< Oze 10 >
1 Israël se yon pye rezen byen fètil; li pwodwi fwi pou pwòp tèt li. Selon kantite fwi li te genyen, li te miltipliye lotèl li yo. Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre.
Ізра́їль — буйни́й виноград, що родить подібне собі. Та за многістю пло́ду свого він намно́жує же́ртівники, за добрістю кра́ю свого́ бовва́нські стовпи́ прикраша́є.
2 Kè yo vin divize. Koulye a, yo gen pou pote pwòp koupabilite yo. SENYÈ a va kraze lotèl yo. Li va detwi pilye sakre yo.
Облу́дне їхнє серце, тому винні тепер вони бу́дуть, Він їхні же́ртівники пони́щить поруйнує стовпи́ їхні.
3 Anverite, koulye a yo va di: “Nou pa gen wa, paske nou pa krent SENYÈ a. Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?”
Бо тепер вони кажуть: Нема в нас царя, бо ми не боялися Господа, а цар що́ нам зробить?
4 Se sèlman pawòl ke yo pale, ak fo sèman pou fè akò. Donk jijman yo pete leve tankou zèb k ap anpwazone nan tras chan yo.
Говорять порожні слова́, кляну́ться фальши́во, коли́ заповіта склада́ють, і на грядка́х польови́х цвіте їхнє правосу́ддя, немов той поли́н.
5 Pèp Samarie yo va gen lakrent akoz jenn bèf Beth-Aven nan. Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li, pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.
За телят Бет-Авену бояться мешка́нці Самарії, бо в жало́бі опини́вся через нього наро́д його, а жерці́ будуть плакати над ним, за славу його, що пішла на вигна́ння від нього.
6 Sa va pote ale osi an Assyrie pou fè omaj a Wa Jareb. Éphraïm va resevwa lawont, e Israël va vin wont de pwòp konsèy li.
Запрова́джений буде і він в Асирі́ю царе́ві великому в дар. Прийме сором Єфрем, і посоро́млений буде Ізраїль за раду свою.
7 Pou Samarie, wa li a va vin peri tankou ti bout bwa Ki parèt sou fas dlo.
Самарі́я загине; її цар — немов трі́ска ота́ на пове́рхні води!
8 Anplis, wo plas Aven yo, peche Israël la, va vin detwi. Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”
І поруйно́вані бу́дуть висо́ти Авена, Ізраїлів гріх, терни́на й будя́ччя зросте на їхніх же́ртівниках, і до гір вони скажуть: „Накрийте ви нас!“а до взгі́р'їв: „На нас упаді́ть!“
9 O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche. Se la yo te kanpe! Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea.
Від днів Ґів'ї́ грішив ти, Ізраїлю! Там вони полишились були́, — чи ж їх не дося́гне в Ґів'ї́ війна проти синів беззако́нних?
10 Lè se volonte Mwen, Mwen va bay yo chatiman. Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yo lè yo mare nèt nan koupabilite doub yo.
За жада́нням Своїм покараю Я їх, і зберуться наро́ди на них, і пока́рані будуть вони за подві́йні провини свої.
11 Éphraïm se yon gazèl bèf byen antrene ki renmen foule grenn nan, men Mwen va pase jouk la sou bèl kou li a. Mwen va mete yon kavalye sou Éphraïm. Juda va raboure. Jacob va repase pou kraze bol tè a.
А Єфрем — це привче́на телиця, що звикла вона молоти́ти, Сам ярмо́ накладу́ на її товсту шию, запряжу́ Я Єфрема, Юда буде орати, Яків буде собі скороди́ти.
12 Simen a nou menm anvè ladwati, rekòlte selon ladousè. Fann tè ki poze ou a; se lè pou chache SENYÈ a jis lè Li vin vide ladwati sou nou.
Сійте собі на справедливість, за ми́лістю жніть, орі́те собі перелі́г, бо час наверну́тись до Господа, ще поки Він при́йде і правду лине́ вам доще́м.
13 Nou te raboure mechanste; nou te rekòlte lenjistis. Nou te manje fwi manti a, akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, nan fòs kantite gèrye pisan nou yo.
Ви беззако́ння ора́ли, — пожа́ли ви кривду, плід брехні спожива́ли, бо наді́явся ти на дорогу свою́, на многість лица́рства свого́.
14 Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an e tout fòterès nou yo va detwi, tankou Schalman te detwi Beth-Arbel nan jou batay la, lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo.
І станеться шум по наро́дах твоїх, і всі твердині твої поруйно́вані бу́дуть, як Шалма́н зруйнував Вет-Арбе́л в час війни, — була мати з синами убита.
15 Konsa li va ye pou nou menm nan Bétel akoz gwo Mechanste nou yo. Bonè nan maten, wa Israël la va vin detwi nèt.
Отак вам учинить Бет-Ел за зло вашого зла, — конче згине Ізраїлів цар на світа́нку!