< Ebre 3 >
1 Konsa, frè sen yo, patisipan a yon apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a.
Wherefore, holy brethren, partakers of the heavenly calling, consider the apostle and high priest of our confession, Christ Jesus,
2 Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a.
who is faithful to him that appointed him, as Moses also was faithful in all his house.
3 Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm.
For this man is counted worthy of more glory than Moses, inasmuch as he who has builded the house, has more honor than the house.
4 Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye.
For every house is builded by some one; but he that built all things is God.
5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo;
And Moses indeed was faithful in all his house as a servant, to bear testimony to those things which were to be spoken afterward;
6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
but Christ, as a Son over his own house; whose house we are, if we hold the confidence and the joy of our hope firm to the end.
7 Konsa, jan Lespri Sen an di a: “Jodi a, si nou tande vwa Li,
Wherefore, as the Holy Spirit says: To-day, if you will hear his voice,
8 pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a, pandan jou tribilasyon yo nan dezè a,
harden not your hearts, as in the bitter provocation, in the day of trial in the wilderness,
9 kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo pandan karant ane.
where your fathers tried me, proved me, and saw my works forty years.
10 Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a, e M te di: ‘Yo toujou vin egare nan kè yo; e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.
Where fore, I was angry with that generation, and said, They do always err in their heart, and they have not known my ways:
11 Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, ‘Yo p ap antre nan repo Mwen’.
so that I swore in my anger, They shall not enter into my rest.
12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an.
Take heed, brethren, lest there be in any of you an evil heart of unbelief in apostatizing from the living God.
13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.
But exhort one another daily, while it is called To-day, lest any of you be hardened by the deceitfulness of sin.
14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;
For we are partakers of the Christ, if we hold our begun confidence firm to the end;
15 Pandan ke li di: “Jodi a si nou tande vwal L, pa andisi kè nou, jan lè yo te fè nan rebelyon an.”
while it is said, To-day, if you will hear his voice, harden not your hearts, as in the bitter provocation.
16 Paske kilès ki te fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?
For some, when they had heard, did bitterly provoke; yet, not all that came out of Egypt by Moses.
17 Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?
But with whom was he angry forty years? Was it not with those who sinned, whose carcasses fell in the wilderness?
18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?
But to whom did he swear that they should not enter into his rest, but to those who believed not?
19 Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz enkwayans yo.
And so we see that they could not enter in because of unbelief.