< Ezayi 16 >

1 Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an.
emitte agnum dominatorem terrae de Petra deserti ad montem filiae Sion
2 Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an.
et erit sicut avis fugiens et pulli de nido avolantes sic erunt filiae Moab in transcensu Arnon
3 “Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a!
ini consilium coge concilium pone quasi noctem umbram tuam in meridie absconde fugientes et vagos ne prodas
4 Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a.
habitabunt apud te profugi mei Moab esto latibulum eorum a facie vastatoris finitus est enim pulvis consummatus est miser defecit qui conculcabat terram
5 Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.
et praeparabitur in misericordia solium et sedebit super eum in veritate in tabernaculo David iudicans et quaerens iudicium et velociter reddens quod iustum est
6 Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.
audivimus superbiam Moab superbus est valde superbia eius et arrogantia eius et indignatio eius plus quam fortitudo eius
7 Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo.
idcirco ululabit Moab ad Moab universus ululabit his qui laetantur super muro cocti lateris loquimini plagas suas
8 Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a.
quoniam suburbana Esebon deserta sunt et vinea Sabama domini gentium exciderunt flagella eius usque ad Iazer pervenerunt erraverunt in deserto propagines eius relictae sunt transierunt mare
9 Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè.
super hoc plorabo in fletu Iazer vineam Sabama inebriabo te lacrima mea Esebon et Eleale quoniam super vindemiam tuam et super messem tuam vox calcantium inruit
10 Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann.
et auferetur laetitia et exultatio de Carmelo et in vineis non exultabit neque iubilabit vinum in torculari non calcabit qui calcare consueverat vocem calcantium abstuli
11 Pou sa, kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth.
super hoc venter meus ad Moab quasi cithara sonabit et viscera mea ad murum cocti lateris
12 Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.
et erit cum apparuerit quod laboravit Moab super excelsis suis ingredietur ad sancta sua ut obsecret et non valebit
13 Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab.
hoc verbum quod locutus est Dominus ad Moab ex tunc
14 Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”
et nunc locutus est Dominus dicens in tribus annis quasi anni mercennarii auferetur gloria Moab super omni populo multo et relinquetur parvus et modicus nequaquam multus

< Ezayi 16 >