< Ebre 12 >

1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,
正因如此,既然我们身边有这么多人证明了他们对上帝的信任,让我们摆脱一切阻碍我们的东西,让我们摆脱诱惑的罪恶,让我们继续在眼前的道路上奔跑。
2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
我们应该继续仰望耶稣,他开始并完成了我们对上帝之信。因着他面前的喜乐,耶稣不顾耻辱背负十字架,最终坐在上帝宝座的右边。
3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
这位忍受罪人那样顶撞的耶稣,你们要仔细思想,免得疲倦灰心。
4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.
你们与罪恶斗争,还没有对抗到流血的地步;
5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a, ni vin febli lè nou korije pa Li;
你们可曾忘记上帝好像劝自己孩子的话,说:“我的孩子!不可轻看主的管教,受责备的时候也不要灰心;
6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo, e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
因为主只管教爱的人,会惩罚他的每一个儿子。”
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin?
受到上帝的管教时要有耐心,因为他把你当作他的孩子。哪个孩子没有经历过父亲的管教?
8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
作儿子的都受过管教。如果你们没有受管教,就是私生子,不是儿子了。
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv?
因为如果我们尊重管教我们的人间父亲,不是更应该接受那引领至生命的灵之父管教吗?
10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
他们按自己认为合适的方式管教我们一段时间,但上帝这样做是为了我们的利益,让我们可以分享他的圣洁品格。
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
被管教时,所有的纪律似乎都就很痛苦,而不值得高兴。但后来,这些管教让那些经历之人产生平安,这样他们就可以做善事和正确的事。
12 Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo,
所以,把下垂的手和发软的膝盖挺直起来;
13 epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
要把你们的道路修直,让瘸子不会扭脚,而是得到复原。
14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.
你们要竭力寻求与众人和睦,并且要竭力追求圣洁。如果没有圣洁,谁也不能见主。
15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.
你们要小心,免得有人失去了上帝的恩典;免得苦之因长起来缠绕你们,污染众人;
16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje.
确保没有人像以扫那样淫乱或不信教,为了一顿饭卖掉了与生俱来的权利。
17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
你们记得,后来以扫想要承受祝福,却被拒绝了;他虽然带着眼泪寻求,还是无法改变他所做的。
18 Paske nou pa t vin kote yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt
你们还未来到那座可以触摸的、实在的山。那里有烈火、密云、幽暗、暴风、
19 ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò.
号筒的响声和说话的声音;那些听见这声音的人,都请求上帝不要再向他们多说话;
20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.”
因为他们承受不起那命令:“即使走兽挨近这山,也要用石头把它打死。”
21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: “Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
当时显出的景象是那么可怕,连摩西都说:“我非常恐惧战兢。”
22 Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,
但你们却来到锡安山和永恒上帝的城,就是天上的耶路撒冷;在那里有千万的天使聚集,
23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo,
你来到了名字登记在天堂的长子教会,来到了审判所有人的上帝面前,以及那些有着完整生命的良善之人面前。
24 epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.
你已经来到建立新约定关系的中间人耶稣面前,还有他所洒的血。这血的意义比亚伯的血更大。
25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.
不要拒绝那说话之人。如果他们因在人间拒绝上帝而无法逃走,可以肯定的是,如果我们背离从天上警告我们的神,我们也逃不掉!
26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
当时上帝的声音震动了大地;现在他承诺说:“我要再一次震动地,还要震动天。”
27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete.
“再一次”表明那些被震动的一切,就会向被造之物一样被清除,让那些不被震动的一切可以留存,
28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.
因此,我们既然获得了不能震动的国,就应该感恩,按照让上帝喜悦的方式,用虔诚敬畏的心事奉他;
29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.
因为我们的上帝就是毁灭的烈火。

< Ebre 12 >