< Ebre 5 >
1 Paske tout wo prèt ki pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo.
For every high priest taken from among the people is appointed to represent the people in matters related to God, to offer gifts and sacrifices for sins.
2 Konsa, wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès.
He is able to deal gently with those who are ignorant and going astray, since he himself is subject to weakness.
3 Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou.
That is why he is obligated to offer sacrifices for his own sins, as well as for the sins of the people.
4 Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a.
No one takes this honor for himself, but receives it when he is called by God, just as Aaron was.
5 Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li: “Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;
In the same way, Christ did not glorify himself in becoming a high priest, but was appointed by the one who said to him, “Yoʋ are my Son; today I have begotten yoʋ.”
6 Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj: “Ou se yon prèt pou tou tan selon modèl Melchisédek la.” (aiōn )
And in another passage he says, “Yoʋ are a priest forever according to the order of Melchizedek.” (aiōn )
7 Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.
In the days of his flesh, Jesus offered up prayers and supplications, with loud cries and tears, to the one who was able to save him from death, and he was heard because of his reverence.
8 Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo.
Even though he was the Son, he learned obedience from what he suffered.
9 Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, (aiōnios )
And having been made perfect, he became the source of eternal salvation to all who obey him (aiōnios )
10 nonmen pa Bondye kòm wo prèt nan modèl a Melchisédek la.
and was designated by God as a high priest according to the order of Melchizedek.
11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande.
On this topic we have much to say, and it is hard to explain, since you have become sluggish in hearing.
12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
For though you ought to be teachers by this time, you need someone to teach you again the basic principles of the oracles of God. You need milk, not solid food.
13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou.
Anyone who lives on milk is unacquainted with the teaching about righteousness, for he is an infant.
14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
But solid food is for the mature, whose faculties have been trained by practice to distinguish between good and evil.