< Ebre 7 >
1 Paske Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li,
Hessi malke-xedeqey saleme kawone Xoossa qesseko; Izika Abiramey kawota oli xoonidi simmishin demmidi Abirame anjjides.
2 a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè.
Abirameykabess diza wurisofe tammu kushepe issi kushe izas immides. Koyro iza sunthas birshechi “Xiillo kawo” guusako. Kaallidi qasse “Saleme kawo” guusi “sarotetha kawo” guusuko.
3 San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.
Izas Ayaka Aawayka woykko iza yeletethas zarikeyka baawa. Izi ayde yeletidi, ayde hayqidakone eretibynna. Izas doomethine wurisethi baawa. Gido attin Xoossa na mala medhinas izi qesse gididi dess.
4 Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a.
Ane inte izi aymala gitakone qopite. Haray attoshin Aawatas wurisos koyroy Abiramey ba di7i ekkidayssa wurisofe tammafe issa kessi immides.
5 Konsa, sila vrèman de fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.
Isttas qessetethi immetida Lewe nayti istta ishati Abirame zerethata gidikkoka derape hessika ba ishatape tammafe issa ekkana mala isttas wogan azazetides.
6 Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila ki te gen tout pwomès yo.
Hayssa ha addeza zerethi Lewe zereth gidena. Gido attin izi Abiramepe tammafe issa ekkides. Kase izas ufayssa qaalay immetida Abirame anjjides.
7 Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.
Bayray kaallo anjjizayss wogako.
8 Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo de sila ke yo temwaye ke li viv toujou.
Issi baggara tammafe issa ekkizayti hayqizaytako. Hara baggara qasse tammafe issa ekkizadey hayqontta paxa diza mala izas marikatidadey malke-xedeqeko.
9 Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo,
Haray attoshin Leweyka Abirame baggara tammafe issa kessides gaanas danda7etes.
10 paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a.
Gaasoyka malke-xedeqey Abirame gaagiza wode Lewey buro ba Aawa Abiramepe yeletibeyna.
11 Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?
Paacey baynda poloy bettidayne wogay derezas immetiday Lewe qesetetha mala gididako Aaroone mala gidontta Malke-xedeqe shuumetetha malay hara qessey yaanas aazas koshidee?
12 Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou.
Qessetetha zarikey laametiza wode wogayka laamistanasi attontta miisheko.
13 Paske sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.
Hessi wurikka izas yootetida qessey izi hara zerethiko. Iza zereththafe ooinka yarshoson oothi erizadey baawa.
14 Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo.
Ne Goday Yuda baggafe yidayssi tumoko. Musey qessista gishshi yootishe ha zeretha gishshi yootidayssi issi mishshika baawa.
15 Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek,
Malke-xedeqe malay hara qessey dendiko nu kase yootida yoy daro qoncce gidena.
16 ki pa t devni konsa sou baz a yon lwa lachè, men selon pouvwa a yon lavi ki pa t kab peri.
Izi qesse gididay dhayontta deyo wolqan attin zereththafe yida wogafe gidena.
17 Paske li temwaye de Li: “Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.” (aiōn )
Izas hizgi markatides “Ne Malke-xedeqe shuumetetha mala medhinas qesseko” (aiōn )
18 Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an akoz de feblès ak initilite li.
Kase azazoy laafane go7ontayssa gidida gishshi attides.
19 (Paske Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye.
Wogay oonaka geeshanas danda7ontta gishshi nu Xoossa achchi shiiqanas izape adhdhiza hara ufayssi nuusu yides.
20 E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman,
Hessika caaqoy baynda hanbeyna. Hanko Qesse gididayti caaqoy bayndaytako.
21 paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: “Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li; ‘Ou se yon prèt pou tout tan’.” Selon modèl a Melchisédek la.” (aiōn )
Izi gidiko qessetetha caaqon ekkides. Gaasoyka Xoossi iza gishshi hizigides “Goday caaqides, ba qofa izi laamena, (Ne medhinas qesse.”) (aiōn )
22 Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin garanti a yon pi bon akò.
Hessa mala caaqope dendidayssan Yesusay hessafe adhdhiza caaqo qaalas waase giddies.
23 Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo,
Kase qesseti ba oothon sinthe gujjontta mala hayqoy istta digida gishshi qooday isttas darooko.
24 men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan. (aiōn )
Yesusay gidiko medhinas dizade gidida gishshi iza qessetethi shaaretontta qessetethiko. (aiōn )
25 Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou entèsede pou yo.
Hessa gishshi izi istta gigissana cimatishe wuriso wode hayqontta paxa eqqi diza gishshi iza baggara Xoossako yizayta wursi ashanas danda7es.
26 Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo;
Hessa gishshi nuusi koshshsiza qeessista halaqay hessa mala geeshine wothoy iza bolla baynda xiillone nagaranchatape shaaketidi salotape bollara bonchetida qessata halaqako.
27 ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.
Izi hanko qessata halaqata mala koyro ba nagara gishshi qasseka kaalethidi hanko dereza nagara gishshi gallas gallas yarsho shiishanas iza koshshena. Izi bena aathi immida wode asa nagara gishshi issi too sinththa baggassara yarsho wu wursi polides.
28 Paske Lalwa nonmen moun ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te fèt pafè pou tout tan. (aiōn )
Wogay daburancha asata qessatas waana halaqa hisiti shuumes. Wogape kaallidi yida caaqo qaalay gidiko medhinas iza bolla wothoy baynda naaza shuumides. (aiōn )