< Ebre 10 >

1 Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo.
Thi da Loven kun har en Skygge af de kommende Goder og ikke Tingenes Skikkelse selv, kan den aldrig ved de samme aarlige Ofre, som de bestandig frembære, fuldkomme dem, som træde frem dermed.
2 Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap vin sanse pechè ankò?
Vilde man ikke ellers have ophørt at frembære dem, fordi de ofrende ikke mere havde nogen Bevidsthed om Synder, naar de een Gang vare rensede?
3 Men nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane.
Men ved Ofrene sker Aar for Aar Ihukommelse af Synder.
4 Paske se enposib pou san towo ak kabrit efase peche.
Thi det er umuligt, at Blod af Tyre og Bukke kan borttage Synder.
5 Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di: “Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire, men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
Derfor siger han, idet han indtræder i Verden: “Slagtoffer og Madoffer havde du ikke Lyst til; men et Legeme beredte du mig;
6 Nan tout ofrann ki brile ak sakrifis pou peche, Ou pa t pran plezi.
Brændofre og Syndofre havde du ikke Behag i.
7 Answit, Mwen te di: ‘Gade, Mwen gen tan vini (nan woulo liv la li ekri de Mwen) “pou fè volonte Ou, o Bondye.’”
Da sagde jeg: Se, jeg er kommen (i Bogrullen er der skrevet om mig) for at gøre, Gud! din Villie.”
8 Lè L te fin di tout sa a: “Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
Medens han først siger: “Slagtofre og Madofre og Brændofre og Syndofre havde du ikke Lyst til og ej heller Behag i” (og disse frembæres dog efter Loven),
9 Answit, Li te di: “Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.” Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan.
saa har han derefter sagt: “Se, jeg er kommen for at gøre din Villie.” Han ophæver det første for at fastsætte det andet.
10 Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
Og ved denne Villie ere vi helligede ved Ofringen af Jesu Kristi Legeme een Gang for alle.
11 Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki pa janm kapab efase peche yo.
Og hver Præst staar daglig og tjener og ofrer mange Gange de samme Ofre, som dog aldrig kunne borttage Synder.
12 Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li te vin chita sou men dwat a Bondye,
Men denne har efter at have ofret eet Offer for Synderne sat sig for bestandig ved Guds højre Haand,
13 pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li.
idet han forøvrigt venter paa, at hans Fjender skulle lægges som en Skammel for hans Fødder.
14 Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
Thi med et eneste Offer har han for bestandig fuldkommet dem, som helliges.
15 Epi Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:
Men ogsaa den Helligaand giver os Vidnesbyrd; thi efter at have sagt:
16 “Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo apre jou sa yo, di Senyè a; Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo, e nan panse yo, Mwen va ekri yo.” Li di answit:
“Dette er den Pagt, som jeg vil oprette med dem efter de Dage,” siger Herren: “Jeg vil give mine Love i deres Hjerter, og jeg vil indskrive dem i deres Sind,
17 “Epi peche ak inikite yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
og deres Synder og deres Overtrædelser vil jeg ikke mere ihukomme.”
18 Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
Men hvor der er Forladelse for disse, er der ikke mere Offer for Synd.
19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a
Efterdi vi da, Brødre! have Frimodighed til den Indgang i Helligdommen ved Jesu Blod,
20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li,
som han indviede os som en ny og levende Vej igennem Forhænget, det er hans Kød,
21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a,
og efterdi vi have en stor Præst over Guds Hus:
22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.
Saa lader os træde frem med et sandt Hjerte, i Troens fulde Forvisning, med Hjerterne ved Bestænkelsen rensede fra en ond Samvittighed, og Legemet tvættet med rent Vand;
23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
lader os fastholde Haabets Bekendelse urokket; thi trofast er han, som gav Forjættelsen;
24 Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv.
og lader os give Agt paa hverandre, saa vi opflamme hverandre til Kærlighed og gode Gerninger
25 Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
og ikke forlade vor egen Forsamling, som nogle have for Skik, men formane hverandre, og det saa meget mere, som I se, at Dagen nærmer sig.
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò,
Thi synde vi med Villie, efter at have modtaget Sandhedens Erkendelse, er der intet Offer mere tilbage for Synder,
27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
men en frygtelig Forventelse af Dom og en brændende Nidkærhed, som skal fortære de genstridige.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen.
Naar en har brudt med Mose Lov, dør han uden Barmhjertighed paa to eller tre Vidners Udsagn;
29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
hvor meget værre Straf mene I da, at den skal agtes værd, som træder Guds Søn under Fod og agter Pagtens Blod, hvormed han blev helliget, for urent og forhaaner Naadens Aand?
30 Paske nou konnen Sila ki te di a: “Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: “Senyè a va jije pèp Li a.”
Thi vi kende den, som har sagt: “Mig hører Hævnen til, jeg vil betale, siger Herren;” og fremdeles: “Herren skal dømme sit Folk.”
31 Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.
Det er frygteligt at falde i den levende Guds Hænder.
32 Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans
Men kommer de forrige Dage i Hu, i hvilke I, efter at I vare blevne oplyste, udholdt megen Kamp i Lidelser,
33 nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo.
idet I dels selv ved Forhaanelser og Trængsler bleve et Skuespil, dels gjorde fælles Sag med dem, som fristede saadanne Kaar.
34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
Thi baade havde I Medlidenhed med de fangne, og I fandt eder med Glæde i, at man røvede, hvad I ejede, vidende, at I selv have en bedre og blivende Ejendom.
35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.
Kaster altsaa ikke eders Frimodighed bort, hvilken jo har stor Belønning;
36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
thi I have Udholdenhed nødig, for at I, naar I have gjort Guds Villie, kunne opnaa Forjættelsen.
37 “Paske nan yon tan ki kout, Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.
Thi “der er endnu kun en saare liden Stund, saa kommer han, der skal komme, og han vil ikke tøve.
38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
Men min retfærdige skal leve af Tro; og dersom han unddrager sig, har min Sjæl ikke Behag i ham.”
39 Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.
Men vi ere ikke af dem, som unddrage sig, til Fortabelse, men af dem, som tro, til Sjælens Frelse.

< Ebre 10 >