< Ebre 1 >
1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
multifariam et multis modis olim Deus loquens patribus in prophetis
2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. (aiōn )
novissime diebus istis locutus est nobis in Filio quem constituit heredem universorum per quem fecit et saecula (aiōn )
3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.
qui cum sit splendor gloriae et figura substantiae eius portansque omnia verbo virtutis suae purgationem peccatorum faciens sedit ad dexteram Maiestatis in excelsis
4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
tanto melior angelis effectus quanto differentius prae illis nomen hereditavit
5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: “Ou se Fis Mwen. Jodi a Mwen fè Ou”? E ankò: “Mwen va yon Papa pou Li e Li va yon Fis pou Mwen,”
cui enim dixit aliquando angelorum Filius meus es tu ego hodie genui te et rursum ego ero illi in Patrem et ipse erit mihi in Filium
6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”
et cum iterum introducit primogenitum in orbem terrae dicit et adorent eum omnes angeli Dei
7 A zanj yo Li di: “Li fè zanj Li yo tounen van, e sèvitè Li yo yon flanm dife”
et ad angelos quidem dicit qui facit angelos suos spiritus et ministros suos flammam ignis
8 Men a Fis la, Li di: “Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou Tout tan e pou tout tan. E otorite san patipri a se otorite wayòm Li an. (aiōn )
ad Filium autem thronus tuus Deus in saeculum saeculi et virga aequitatis virga regni tui (aiōn )
9 Ou renmen ladwati e ou rayi linikite; konsa, Bondye, Bondye pa w la te onksyone ou avèk lwil lajwa a pi plis ke parèy Ou yo.”
dilexisti iustitiam et odisti iniquitatem propterea unxit te Deus Deus tuus oleo exultationis prae participibus tuis
10 Epi, “Ou menm, Senyè, nan kòmansman an te poze fondasyon tè a. Syèl yo se zèv lamen Ou.
et tu in principio Domine terram fundasti et opera manuum tuarum sunt caeli
11 Yo va peri, men Ou va reste toujou. Yo tout va vin vye tankou vètman.
ipsi peribunt tu autem permanebis et omnes ut vestimentum veterescent
12 Epi tankou yon manto, Ou va woule yo, fè woulo nèt. Tankou vètman, yo va vin chanje, men Ou rete menm jan an. Lane pa Ou yo p ap fini.”
et velut amictum involves eos et mutabuntur tu autem idem es et anni tui non deficient
13 Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: “Chita sou men dwat Mwen, jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin yon ti ban pou pye Ou”?
ad quem autem angelorum dixit aliquando sede a dextris meis quoadusque ponam inimicos tuos scabillum pedum tuorum
14 Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?
nonne omnes sunt administratorii spiritus in ministerium missi propter eos qui hereditatem capient salutis