< Oze 5 >
1 Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.
眾祭司啊,要聽我的話! 以色列家啊,要留心聽! 王家啊,要側耳而聽! 審判要臨到你們, 因你們在米斯巴如網羅, 在他泊山如鋪張的網。
2 Rebèl yo desann fon nan fè masak; men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
這些悖逆的人肆行殺戮, 罪孽極深; 我卻斥責他們眾人。
3 Mwen konnen Éphraïm e Israël pa kache devan M; paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye. Israël te souye tèt li.
以法蓮為我所知; 以色列不能向我隱藏。 以法蓮哪,現在你行淫了, 以色列被玷污了。
4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo. Yo pa konnen SENYÈ a.
他們所行的使他們不能歸向上帝; 因有淫心在他們裏面, 他們也不認識耶和華。
5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. Anplis, Juda va tonbe avèk yo.
以色列的驕傲當面見證自己。 故此,以色列和以法蓮必因自己的罪孽跌倒; 猶大也必與他們一同跌倒。
6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo pou y al chache SENYÈ a, men yo p ap jwenn Li. Li te retire tèt Li kite yo.
他們必牽着牛羊去尋求耶和華,卻尋不見; 他已經轉去離開他們。
7 Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.
他們向耶和華行事詭詐,生了私子。 到了月朔,他們與他們的地業必被吞滅。
8 “Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a. Sone alam Beth-Aven nan: Dèyè ou, Benjamin!
你們當在基比亞吹角, 在拉瑪吹號, 在伯‧亞文吹出大聲,說: 便雅憫哪,有仇敵在你後頭!
9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la; Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.
在責罰的日子,以法蓮必變為荒場; 我在以色列支派中,指示將來必成的事。
10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki deplase Bòn yo; Sou yo, Mwen va vide tout chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
猶大的首領如同挪移地界的人, 我必將忿怒倒在他們身上,如水一般。
11 Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
以法蓮因樂從人的命令, 就受欺壓,被審判壓碎。
12 Akoz sa, mwen vin tankou yon papiyon twal pou Éphraïm e tankou pouriti pou lakay Juda.
我使以法蓮如蟲蛀之物, 使猶大家如朽爛之木。
13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.
以法蓮見自己有病, 猶大見自己有傷, 他們就打發人往亞述去見耶雷布王, 他卻不能醫治你們, 不能治好你們的傷。
14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.
我必向以法蓮如獅子, 向猶大家如少壯獅子。 我必撕裂而去, 我要奪去,無人搭救。
15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen, jiskaske yo vin rekonèt koupabilite yo, pou chache fas Mwen. Nan soufrans yo, y ap vin chache Mwen ak tout kè.”
我要回到原處, 等他們自覺有罪,尋求我面; 他們在急難的時候必切切尋求我。