< Ebre 13 >
1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.
Let brotherly love continue.
2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
Do not forget to show hospitality to strangers, for in doing so, some have entertained angels without knowing it.
3 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
Remember those who are in bonds, as bound with them; and those who are ill-treated, since you are also in the body.
4 Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
Let marriage be held in honor among all, and let the bed be undefiled: for God will judge the sexually immoral and adulterers.
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
Be free from the love of money, content with such things as you have, for he has said, "I will never leave you or forsake you."
6 pou nou di avèk konfyans: “Senyè a se soutyen mwen. Mwen p ap pè. Sa lòm ka fè m?”
So we can confidently say, "The Lord is my helper; I will not fear. What can humans do to me?"
7 Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.
Remember your leaders, who spoke to you the word of God, and considering the results of their conduct, imitate their faith.
8 Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan. (aiōn )
Yeshua Meshikha is the same yesterday, today, and forever. (aiōn )
9 Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.
Do not be carried away by all kinds of strange teachings, for it is good that the heart be established by grace, not by food, through which those who were so occupied were not benefited.
10 Nou gen yon lotèl kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje.
We have an altar from which those who serve the holy tabernacle have no right to eat.
11 Paske kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an.
For the bodies of those animals, whose blood is brought into the holy place by the high priest as an offering for sin, are burned outside of the camp.
12 Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la.
Therefore Yeshua also, that he might sanctify the people through his own blood, suffered outside of the gate.
13 Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.
Let us therefore go out to him outside of the camp, bearing the abuse he bore.
14 Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.
For we do not have here an enduring city, but we seek that which is to come.
15 Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
Through him, then, let us offer up a sacrifice of praise to God continually, that is, the fruit of lips that confess his name.
16 Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
But do not forget to be doing good and sharing, for with such sacrifices God is well pleased.
17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.
Obey your leaders and submit to them, for they watch on behalf of your souls, as those who will give account, that they may do this with joy, and not with groaning, for that would be unprofitable for you.
18 Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay.
Pray for us, for we are persuaded that we have a good conscience, desiring to live honorably in all things.
19 Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
I strongly urge you to do this, that I may be restored to you sooner.
20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, (aiōnios )
Now may the God of peace, who brought again from the dead the great Shepherd of the sheep with the blood of an everlasting covenant, our Lord Yeshua, (aiōnios )
21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen. (aiōn )
make you complete in every good thing to do his will, working in us that which is well pleasing in his sight, through Yeshua Meshikha, to whom be the glory forever. Amen. (aiōn )
22 Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman.
But I exhort you, brothers, endure the word of exhortation, for I have written to you in few words.
23 Byen aprann ke frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit.
Know that our brother Timothy has been freed, with whom, if he comes shortly, I will see you.
24 Salye tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou.
Greet all of your leaders and all the saints. Those from Italy send you greetings.
25 Ke lagras rete avèk nou tout.
Grace be with you all.