< Oze 7 >
1 Lè M ta geri blesi Israël, inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, ak mechanste a Samarie a tou; paske yo aji nan manti. Vòlè a antre, bandi yo atake pa deyò.
Кад лечим Израиља, тада се показује безакоње Јефремово и злоћа самаријска; јер чине лаж, и лупеж улази, и напољу удара чета.
2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen Sonje tout mechanste yo. Alò, zak yo ap antoure yo; yo devan figi Mwen.
И не говоре у срцу свом да ја памтим свако безакоње њихово; сада стоје око њих дела њихова, преда мном су.
3 Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan, epi prens yo, ak manti yo.
Неваљалством својим веселе цара и лажима својим кнезове.
4 Yo tout se adiltè; yo tankou yon fou la ke bos boulanje sispann chofe, depi nan lè l ap petri Pat farin nan, jis rive lè pan an fin leve.
Сви чине прељубу; као пећ су коју ужари хлебар, који престане стражити кад замеси тесто па докле ускисне.
5 Nan jou a wa nou an, prens yo te fè tèt yo malad ak chalè diven an. Li te lonje men li ak mokè yo.
На дан цара нашег разболеше се кнезови од меха вина, и он пружи руку своју подсмевачима.
6 Paske kè yo vin tankou yon fou pandan y ap kouche tan moun. Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit. Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
Јер на заседе своје управљају срце своје, које је као пећ; хлебар њихов спава целу ноћ, ујутру гори као пламен огњени.
7 Yo tout cho tankou yon fou. Yo manje jij yo. Tout wa yo fin tonbe. Nanpwen youn pami yo ki rele M.
Сви су као пећ угрејани и прождиру своје судије; сви цареви њихови падају, ниједан између њих не виче к мени.
8 Éphraïm mele li menm ak nasyon yo. Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
Јефрем се помешао с народима; Јефрем је погача непреврнута.
9 Etranje yo devore fòs li, men li pa wè sa a. Anplis, cheve blanch yo la sou li, men li pa konnen.
Иностранци једу му силу, а он не зна; седе косе попадају га, а он не зна.
10 Malgre sa ògèy Israël la fè temwaye kont li, men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a. Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
И поноситост Израиљева сведочи му у очи, али се не враћају ка Господу Богу свом нити Га траже уза све то.
11 Konsa, Éphraïm te vin tankou yon toutrèl egare, san bon sans. Yo rele vè Egypte. Yo ale Assyrie.
И Јефрем је као голуб, луд, безуман; зову Мисир, иду у Асирску.
12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo. Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo. Mwen va bay yo chatiman, jan kongregasyon yo a te tande a.
Кад отиду, разапећу на њих мрежу своју, као птице небеске свући ћу их, караћу их како је казивано у збору њиховом.
13 Malè a yo menm! Paske yo te gaye kite Mwen! Destriksyon pou yo menm, paske yo te fè rebèl kont Mwen! Mwen ta rachte yo, men yo fè manti kont Mwen.
Тешко њима, јер зађоше од мене; погибао ће им бити, јер ме изневерише; ја их искупих, а они говорише на ме лаж.
14 Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.
Нити ме призиваше из срца свог, него ридаше на одрима својим; жита и вина ради скупљајући се одступају од мене.
15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò, malgre sa, yo fè konplo pou mal kont Mwen.
Кад их карах, укрепих им мишице; али они мислише зло на ме.
16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a. Yo tankou yon banza k ap twonpe moun. Prens yo va tonbe devan nepe akoz ensolans a lang yo. Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.
Враћају се, али не ка Вишњем, посташе као лук лажљив; кнезови ће њихови попадати од мача с обести језика свог; то ће им бити подсмех у земљи мисирској.