< Oze 1 >

1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.
Herrens Ord, som kom til Hoseas, Beeris Søn, i de Dage, da Ussias, Jotham, Akas, Ezekias vare Konger i Juda, og i de Dage, da Jeroboam, Joas's Søn, var Konge i Israel.
2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”
Der Herren begyndte at tale ved Hoseas, da sagde Herren til Hoseas: Gak hen, tag dig en Horkvinde og Horebørn, thi Hor bedriver Landet ved at vende sig bort fra Herren.
3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.
Og han gik og tog Gomer, Diblajims Datter, og hun undfangede og fødte ham en Søn.
4 Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.
Og Herren sagde til ham: Kald hans Navn Jisreel; thi endnu en lille Stund, saa vil jeg hjemsøge Jisreels Blodskyld over Jehus Hus og gøre Ende paa Israels Hus's Rige.
5 Nan jou sa a, Mwen va kraze banza Israël la nan vale Jizreel la.”
Og det skal ske paa denne Dag, da vil jeg sønderbryde Israels Bue i Jisreels Dal.
6 Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo.
Og hun undfangede atter og fødte en Datter; og han sagde til ham: Kald hendes Navn Lo-Rukama; thi jeg vil ikke ydermere forbarme mig over Israels Hus, saa at jeg skulde tilgive dem.
7 Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”
Dog vil jeg forbarme mig over Judas Hus og frelse dem ved Herren deres Gud; men jeg vil ikke frelse dem ved Bue eller ved Sværd eller ved Krig, ved Heste eller ved Ryttere.
8 Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.
Og hun afvante Lo-Rukama, og hun undfangede og fødte en Søn.
9 Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.”
Og han sagde: Kald hans Navn Lo-Ammi; thi I ere ikke mit Folk, og jeg vil ikke være eders.
10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’
Dog skal Israels Børns Tal blive som Havets Sand, der ikke kan maales og ikke tælles; og det skal ske, at paa det Sted, hvor der siges til dem: I ere ikke mit Folk, der skal der siges til dem: Den levende Guds Børn.
11 Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.
Og Judas Børn og Israels Børn skulle samles til Hobe og sætte sig eet Overhoved og drage op af Landet; thi stor er Jisreels Dag.

< Oze 1 >