< Ezayi 18 >
1 Elas! O peyi a zèl k ap fè gwo bri krikèt volan yo, ki rete lòtbò rivyè a Ethiopie yo.
Woe to the land of whirring wings, along the rivers of Cush,
2 Nou voye reprezantan yo bò lanmè a, menm sou veso fèt ak fèy papiris ki kouri sou sifas dlo. Ale, mesaje rapid yo, vè yon nasyon wo e swa, vè yon pèp ke tout moun pè, ni sa ki pre ni sa ki lwen, vè yon nasyon pwisan ki oprime tout moun, peyi ke rivyè yo divize a!
which sends couriers by sea, in papyrus vessels on the waters. Go, swift messengers, to a people tall and smooth-skinned, to a people widely feared, to a powerful nation of strange speech, whose land is divided by rivers.
3 Nou tout, abitan mond lan ak sila ki rete sou latè yo, depi drapo a leve sou mòn yo, nou va wè l, e depi twonpèt la sone, n ap tande l.
All you people of the world and dwellers of the earth, when a banner is raised on the mountains, you will see it; when a ram’s horn sounds, you will hear it.
4 Paske se konsa SENYÈ a te pale mwen: “Mwen va gade soti nan kote ke M rete byen kalm la. Mwen va tankou gwo chalè nan plen solèy, tankou yon nwaj lawouze nan chalè rekòlt la.”
For this is what the LORD has told me: “I will quietly look on from My dwelling place, like shimmering heat in the sunshine, like a cloud of dew in the heat of harvest.”
5 Paske avan rekòlt la, la menm boujon yo ak flè a devni rezen ki mi; alò, Li va koupe retire nan bwa rezen ak yon sèpèt. Li va koupe retire branch k ap gaye yo.
For before the harvest, when the blossom is gone and the flower becomes a ripening grape, He will cut off the shoots with a pruning knife and remove and discard the branches.
6 Yo va lese atè ansanm pou zwazo mòn ki manje chè yo; pou bèt latè yo. Zwazo ki manje chè yo va pase tout gran sezon an nan manje yo, e tout bèt latè yo va manje yo nan sezon livè.
They will all be left to the mountain birds of prey, and to the beasts of the land. The birds will feed on them in summer, and all the wild animals in winter.
7 Nan lè sa a, yon kado omaj ki sòti nan yon pèp wo e swa va pote bay SENYÈ dèzame yo. Li va soti menm nan yon pèp ki inspire lakrent a sila ki pre, ak sila ki lwen yo; yon nasyon pwisan ki fè kalkil, ki oprime tout moun, yon peyi ke rivyè yo divize a. L ap rive nan plas ki pote non SENYÈ dèzame yo, menm Mòn Sion an.
At that time gifts will be brought to the LORD of Hosts— from a people tall and smooth-skinned, from a people widely feared, from a powerful nation of strange speech, whose land is divided by rivers— to Mount Zion, the place of the Name of the LORD of Hosts.