Jacob; annou mache nan limyè SENYÈ a.
Hajde, dome Jakovljev, u Jahvinoj hodimo svjetlosti!
6 Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob, akoz yo plen ak jan de panse yo ki sòti nan lès; akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
Da, ti si svoj odbacio narod, dom Jakovljev, jer je pun vračeva s istoka i gatara kao Filistejci, bratime se s tuđincima.
7 Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò e pou richès yo, nanpwen fen. Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
Zemlja mu je puna srebra i zlata i blagu mu kraja nema; zemlja mu je puna konja, kolima mu broja nema.
8 Peyi yo anplis plen ak zidòl; yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
Zemlja mu je prepuna kumira i oni se klanjaju pred djelom ruku svojih, pred onim što njihovi načiniše prsti.
9 Pou sa, lòm vin imilye; e limanite vin bese. Konsa, pa padone yo.
Smrtnik će se poviti, čovjek sniziti; ne praštaj im.
10 Antre nan wòch, e kache nan pousyè, kont laperèz SENYÈ a, kont mayifisans ak majeste li.
Uđi među pećine, skrij se u prašinu, pred užasom Jahvinim, pred sjajem veličanstva njegova, kad ustane da potrese zemlju.
11 Ògèy a lòm va vin bese e wotè a lòm va vin imilye. E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
Ohol pogled bit će skršen i bahatost ljudska ponižena. Jahve će se uzvisiti, on jedini - u dan onaj.
12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan; nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
Da, bit će to dan Jahve nad Vojskama, protiv svih oholih i bahatih, protiv sviju što se uzvisiše, da ih obori;
13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo, e ki leve tèt yo wo, kont tout chenn Basan yo.
protiv svih cedrova libanonskih i svih hrastova bašanskih;
14 Kont tout mòn wo yo, kont tout kolin ki leve wo yo,
protiv svih gora uznositih i svih bregova uzdignutih;
15 Kont tout fò wo yo, kont tout miray fòtifye yo,
protiv svake visoke tvrđe i svih tvrdih zidina;
16 Kont tout bato Tarsis yo, kont tout sa ki bèl pou wè yo.
protiv sveg brodovlja taršiškog i svih brodova raskošnih.
17 Ògèy a lòm va vin imilye e wotè a lòm va vin desann. Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
Oholost ljudska skršit će se i bahatost ljudska poniziti. Jahve će se uzvisiti, on jedini - u dan onaj,
18 Men zidòl yo va vin disparèt nèt.
i kumiri će netragom nestati.
19 Tout moun va antre nan kav pami wòch yo, ak nan twou tè a, devan gran laperèz SENYÈ a, ak gwo bagay etonnan de majeste Li, lè Li leve pou fè tè a tranble.
Uđite u rupe među pećinama i u spilje zemaljske pred užasom Jahvinim, pred sjajem veličanstva njegova, kad ustane da potrese zemlju.
20 Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit, zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, ke yo te fè pou yo menm ta adore,
U dan onaj: bacit će svaki svoje srebro i zlatne kumire koje sebi načini da im se klanja,
21 pou yo ka antre nan kav wòch ak twou wòch nan falèz yo, pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, ak gwo bagay etonan a majeste Li a, lè Li leve pou fè latè tranble.
kad uteče u šupljine pećina i u raspukline stijena pred užasom Jahvinim, pred sjajem veličanstva njegova, kad ustane da potrese zemlju.
22 Sispann mete konfyans nan lòm; souf vi li se sèl nan nen l. Kisa li vo?
Čuvajte se, dakle, čovjeka koji ima samo jedan dah u nosnicama: jer što vrijedi?