< Ezayi 15 >

1 Pwofesi konsènan Moab la. Anverite nan yon sèl nwit, Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sè nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt.
משא מואב כי בליל שדד ער מואב נדמה כי בליל שדד קיר מואב נדמה׃
2 Yo fin monte nan tanp lan ak Dibon, menm kote wo plas yo pou kriye. Moab rele anmwey sou Nebo ak Médeba. Razwa fin pase sou tèt tout moun e tout bab fin koupe.
עלה הבית ודיבן הבמות לבכי על נבו ועל מידבא מואב ייליל בכל ראשיו קרחה כל זקן גרועה׃
3 Nan lari yo, yo fin abiye ak twal sak. Sou twati lakay yo e sou gwo plas yo, tout moun ap rele anmwey e vin fann nèt akoz dlo ki sòti nan zye yo.
בחוצתיו חגרו שק על גגותיה וברחבתיה כלה ייליל ירד בבכי׃
4 Anplis, Hesbon ak Élealé rele anmwey; vwa yo konn tande jis rive Jahats. Akoz sa, tout mesye ak zam yo kriye fò; nanm yo tranble anndan.
ותזעק חשבון ואלעלה עד יהץ נשמע קולם על כן חלצי מואב יריעו נפשו ירעה לו׃
5 Kè m kriye fò pou Moab! Prens li yo sove ale rive jis Tsoar yo, jis Églath-Schelischija yo. Yo monte pant Luchith la pandan y ap kriye nèt; anverite, menm sou wout pou rive Choronaïm nan, y ap leve yon kri anmwey pou destriksyon yo.
לבי למואב יזעק בריחה עד צער עגלת שלשיה כי מעלה הלוחית בבכי יעלה בו כי דרך חורנים זעקת שבר יעערו׃
6 Paske dlo a Nimrin yo abandone. Anverite, zèb la fennen nèt; menm boujon gazon mouri. Pa gen anyen ki vèt.
כי מי נמרים משמות יהיו כי יבש חציר כלה דשא ירק לא היה׃
7 Pou sa, gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan.
על כן יתרה עשה ופקדתם על נחל הערבים ישאום׃
8 Paske kri anmwey la fin kouri ale antoure peyi Moab la. Plenyen li an rive jis Egalïm, e lamantasyon li an jis Beer-Élim.
כי הקיפה הזעקה את גבול מואב עד אגלים יללתה ובאר אילים יללתה׃
9 Paske dlo a Dimon yo plen ak san. Anverite Mwen va ogmante mizè sou Dimon, ak yon lyon sou sila yo k ap sove ale Moab, menm ankò sou retay yo nan peyi a.
כי מי דימון מלאו דם כי אשית על דימון נוספות לפליטת מואב אריה ולשארית אדמה׃

< Ezayi 15 >