< Oze 12 >
1 Éphraïm manje sou van, e kouri dèyè van lès la. Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. Anplis, li fè yon akò ak Assyrie e lwil vin pote an Égypte.
Ефрем пасет ветер и гоняется за восточным ветром, каждый день умножает ложь и разорение; заключают они союз с Ассуром, и в Египет отвозится елей.
2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda e Li va pini Jacob selon chemen li yo. Li va rekonpanse li selon zak li yo.
Но и с Иудою у Господа суд, и Он посетит Иакова по путям его, воздаст ему по делам его.
3 Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon; epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.
Еще во чреве матери запинал он брата своего, а возмужав, боролся с Богом.
4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l; li te kriye e li te chache favè li. Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
Он боролся с Ангелом - и превозмог; плакал и умолял Его; в Вефиле Он нашел нас и там говорил с нами.
5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo, SENYÈ a se non Li!
А Господь есть Бог Саваоф; Сущий - имя Его.
6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a, Swiv ladousè ak lajistis, e tann Bondye ou a tout tan.
Обратись и ты к Богу твоему; наблюдай милость и суд и уповай на Бога твоего всегда.
7 Men yon machann, ak fo balans lan nan men l. Li renmen twonpe moun.
Хананеянин с неверными весами в руке любит обижать;
8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri okenn inikite, ki ta peche.”
и Ефрем говорит: “однако я разбогател; накопил себе имущества, хотя во всех моих трудах не найдут ничего незаконного, что было бы грехом”.
9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou, depi nan peyi Égypte la, va fè ou viv nan tant ankò, tankou nan jou fèt deziye yo.
А Я, Господь Бог твой от самой земли Египетской, опять поселю тебя в кущах, как во дни праздника.
10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo e mwen te miltipliye vizyon yo; epi selon ministè pwofèt yo, mwen te sèvi parabòl.
Я говорил к пророкам, и умножал видения, и чрез пророков употреблял притчи.
11 Èske gen inikite nan Galaad? Anverite, yo tout san valè. Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo; wi lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
Если Галаад сделался Авеном, то они стали суетны, в Галгалах заклали в жертву тельцов, и жертвенники их стояли как груды камней на межах поля.
12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram, Israël te travay pou resevwa yon madanm. Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
Убежал Иаков на поля Сирийские, и служил Израиль за жену, и за жену стерег овец.
13 Epi pa yon pwofèt, SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte. Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
Чрез пророка вывел Господь Израиля из Египта, и чрез пророка Он охранял его.
14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè. Akoz sa, Senyè li va kite san li koule sou li, e fè repwòch li tounen sou li.
Сильно раздражил Ефрем Господа, и за то кровь его оставит на нем, и поношение его обратит Господь на него.