< Ezayi 19 >

1 Pwofesi konsènan Égypte la. “Gade byen, SENYÈ a monte sou yon nwaj rapid pou L rive Égypte. Zidòl Égypte yo va tranble nan prezans Li; kè Ejipsyen yo va fann anndan yo.
Proroštvo o Egiptu. Gle, Jahve sjedi na brzu oblaku, u Egipat dolazi. Dršću pred njim idoli egipatski, u njedrima premire srce Egipćana.
2 Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm.
Podbost ću Egipćane protiv Egipćana, i brat će se s bratom svojim boriti, drug s drugom, grad s gradom, a kraljevstvo s kraljevstvom.
3 Konsa, lespri a Ejipsyen yo va vin twouble anndan yo, e Mwen va boulvèse tout plan yo. Konsa, yo va vire kote zidòl, fantom a mò yo, sila ki pale ak mò yo ak divinò yo.
Egiptu se pamet muti, ja sprečavam njegove naume; oni traže idole i vrače, opsjenare i gatare.
4 Anplis, Mwen va livre Ejipsyen yo nan men a yon mèt mechan. Yon gran wa pwisan va gouvène sou yo,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.
Egipćane ja predajem u ruke gospodaru okrutnu, kralj silovit njima će vladati - riječ je Jahve nad Vojskama.
5 Dlo lanmè yo va vin sèch e rivyè a va vin sèch san dlo.
Nestat će vode iz mora, presahnut će i presušiti Rijeka,
6 Kanal yo va lage yon movèz odè. Rivyè Égypte yo va vin sèch e san dlo. Wozo ak zèb dlo yo va rete pouri.
zaudarat će prokopi, spast će rukavci Rijeke egipatske i presušiti. Uvenut će trska i sita,
7 Gwo wozo a bò Rivyè Nil la, arebò Nil la ak tout chan ki fin plante akote Nil la va vin sèch, pouse ale, e p ap gen la ankò.
sva zelen pokraj Nila; usahnut će na Nilu svi usjevi, propast će, raspršit' se, iščeznuti.
8 Moun lapèch yo va plenyen; tout sila ki konn voye yon liy nan Nil la va lamante, e sila ki ouvri filè sou dlo yo va santi gwo pèt.
Tužit će ribari, kukat će svi što u Nil udicu bacaju; jadikovat će oni što u vodi mrežu razapinju.
9 Anplis, sila k ap pwodwi twal len nan ki fèt ak len swa ak bòs twal blan yo va tris nèt.
Postidjet će se lanari, grebenari i tkači bijela tkanja.
10 Pilye a Égypte yo va kraze nèt; tout anplwaye yo va afilje nan nanm yo.
Snuždit će se tkalci, rastužiti radnici.
11 Prens a Tsoan yo pa plis ke moun fou. Konseye a pi saj Farawon yo vin bèt nèt. Kòman nou menm, mesye, nou ka di Farawon: “Mwen se fis a moun saj yo, fis a wa ansyen yo”?
Pravi su luđaci knezovi soanski, mudri savjetnici faraonovi glupo svjetuju; kako se usuđujete reći faraonu: “Učenik sam mudraca, učenik drevnih kraljeva?”
12 Eh byen, kote moun saj ou yo? Souple, kite yo pale ak ou, e kite yo konprann sa ke SENYÈ dèzame yo te planifye pou fè kont Égypte.
TÓa gdje su tvoji mudraci? Nek' ti dojave i obznane što je Jahve nad Vojskama nakanio s Egiptom.
13 Prens a Tsoan yo te aji nan foli. Prens a Noph yo te byen tronpe. Sila ki ta ang prensipal a pèp li a fin mennen Égypte nan wout egare.
Ludi su knezovi taniški, prevareni knezovi memfiški, oni zavode Egipat, glavare njegovih plemena.
14 SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li.
U njih je ulio Jahve duh vrtoglavi te zavode Egipat u svakom mu činu da tetura k'o pijanac kada bljuje.
15 P ap gen travay pou Égypte; ni pou tèt li, ni pou ke li, branch palmis li, oswa sa ke wozo li yo ka fè.
U Egiptu više ne može uspjeti ništa od onog što čine glava i rep, palma i sita.
16 Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo.
U onaj će dan Egipćani postati kao žene, drhtat će i strepiti od zamaha ruke Jahve nad Vojskama kojom će zamahnuti na njih.
17 Peyi Juda va devni yon gwo laperèz pou Égypte. Tout moun ki tande non li va gen gwo lakrent li akoz volonte a SENYÈ dèzame yo, ki poze kont yo.
Zemlja će Judina biti na užas Egiptu; kad god je se sjeti, strah će ga obuzeti zbog onoga što je Jahve nad Vojskama protiv njega naumio.
18 Nan jou sa a, senk gwo vil peyi Égypte yo va pale langaj a Kanaraneyen yo, e yo va sèmante alyans ak SENYÈ dèzame yo. Youn nan yo va rele Vil Destriksyon an.
U onaj će se dan u zemlji egipatskoj pet gradova što govore kanaanskim jezikom zakleti Jahvi nad Vojskama; jedan će se od njih zvati Ir Hahres.
19 Nan jou sa a, va gen yon lotèl a SENYÈ a nan mitan peyi Égypte la, e yon pilye a SENYÈ a toupre fwontyè li a.
U onaj će dan biti žrtvenik Jahvin usred zemlje egipatske i stup posvećen Jahvi blizu granice njegove.
20 Li va vin fè yon sign ak yon temwen a SENYÈ dèzame yo nan peyi Égypte; paske yo va kriye a SENYÈ a akoz sila k ap oprime moun yo, e Li va voye ba yo yon sovè, yon defansè e Li va delivre yo.
To će Jahvi nad Vojskama biti znak i svjedočanstvo u egipatskoj zemlji. Kad zazovu Jahvu protiv tlačitelja, on će im poslati spasitelja i vođu da ih izbavi.
21 Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li.
I objavit će se Jahve Egipćanima, i u onaj će dan Egipćani spoznati Jahvu; služit će mu žrtvama i prinosima, zavjetovat će se i izvršavati zavjete.
22 SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.
Jahve će teško udariti Egipćane, ali će ih iscijeliti; obratit će se oni Jahvi i on će ih uslišiti i iscijeliti.
23 Nan jou sa a, va gen yon gran chemen soti an Égypte pou rive Assyrie. Asiryen yo va antre an Égypte, e Ejipsyen yo an Assyrie. Ejipsyen ak Asiryen yo va adore ansanm.
U onaj će dan ići cesta od Egipta do Asirije. Asirci će dolaziti u Egipat, a Egipćani u Asiriju. Egipat i Asirija služit će Jahvi.
24 Nan jou sa a, Israël va fè yon twazyèm nan, ansanm ak Égypte ak Assyrie, yon gran benediksyon nan mitan mond lan.
U onaj će dan Izrael, treći s Egiptom i Asirijom, biti blagoslovljen usred zemlje.
25 Paske SENYÈ dèzame yo ap beni yo e di: “Beni se Égypte, pèp Mwen an e Assyrie, zèv men Mwen an, ak Israël, eritaj Mwen an.”
Jahve nad Vojskama blagoslovit će ga: “Nek' je blagoslovljen”, reći će, “moj narod egipatski, djelo mojih ruku Asirija i baština moja Izrael.”

< Ezayi 19 >