< Ezayi 17 >

1 Pwofesi sou Damas. “Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon gwo pil mazi.
Brzemię Damaszku. Oto Damaszek przestanie być miastem, a stanie się kupą rumu.
2 Vil Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè.
Miasta Aroer opuszczone będą; dla trzód będą, które tam odpoczywać będą, a nie będzie, ktoby je straszył.
3 Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
I ustanie obrona od Efraima, i królestwo od Damaszku, i od ostatka Syryjczyków, i jako sława synów Izraelskich zniszczeją, mówi Pan zastępów.
4 Alò, nan jou sa a, glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri.
I stanie się dnia onego, że umniejszona będzie sława Jakóbowa, a tłustość ciała jego schudnie.
5 Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo.
Albowiem Azur będzie jako ten, który w żniwa zboże zbiera, a ramię jego żnie kłosy; i będzie jako ten, co zbiera kłosy w dolinie Refaim.
6 Sepandan, kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la.
Wszakże zostaną na nim pominione grona, jako na otrzęśnionej oliwie dwie albo trzy oliwiki zostaną na wierzchu drzewa, a cztery albo pięć na rodzajnych gałęziach jego, mówi Pan, Bóg Izraelski.
7 Nan jou sa a, lòm va gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la.
Dnia onego obejrzy się człowiek na stworzyciela swego, a oczy jego na Świętego Izraelskiego poglądać będą;
8 Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo.
A nie obejrzy się na ołtarze, sprawę rąk swoich, ani na to, co uczyniły palce jego, patrzyć będzie, ani na gaje poświęcone, ani na obrazy słoneczne.
9 Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole.
Dnia onego miasta mocy jego będą opuszczone, jako chrościnka i rószczka, które opuszczone będą od synów Izraelskich, i będziesz ziemią spustoszoną.
10 Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo.
Boś zapomniała na Boga zbawienia swego, i na skałę mocy twojej nie wspominałaś. Przetoż choć szczepy rozkoszne szczepisz, i latorośli winne obce sadzisz;
11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.
Czasu szczepienia twego szczepy aby rosły, opatrujesz; nawet tegoż poranku, co siejesz, aby się puściło, starasz się: wszakże w dzień pożytku gromadno boleść i rozpacz żąć będziesz.
12 Sepandan, gwo zen a anpil nasyon ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan!
Biada zgrai ludu wielkiego, którzy huczą jako szum morski, i zgiełkowi narodów, które szumią jako szum wód gwałtownych;
13 Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.
Narodom, które szumią jako szum wód wielkich; bo je Pan sfuka, i uciekną daleko, i gonione będą od wiatru jako plewy po wierzchach gór, a jako wiecheć od wichru.
14 Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.
Bo czasu wieczornego nastąpi trwoga, a niż poranek przyjdzie, alić go niemasz. Tenci jest dział tych, którzy nas pustoszą, i los tych, którzy nas plundrują.

< Ezayi 17 >