< Oze 8 >

1 Mete twonpèt la sou lèv ou yo! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
ラッパをなんぢの口にあてよ敵は鷲のごとくヱホバの家にのぞめりこの民わが契約をやぶりわが律法を犯ししによる
2 Yo va rele a Mwen menm: ‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
かれら我にむかひてわが神よわれらイスラエルはなんぢを知れりと叫ばん
3 Israël te rejte sa ki bon; lènmi an va kouri dèyè l.
イスラエルは善をいみきらへり敵これを追ん
4 Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
かれら王をたてたり然れども我により立しにあらずかれら牧伯をたてたり然れども我がしらざるところなり彼らまたその金銀をもて己がために偶像をつくれりその造れるは毀ちすてられんが爲にせしにことならず
5 Kite Samarie jete jenn bèf li deyò! Kòlè Mwen ap brile kont yo! Pou konbyen de tan yo va rete san kapasite pou pirifye?
サマリヤよなんぢの犢は忌きらふべきものなりわが怒かれらにむかひて燃ゆかれら何れの時にか罪なきにいたらん
6 Paske, sa sòti menm an Israël! Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye. Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.
この犢はイスラエルより出づ匠人のつくれる者にして神にあらずサマリヤの犢はくだけて粉とならん
7 Paske yo simen van, e yo rekòlte toubiyon.
かれらは風をまきて狂風をかりとらん種ところは生長る穀物なくその穂はみのらざるべしたとひ實るとも他邦人これを呑ん
8 Israël vin vale nèt. Koulye a, se pami nasyon yo ye; tankou yon veso ki pa bay plezi a okenn moun.
イスラエルは旣に呑れたり彼等いま列國の中において悦ばれざる器のごとく視做るるなり
9 Paske yo te monte Assyrie, kon yon bourik mawon pou kont li. Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
彼らは獨ゐし野の驢馬のごとくアッスリヤにゆけりエフライムは物を餽りて戀人を得たり
10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo, se koulye a, Mwen va ranmase yo. Yo kòmanse vin febli akoz presyon a wa de sa yo ak pwisans.
かれら列國の民に物を餽りたりと雖も今われ彼等をつどへ集む彼らは諸侯伯の王に負せらるる重擔のために衰へ始めん
11 Akoz Éphraïm te miltipliye lotèl pou fè peche yo, Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
エフライムは多くの祭壇を造りて罪を犯すこの祭壇はかれらが罪に陷る階とはなれり
12 Malgre sa Mwen te ekri pou li règleman san fen de Lalwa Mwen yo, men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
我かれらのために律法をしるして數件の箇條を示したれど彼らは反て之を異物とおもへり
13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo, yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. Konsa, Li va sonje inikite yo, e pini peche yo. Yo va retounen an Egypte.
かれらは我に献ふべき物を献ふれども只肉をそなへて己みづから之を食ふヱホバは之を納たまはず今かれらの愆を記え彼らの罪を罰したまはん彼らはエジプトに歸るべし
14 Paske Israël te bliye Kreyatè li. Li te bati palè yo. Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; men Mwen va voye dife sou vil li yo, e konsa, li va devore gwo palè li yo.
イスラエルは己が造主を忘れてもろもろの社廟を建てユダは塀をとりまはせる邑を多く増し加へたり然どわれ火をその邑々におくりて諸の城を燒亡さん

< Oze 8 >