< Ezayi 11 >
1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
Then a shoot will spring up from the stump of Jesse, and a Branch from his roots will bear fruit.
2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li, lespri a sajès ak bon konprann, lespri a konsèy ak pwisans lan, lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
The Spirit of the LORD will rest on Him— the Spirit of wisdom and understanding, the Spirit of counsel and strength, the Spirit of knowledge and fear of the LORD.
3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. Li p ap jije selon sa ke zye l wè, ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande;
And He will delight in the fear of the LORD. He will not judge by what His eyes see, and He will not decide by what His ears hear,
4 men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.
but with righteousness He will judge the poor, and with equity He will decide for the lowly of the earth. He will strike the earth with the rod of His mouth and slay the wicked with the breath of His lips.
5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.
Righteousness will be the belt around His hips, and faithfulness the sash around His waist.
6 Lou a va demere ak jèn mouton an, leyopa va kouche ak jèn kabrit la, jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a; epi yon tigason va mennen yo.
The wolf will live with the lamb, and the leopard will lie down with the goat; the calf and young lion and fatling will be together, and a little child will lead them.
7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la; pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.
The cow will graze with the bear, their young will lie down together, and the lion will eat straw like the ox.
8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a, e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.
The infant will play by the cobra’s den, and the toddler will reach into the viper’s nest.
9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an, paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè a.
They will neither harm nor destroy on all My holy mountain, for the earth will be full of the knowledge of the LORD as the sea is full of water.
10 Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.
On that day the Root of Jesse will stand as a banner for the peoples. The nations will seek Him, and His place of rest will be glorious.
11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.
On that day the Lord will extend His hand a second time to recover the remnant of His people from Assyria, from Egypt, from Pathros, from Cush, from Elam, from Shinar, from Hamath, and from the islands of the sea.
12 Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.
He will raise a banner for the nations and gather the exiles of Israel; He will collect the scattered of Judah from the four corners of the earth.
13 Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm.
Then the jealousy of Ephraim will depart, and the adversaries of Judah will be cut off. Ephraim will no longer envy Judah, nor will Judah harass Ephraim.
14 Yo va desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.
They will swoop down on the slopes of the Philistines to the west; together they will plunder the sons of the east. They will lay their hands on Edom and Moab, and the Ammonites will be subject to them.
15 Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk.
The LORD will devote to destruction the gulf of the Sea of Egypt; with a scorching wind He will sweep His hand over the Euphrates. He will split it into seven streams for men to cross with dry sandals.
16 Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.
There will be a highway for the remnant of His people who remain from Assyria, as there was for Israel when they came up from the land of Egypt.