< Ebre 2 >

1 Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.
Therefore we ought to pay greater attention to the things that were heard, so that we will not drift away.
2 Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis,
For if the word spoken through angels proved steadfast, and every transgression and disobedience received a just recompense;
3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo.
how will we escape if we neglect so great a salvation—which at the first having been spoken through the Lord, was confirmed to us by those who heard;
4 Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.
God also testifying with them, both by signs and wonders, by various works of power, and by gifts of the Holy Spirit, according to his own will?
5 Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou monn k ap vini an, sou sa n ap pale a,
For he did not subject the world to come, of which we speak, to angels.
6 men youn te temwaye yon kote, pou di: “Kisa lòm ye, pou ou sonje li? Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?
But one has somewhere testified, saying, "What is man, that you think of him? Or the son of man, that you care for him?
7 Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi piti pase zanj yo. Ou kouwone li avèk glwa ak lonè. Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;
You made him a little lower than the angels. You crowned him with glory and honor.
8 e Ou mete tout bagay anba pye li.” Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.
You have put all things under his feet." For in that he put all things under him, he left nothing that is not under him. But now we do not yet see that all things are under him.
9 Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
But we see him who has been made a little lower than the angels, Jesus, because of the suffering of death crowned with glory and honor, that by the grace of God he should taste of death for everyone.
10 Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
For it became him, for whom are all things, and through whom are all things, in bringing many sons to glory, to make the author of their salvation perfect through sufferings.
11 Paske Sila ki fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè.
For both he who sanctifies and those who are sanctified are all from one, for which cause he is not ashamed to call them brothers,
12 Li di: “Mwen va pwokame non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.
saying, "I will declare your name to my brothers. In the midst of the assembly I will praise you."
13 Epi ankò: “Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.” E ankò: “Gade, Mwen menm avèk pitit ke Bondye te ban Mwen yo.”
And again, "I will put my trust in him." And again, "Look, here I am, and the children God has given me."
14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la;
Since then the children have shared in flesh and blood, he also himself in like manner partook of the same, that through death he might bring to nothing him who had the power of death, that is, the devil,
15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
and might deliver all of them who through fear of death were all their lifetime subject to bondage.
16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
For, truly, he did not come to help the angels, but to help the offspring of Abraham.
17 Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo.
Therefore he was obligated in all things to be made like his brothers, that he might become a merciful and faithful high priest in things pertaining to God, to make atonement for the sins of the people.
18 Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.
For in that he himself has suffered being tempted, he is able to help those who are tempted.

< Ebre 2 >